Koulè Vèt
VENTNEVYÈM
DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
JOUNEN MONDYAL MISYONÈ.
PREMYE
MOSO LABIB
“Lè
Moyiz leve men l’, Izrayèl ranpòte laviktwa”.
NAN LIV EKZÒD 17, 8-13
Jou sa yo:
Amalèk rive, li batay kont Izrayèl nan Refidim.
Moyiz di Jozye: “Chwazi vanyan gason, sòti, al batay kont Amalèk; demen
m’ap kanpe sou tèt ti mòn nan, m’ap kenbe baton Bondye a nan men m’”. Jozye fè
jan Moyiz te di a, li batay kont Amalèk; Moyiz menm avèk Aawon epi Our monte
sou tèt ti mòn nan.
Lè Moyiz leve men l’, Izrayèl ranpòte laviktwa; otreman lè ofi-amezi men
l’ap febli, Amalèk ap pran pye sou yo. Men Moyiz te vin lou; yo pran wòch, yo mete
anba l’, li chita sou li; Aawon menm avèk Our soutni men l’ chak kote. Konsa men
l’ pa febli jous solèy kouche. Jozye blije Amalèk sove kò l’ ak pèp li a nan
bout epe a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
120, 1-2. 3-4.5-6. 7-8
R/
Sekou nou o non Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.
M’ap leve je m’ nan mòn yo: kote sekou m’ ap vini?
Sekou m’ap vin sot nan Granmèt la, ki fè syèl la ak tè
a.R.
Li p’ap kite pye ou bite, li p’ap dòmi li menm k’ap veye
sou ou a. Gade, li p’ap dòmi, li p’ap fèmen je l’, li menm k’ap veye sou Izrayèl
la.R.
Granmèt la ap veye sou ou, Granmèt la se lonbraj ou,
li sou bò men dwat ou.Lajounen solèy p’ap frappe ou, ni lalin pandan nannuit.R.
Granmèt la ap veye sou ou kont tout malè; Granmèt la
ap veye sou nanm ou.Granmèt la ap veye sou antre ou ak sòti ou, depi koulye a
jous pou tout tan.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Moun Bondye a dwe
kòrèk, pou l’ pare pou tout bon aksyon”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 3, 14-4, 2
Ou menm mwen renmen anpil la:
Rete nan sa ou te aprann, nan sa ou te kwè yo; ou konnen nan men ki moun
ou te aprann yo; depi ou tou piti ou konnen labib, li kapab ba ou lansèyman pou
delivrans la, gras a lafwa nan Jezikri a. Tout labib se Lespri Bondye a ki fè
yo ekri l’; li sèvi pou bay lansèyman, pou bay prèv, pou korije, pou bay lenstriksyon
nan jistis la, pou moun Bondye a kapab vin kòrèk nèt, pou l’ pare pou tout
kalite bon aksyon.
Mwen mande ou devan Bondye ak Jezikri, k’ap vin jjje vivan yo ak mò yo,
poutèt li gen pou l’ vini an, poutèt l’ap kòmande kòm wa a: preche pawòl la,
pèsiste vle pa vle, bay prèv, plede mande, menase, avèk pasyans nèt ale antan
ou anvi anseye.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Bondye ap
tire vanjans pou moun li chwazi yo k’ap rele kote l’ yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18,1-8
Lè sa a:
Jezi t’ap di disip li yo yon parabòl pou l’ montre pou yo lapriyè tout
tan, san febli, li di: “Te gen yon jij nan yon vil, li pa t’ pè Bondye, li pa t’
respekte moun.
Te gen yon vèv nan lavil sa a ki te konn kote l’, ap
di: “Rann mwen jistis kont lènmi m’ nan”. Li pa t’ konn vle pandan lontan.
Aprè sa, li di nan kè l’: “Menm si mwen pa pè Bondye,
menm si mwen pa respekte moun, sèlman paske vèv sa a ap kase tèt mwen an, m’ap
rann li jistis, pou l’ pa vin anbete m’ ankò”.
Granmèt la di: “Nou tande sa move jij la di. Èske Bondye
p’ap fè jistis pou moun li chwazi yo k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit,
èske l’ap fè yo tann?
Mwen di nou l’ap rann yo jistis byen vit. Sèlman lè
Pitit moun nan ap vini, èske nou kwè l’ap jwenn lafwa sou tè a?”
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a se jounen
mondyal misyon. Jezi voye nou toupatou pou n’ pale pawòl la. Nan jounen jodi a,
Legliz envite nou dekouvri epi viv twa aspè enpòtan pou misyon nou kapab pote
fwi : Lapriyè, Sakrifis, ofrann. Ti pwovèb la di : « bay piti pa
vle di chich ». Piti koulye nou ka kolabore pou rèy Bondye tabli sou fas
tè a. Sa mande nou sakrifis, sa vle di, bay Bondye tan pa l’ la, pa bliye pou n’anonse
pawòl la. Sa mande nou pou nou lapriyè san rete, san febli. Menm jan ak madanm
nan levanjil la, se pou nou lapriyè san dekouraje. Si nou dekouraje nan lapriyè
nou p’ap ka frape kè moun di yo, kè sila ki pa respekte Bondye e ki pa respekte
pè pap yo. Se nan lapriyè n’a jwen jistis nou.
Bondye ap bay pèp li a viktwa
sou fòs mal yo, sou move lawon, move zèb ki nan sosyete nou an jodi a. Yon sèl
bagay se pou nou kore sou Bondye, se pou nou pa dekouraje lapriyè tankou pèp
misyonè, pèp peleren, pèp imigran, pèp k’ap chèche lavi, pèp k’ap chèche Bondye.
Se
nou Bondye tout fòs nou ye, se li menm sèl ki kab ba nou laviktwa. Frè m’, sè m’
yo, monte mòn, mòn lapriyè, kote nou rankontre ak Bondye a. E lè desann n’ap
jwenn laviktwa ; pèp nou ap delivre, pwoblèm nou yo ap jwenn solisyon. Se
pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, koute pèp ou k’ap plenyen nan pye
w’ ; afè l’ pa bon, li gen anpil pwoblèm, li sibi anpil enjistis, men l’
konte sou ou ; nou sèten w’ap tande, w’ap ba li laviktwa. Nou mande w’ sa
a pa pouvwa Jezi Granmèt nou an. Amèn
PWOPOZISYON : Lapriyè Bondye
pou kè lòt la chanje, mande Bondye pou l’ fè nou jistis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario