Páginas

LENDI 21

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Sa ekri pou nou menm tou, Granmèt la ap rann nou jistis paske nou kwè nan li”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO           4,20-25
Frè m’ yo:
Nan pwomès Bondye a, Abraam pa t’ fè dout, men li te pran fòs nan lafwa a, li fè lwanj pou bèlte Bondye a; li te konnen byen pwòp: tou sa Bondye pwomèt, li kapab fè l’. Se pousa yo konte sa pou li kòm jistis.
Kesyon yo konte sa pou li kòm jistis la, pa ekri sèlman pou li menm, men se pou nou menm tou, nou menm yo konte nan pami sila yo ki kwè nan sila a ki leve Jezikri Granmèt nou an sot nan pami mò yo, li menm yo te renmèt pou fot nou yo, epi ki leve vivan pou nou vin kòrèk la.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS Lik 1, 69-70. 71-72. 73-75
R/ Konpliman pou Granmèt Bondye Izrayèl paske li vizite pèp li a.
Li drese kòn delivrans pou nou nan kay David sèvitè l’ la, jan l’ te pale nan bouch sen yo, pwofèt li yo, ki te la depi lontan yo.R.
Delivrans sot nan men lènmi nou yo, ak nan men tout moun ki rayi nou yo: pou l’ fè kè l’ sansib pou zansèt nou yo, pou l’ fè sonje kontra l’ la ki sen an.R.
Sèman an li te sèmante bay Abraam zansèt nou an, pou l’ te fè nou favè pou nou pa pè, pou l’ delivre nou sot nan men lènmi nou yo, pou nou sèvi l’ antan nou sen, nou kòrèk devan l’, pandan tout jou nou yo.R.
LEVANJIL
“Sa ou pare yo, pou kilès y’ap ye?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 13-21
Lè sa a:
Yon moun nan foul la di Jezi: “Mèt, di frè m’ nan pou l’ separe eritaj la avèk mwen”.
Jezi menm di l’: “Monchè, kilès ki enstale m’ kòm jij oubyen notè sou nou?” Li di yo: “Gade, fè atansyon pou nou evite tout lanbisyon richès; paske, yon moun te mèt gen pakèt richès, se pa byen l’ yo ki kab garanti lavi li”.
Li di yon parabòl pou yo: “Te gen yon moun rich, jaden l’ te rapòte anpil richès, epi li t’ap kalkile anndan kè l’, li t’ap di: “Kisa m’ap fè, paske mwen pa gen kote pou m’ ranmase rekòlt mwen yo?” Li di: “Men sa m’ap fè: m’ap kraze magazen m’ yo, m’ap fè lòt ki pi gran, se la m’ap ranmase tout rekòlt mwen yo ak byen mwen yo.
Epi m’ap di nanm mwen: Nanm mwen, ou gen anpil byen ki an rezèv pou anpil ane; repoze ou, manje, bwè, fè fèt”.
Men Bondye di l’: “Enbesil, nannuit sa a menm y’ap mande ou nanm ou; sa ou te pare yo, pou kilès y’ap ye?”
Se konsa li ye, moun k’ap ranmase richès pou pwòp tèt pa l’, moun ki pa rich nan Bondye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Tèks yo kontinye ap ede n’ dekouvri grandè Bondye. Yon Bondye fidèl, ki pran an konsiderasyon tout pwomès li yo. Tèks jodi a yo envite n’ tou, pou nou mete Bondye nan sant tout lavi nou. Premye tèks la montre nou grandè lafwa Abraham. Li di nou konsa : «Abraham te konnen byen pwòp: tou sa Bondye pwomèt, li kapab fè l’.». Yon lafwa ki asire l’, yon lafwa ki, malgre tout bagay, pèmèt li avanse san krent. Yon lafwa ki pèmèt li bay Bondye premye plas nan lavi l’ tankou levanjil la mande l’ jodi a. Se envitasyon sa tèks jodi a yo fè nou. Levanjil la vle atire atansyon nou sou yon lòt pwen ki trè enpòtan. Lè nou li levanjil la ak anpil atansyon nou ka konprann ke moun yo te genyen tandans pou pran Jezi pou jij yo. Nou te kapab menm di nan bagay ki pi senp ke yo te ka regle pou kont yo, yo te vle mete Jezi fè jij. Repons Jezi a fè yo konnen, e li fè nou konnen tou, ke yo menm tankou nou dwe kolabore nan chache solisyon k’ap amelyore lavi nou. Jezi mande moun yo: «kilès ki enstale m’ kòm jij oubyen notè sou nou?» Nan yon sans nou te ka di, li di moun yo, kilès ki mete m’ pou m’ fè nan plas nou sa ke nou ka fè pou kont nou. Men li te santi ke yo pa t’ konprann vrè sans prezans li pami yo; li te kòmanse eksplike yo ke sè prewokipasyon pou yo genyen se mete Bondye nan premye plas nan lavi yo. Jezi kòmanse eksplike yo tris tablo moun ki kontante yo ranmanse sa ki pa genyen anpil enpòtans nan lavi yo; li di yo, ki sans lavi “moun k’ap ranmase richès pou pwòp tèt pa l’, moun ki pa rich nan Bondye”? Frè m’ak sè m’ yo, dènye fraz sa a envite n’ panse sou pwòp sans lavi nou e relasyon nou ak Bondye. Ann chèche bay Bondye premye plas nan lavi nou. Nou ka poze tèt nou kesyon sa a tou : èske mank lafwa se pa yon rezon ki pouse m’ bay byen materyèl plis enpòtans nan lavi m’ pase Bondye ?
LAPRIYÈ : Bondye papa ou menm ki konnen tout bagay, n’ap mande w’ pou ede n’ viv nan lafwa, pou, malgre sitiyasyon difisil lavi a, nou pa doute de renmen ke ou genyen nan kè w’ pou nou an, e fè menm renmen sa ke ou genyen pou nou an pemèt nou rive renmen tou. Konsa n’ap kapab rive ba ou premye plas nan kè nou. Amen !

PWOPOZISYON : Ann gade pwòp lavi nou, pandan n’ap mande pwòp tèt nou : kisa ke nou bay plis enpòtans pase Bondye ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario