Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Si akoz fot yon sèl lanmò a te kòmande, y’ap kòmande pi
plis toujou nan lavi a”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 5, 12. 15b. 17-19. 20b-21
Frè m’ yo:
Menm jan akòz yon sèl moun, peche te antre sou tè sa a, epi avèk peche a
lanmò, se konsa lanmò a pase nan tout moun, paske tout moun fè peche.
Si akòz fot yon sèl moun tout foul moun yo mouri, favè Bondye a ak kado
nan favè yon sèl moun nan, Jezikri, li vide laj pi plis ankò nan pakèt foul
moun yo.
Reyèlman vre si akòz fot yon sèl moun lanmò a te kòmande pa lantremiz
yon sèl la, moun yo ki resevwa chaj favè ak kado ak jistis pa lantremiz yon sèl
moun nan, Jezikri, y’ap kòmande pi plis toujou nan lavi a.
Konsa, menm jan se fot yon sèl la ki te mennen tout moun nan
kondanasyon, menm jan tou se sa k’ kòrèk la yon sèl moun fè a ki mete jistis la
nan tout moun pou yo viv kòrèk. Menm jan akòz dezobeyisans yon sèl moun nan,
tout foul moun yo te vin chita nan peche, konsa tou akòz obeyisans yon sèl la,
foul moun yo ap vin kanpe nan jistis.
Kote fot la te anpil la, favè a plen ap ranvèse; konsa
menm jan peche a te kòmande pou lanmò a, konsa tou favè a ap kòmande gras a
jistis la pou lavi tout tan an pa pouvwa Jezikri Granmèt nou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 39, 7-8a.
8b-9. 10. 17
R/ Men m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè
volonte ou.
Sakrifis ak kado ou pa t’ vle sa, men ou louvri zòrèy mwen. Sakrifis antye
ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: “Men m’ap vini.”R.
“Nan woulo liv la yo ekri sou mwen pou m’ fè volonte ou.
Bondye mwen, mwen dakò, lalwa w’ la nan zantray mwen”.R.
Mwen anonse jistis ou a nan gran legliz la; men mwen
pa fèmen bouch mwen, Granmèt, ou konnen.R.
Se pou yo fete, se pou yo kontan nan ou, tout moun k’ap
chèche ou yo, Se pou yo di tout tan: “Granmèt la gran” sila yo ki renmen delivrans
ou a.R.
LEVANJIL
“Se chans
pou sèvitè sa yo, si lè mèt la rive, li jwenn yo ap veye”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 12, 35-38
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Se pou ren nou mare, pou lanp nou limen nan men nou;
nou menm se pou nou tankou moun k’ap tann mèt yo, lè l’ vin sot nan nòs; pou,
kon l’ rive, li frape, la menm yo louvri ba li. Se chans pou sèvitè sa yo, si
lè mèt la rive, li jwenn yo ap veye; an verite mwen di nou, l’ap mare ren l’, l’ap
fè yo chita sou tab, l’ap pase pou l’ sèvi yo.
Si l’ rive nan dezyèm vèy la, epi si se nan twazyèm
vèy la li rive, epi li jwenn yo konsa, se chans pou sèvitè sa yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a mwen vle atire atansyon nou sou ekzijans tèks
ke nou ap li nan tan sa yo. Tèks levanjil jodi a di nou «Se pou ren
nou mare, pou lanp nou limen nan men nou; nou menm se pou nou tankou moun k’ap
tann mèt yo, lè l’ vin sot nan nòs». Nou ta ka di tèt nou : Si Bondye ap veye
sou nou, pou kisa nou oblije rete
atantif konsa? Pou kisa ke nou menm nou oblije ap siveye tou lè l’ap
vini ? Tout kesyon sa yo kapab fè nou konprann ke pawòl sa envite nou pou
nou patisipe nan tout sa ki bon ke Bondye vle fè pou nou e ak nou. Yon atansyon
ki mande nou pou nou mete tout sa nou ye kòm moun nan prepare wayòm Bondye a.
Se yon siy ke Bondye pa vle dirije nou tankou poupe twèl, men li kite nou ak
tout libète nou pou nou aji. Yon prèv de konfyans ki fè n’ dekouvri vrè sans
responsabilite nou nan lavi a. Pèsonn pa konnen kilè Bondye ap vini, pesònn
poko janm rankontre ak Bondye fas pou fas. Vijilan! Menm jan ke li te pran fòm
moun nan Jezi, nan yon kò ki fèb, pèsonn pa konnen sou ki fòm e kijan ke l’ap
vini ; sèlman nou dwe asire n’ ke li ap jwenn nou prepare. Rete vijilan!
Petèt li vle montre nou vizaj li nan moun ki pi meprize sou katye a, nan moun
ki pi fèb la, nan moun ke n’ pa ta janm panse a. Rete atantif, mare senti
n’ ! Sa a se yon avètisman ki ka fè nou pè men an menm tou ki asire nou ke
li pa lwen rive e ke li dwe jwenn nou prè.
LAPRIYÈ :
Bondye Papa, ou menm ki toujou prezan menm lè ke nou pa menm espere w’ ou la.
N’ap mande w’ pou ba nou fòs ak odas pou nou ka rete toujou vijilans, menm si pwoblem
ak fatig lavi a fè nou anvi dòmi. Nou priye ou konsa nan non Jezikri, Pitit ou,
gran frè nou. Amèn !
PWOPOZISYON :
Ann eseye dekouvri ki vrè sans vijilans
genyen pou nou. Èske ekzijans levanjil jodi a se yon pwa ou byen yon fado pou nou ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario