Páginas

SAMDI 26

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
Lespri l’ ki leve Jezi sot nan pami mò yo, li abite nan nou
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8, 1-11
Frè m’ yo:
Pa gen okenn kondanasyon koulye a pou sila yo ki nan Jezikri yo, yo menm ki p’ap mache daprè chè a. Reyèlman vre, lalwa lespri lavi a nan Jezikri delivre m’ sot anba pouvwa lalwa peche a ak lanmò a. Sèke sa k’ pa t’ posib pou lalwa a, akòz feblès chè m’, Bondye fè l’ lè l’ voye Pitit li a nan yon chè ki tankou chè peche pa nou an; li kondane peche a nan chè a, pou ekzijans lalwa a reyalize nan nou, nou menm, ki p’ap mache daprè chè a men daprè lespri a.
Moun yo ki regle daprè chè a, se bagay chè a yo goute, men moun yo ki regle daprè lespri a, se bagay lespri yo yo konprann. Sèke sajès chè a se lanmò, sajès lespri a menm se lavi ak lapè. Sèke sajès chè a li lènmi Bondye, li pa obeyi lalwa Bondye a, ni li pa kapab obeyi l’. Moun yo ki nan chè a, yo pa kapab fè Bondye plezi.
Kanta pou nou menm, nou pa regle nan chè a, men nan lespri a, si reyèlman Lespri Bondye a abite nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Jezikri a, moun sa a pa pou li. Si Jezikri nan nou, kò a mouri poutèt peche a, lespri a viv poutèt sa k’ fè l’ vin sen an. Si Lespri sila a ki leve Jezi sot nan pami mò yo abite nan nou, sila a ki leve Jezikri sot nan pami mò yo ap fè kò lanmò nou yo viv tou poutèt Lespri li a ki abite nan nou an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi. 
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6.
R/ Sa a se ras moun yo k’ap chèche fas ou a, Granmèt.
Se pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè yo ak sa k’ abite ladan l’.Paske se li menm ki fikse l’ sou lanmè yo, epi ki rann li solid sou larivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe nan kote l’ ye a ki sen an? Se moun ki inosan nan men yo epi ki nèt nan kè yo, ki pa pran non l’ pou granmesi.R.
Sa a ap resevwa benediksyon kot Granmèt la, ak sa k’ fè l’ vin sen an nan men Bondye sovè li a. Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
“Si nou pa fè penitans, nou tout ap peri menm jan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 1-9
Lè sa a, gen kèk moun ki pwoche, yo pote nouvèl bay Jezi sot Galile, sou moun yo Pilat te mele san yo avèk sakrifis yo t’ap ofri yo; li pran lapawòl, li di yo: “Èske nou kwè Galileyen sa yo te fè peche plis pase tout Galileyen yo, pou yo soufri kalite bagay sa yo? Non, mwen di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout ap peri menm jan”.  Menm jan dizuit sa yo, tou a te tonbe sou yo nan Siloe a, epi li te touye yo a, èske nou konprann yo menm yo te pi koupab pase tout moun ki abite nan Jerizalèm?  Non, mwen di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout menm jan n’ap peri.
Li te di yo parabòl sa a tou: “Yon mesye te gen yon pye figye ki te plante nan jaden rezen l’; li vin chèche fwi ladan l’, li pa jwenn.
Li di jeran jaden pye rezen an: “Sa fè twazan m’ap vin chèche fwi nan pye figye sa a, epi mwen pa jwenn; koupe l’, pouki sa pou l’ ap okipe plas nan tè a?”
Jeran an reponn, li di l’: “Mèt, kite l’ ane sa a ankò, joustan mwen fouye alantou l’, mwen mete fimye; petèt l’ap donnen fwi, otreman, w’a koupe l’ aprè”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye a, se yon reyalite ki pa janm fin siprann nou. Jezi, nan levanjil la, vle oryante lavi n’ sou sa ki esansyèl la: Volonte Bondye. Li mete aksan anpil sou Denye jou a, jou jijman an, menm lè l’ pa site l’ dirèkteman. Jan nou konnen nan tradisyon Ansyen Kontra a, yo toujou di salè peche a se lanmò. Jezi chita refleksyon li an sou kèk malè ki te rive moun Galile yo ak moun Jerizalèm yo, pou l’ pote koreksyon epi pou l’ montre nesesite konvesyon moun nan. Jan jwif yo toujou renmen lye tout malè ki rive yon moun ak peche moun nan, Jezi vle fè yo konprann si yo menm yo pa konvèti, yo menm tou yo gen pou yo mouri menm jan an. Nou pa gen pou n’ pase tan nou kwè nou pi bon pase tout moun, oubyen nou vle kondane tout moun; nou gen pou n’ fè yon rankont ak Bondye epi kite rankont sa a transfòme ekzistans nou. Rankont ak Jezi a, Pitit Bondye a, se li ki kapital pou nou kòm kretyen!
Anpil fwa Jezi pale rèd ak otorite relijyon jwif yo, paske anpil fwa yo fèmen kè yo. Yo pa bay Lespri Bondye posiblite pou li travay nan yo menm.Yo chita lavi yo sou prensip yo etabli san yo menm yo pa prèt pou obsève yo. Anpil fwa Jezi ba yo non “Ipokrit”!
Sa k’ enpò tan pou nou, se pou n’ pa bliye nan Jezikri nou se yon nouvo kreyati. Lavi n’ dwe kore sou Pawòl Bondye a. Menm jan ak Jezi nou pote laviktwa sou peche a ak sou tè a. Jan Sen Pòl di moun Wòm yo, pou nou menm kretyen pa gen kondanasyon. Kretyen an ki resevwa lavi Bondye a, ki viv daprè Pawòl Bondye a, se daprè souf Lespri Sen an l’ap aji.  Lavi l’ dwe sanble ak lavi Kris la, ki se Mèt la, ki voye nan misyon toupatou sou fas tè a. Kretyen an pote laviktwa sou tè a nan bon temwanyaj lavi li, nan fason li viv, nan fason ki korèk la pou l’ fè parèt Peyi kote Bondye wa a. Nou dwe pote bon jan fwi nan lavi nou pou Mèt jaden an, ki se Bondye, pa wete n’ sòti devan fas li jou jijman an.
Bondye kreye n pou n’ fè sa ki bon, pou n’ pwodwi bon zèv sou late. Se sa mesaj Biblik yo vle montre nou depi nan kòmansman. Si nou pase tan ap betize, ap kale wès san nou pa pote atansyon ak sa ki vrèman bay lavi nou yon sans, n’ap sanble ak pye figye a ki pa bay fwi. Men lè n’ kontinye viv, se chans Bondye ba nou pou n’ rive pran konsyans avan twò ta bare n’. Tout lavi nou kòm kretyen, se chèche dekouvri sans sa a lavi nou genyen, sans sa a Jezi te vin pote ba nou nan limyè Pawòl li te vin preche a, epi viv daprè sa Bondye mande n’. Ann mache prese pou n’ chèche temwaye renmen Bondye te manifeste pou nou an bay tout moun ki poko konnen li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede n’ louvri kè nou pou n’ kite Lespri w’ la ranpli li, dekwa pou n’ tounen moun k’ap travay pou fè peyi kote w’ wa rive sou tè a. Amèn.

PWOPOZISYON: Pran yon tan nan jounen an pou w’ kapab dekouvri mèvey Bondye fè nan lavi w’ epi pou w’ mande Lespri Granmèt la gide w’ nan aksyon w’ap poze yo, pou yo ka yon bon temwanyaj pou lòt yo. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario