Koulè Vèt
TRANTYÈM DIMANCH NAN ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
“Lapriyè moun ki rabese tèt li a, li travèse nyaj yo”.
NAN LIV
SIRASID LA 35, 15b-17.
20- 22a
Granmèt la se
jij; kote l’, nan pwen glwa pèsòn: Granmèt la pa konsidere figi moun kont pòv
la, l’ap koute priyè moun yo fè pwofitè sou li a. Li p’ap meprize priyè òfelen an
ak vèv la, ni vèv la k’ap dechaje kè l’ gras a pawòl plenyen.
Yon moun ki
adore Bondye, yo resevwa l’ avèk plezi, priyè l’ ap rive jous nan nyaj yo.
Priyè moun ki rabese tèt li antre nan nyaj yo; toutotan li poko rive, moun nan
pa konsole, ni li pa sispann joustan Sa a ki anwo nèt la voye je l’ sou li.
Granmèt la p’ap
vire do, men l’ap rann moun kòrèk yo jistis, l’ap fè jijman.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 33, 2-3. 17-18. 19 e 23
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè
konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.Nan Granmèt
la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fas Granmèt la
sou moun k’ap fè mal yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.
Yo rele,
Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.R.
Granmèt la tou
pre moun ki gen kè yo kraze yo,l’ap sove sa k’ gen lespri yo boulvèse. Granmèt
la ap delivre nanm sèvitè l’ yo, li p’ap pini tout moun ki espere nan li yo.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Sa k’ rete m’ se kouwòn jistis la y’ap ban mwen”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN
POU TIMOTE 4, 6-8. 16-18
Ou menm mwen renmen anpil la:
Mwen se yon ofrann ki fin vide,
tan an rive pou m’ kite vi sa a. Mwen batay bon batay la, mwen fini kous mwen,
mwen kenbe lafwa a. Sa k’ rete m’, se resevwa kouwòn jistis la, sa Granmèt la
ap ban mwen jou sa a, li menm jij ki kòrèk la; pa sèlman pou mwen, men pou sa
yo ki renmen jou l’ap vini an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Pibliken an desann lakay li anrèg plis pase farizyen an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
LIK KI SEN 18, 9-14
Lè sa a:
Jezi di parabòl sa a pou kèk
moun ki te met konfyans nan pwòp tèt yo kòmsi yo te kòrèk, epi ki t’ap meprize
lòt yo: “De mesye te monte nan Tanp la pou yo priye; youn te Farizyen, lòt la
pibliken.
Farizyen an kanpe la, l’ap priye
nan kè l’: “Bondye, mwen remèsye ou, paske mwen pa tankou lòt moun yo, yo vòlè,
yo enjis, yo adiltè, oubyen tankou pibliken sa a. Mwen fè jèn de fwa nan semèn
nan, mwen bay dizyèm pati nan tout sa m’ genyen”. Pibliken an menm kanpe lwen,
li pa t’ vle leve je l’ nan syèl la, men l’ap frape pwatri n’ li, li di: “Bondye,
pitye pou mwen, ki pechè”.
Mwen di nou: li menm li desann
anrèg lakay li plis pase lòt la; paske tout moun k’ap leve tèt li, y’ap rabese l’,
moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’ anlè”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Imilite oubyen
senplisite, se yon gwo kalite ki kapab ede nou rankontre ak Bondye; se pou sa
pawòl nou sot tande a mande n’ pou nou fè nou tou piti devan Granmèt la. Nèg
grandizè ap rete lwen syèl la, nèg ki konprann se li ki pi bon, ki pi sen, ki
pi konnen, li pa jwenn kouwòn jistis Bondye a. Men nèg ki rekonèt li se pechè
a, li konnen li pa merite leve tèt li devan Bondye, li pa diy pou antre nan kay
sakre a, nèg ki pa chèche gwo plas pou meprize ak imilye lòt yo, nèg ki tou
piti devan Bondye a, l’ap antre nan peyi kote Bondye wa a, peche l’ yo ap
padone. Li te antre tèt bese, li sòti tèt leve. Se pou tèt sa nou di lakay nou :
« sa k’ sòti pi wo pran pi gwo so».
Zanmi m’ yo, pa kite wotè kraze nou. Fòk nou genyen konba kont mal la, se
pou nou genyen konba lafwa a, tankou Sen Pòl. Bondye nou an pa nan dòmi. Li
toujou la, li prè pou l’ delivre nou. Yon pòv rele, Bondye koute ; si kè l’
sere la lache. Pran kouraj pa febli. Nou pa ka pèdi kouwòn jistis moun ki fè yo
tou piti devan Bondye, kouwòn moun k’ap batay pou jistis tabli sou tè a. Sa se
kouwòn lapè, kouwòn kè kontan. Kouwòn nan se pou nou li ye, si nou viv jan
Bondye mande n’ nan, san fè grandizè, sans pran pòz nou pi plis pase lòt la,
nou pi sen pase lòt la. Se nan rekonèt fot nou yo, nan prezante jan nou ye a
san nou pa nye idantite nou sekrè kouwòn jistis la ye. Jezi va di nou :
« nèg sa a sòti tèt leve, peche l’ yo padone ; moun ki beze tèt
Bondye ap fè l’ leve l’, men moun ki leve tèt Bondye ap fè l’ bese l’». Se pou
Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri ede nou nan konba lavi a, aprann
nou rabese tèt nou devan w’ pou nou rekonèt tò nou yo, delivre nou e ba nou kouwòn
jistis ak kè kontan w’ nan. Ou menm ki vivan e ki wa depi toutan e pou tan.
Amèn
PWOPOZISYON : Pa fè grandizè ni gwo zepòt. Moun sa a yo Bondye ap fè yo bese tèt yo ;
men moun ki tou dou yo, sa k’ konnen yo bezwen Bondye a, y’ap rive nan peyi
kote Bondye wa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario