Koulè Wouj
SIMON ak JID KI SEN, Apot
Fèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nou bati sou fondasyon Apot yo”.
NAN LÈT APOT
PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2,19-22
Frè m’ yo:
Nou pa etranje ak moun vini
ankò, men nou se sitwayen peyi sen yo, nou se moun kay Bondye, nou bati sou
fondasyon Apot yo ak pwofèt yo, wòch kwen ki anlè nèt la, se Jezikri; se nan li
tout kay la ki bati a ap monte pou l’ vin yon Tanp ki sen nan Granmèt la; nan
li nou menm tou yo bati nou ansanm ak lòt yo pou nou vin yon sèl kay Bondye nan
Lespri a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5
R/ Sou
tout tè a bwi vwa yo mache ale.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye,
travay men l’ platfòm syèl la ap anonse l’.Jou ap deklare pawòl bay jou, nannuit
ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj
ni pawòl pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout tè a bwi vwa yo mache ale, jous
nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Li chwazi douz nan yo, li rele yo Apot”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
LIK KI SEN 6, 12-19
Rive, jou sa yo Jezi pati al
sou mòn nan pou l’ priye, li pase tout nannuit la nan priye Bondye.
Lè jou a rive, li rele disip li
yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo Apot: Simon, sa l’ bay ti non Pyè a, avèk
Andre, frè l’ la, Jak ak Jan, Filip ak Batelemi, Matye ak Toma, Jak pitit Alfe a
ak Simon, sa yo rele moun cho a, epi Jid pitit Jak la avèk Jida Iskaryòt, sa k’
t’ap trayi l’ la.
Pandan l’ap desann avèk yo, li
kanpe nan plenn nan, te gen yon gran foul pèp ki sòti nan tout Jide a ak Jerizalèm
ak rejyon bò lanmè Ti ak Sidon, ki te vini pou yo koute l’, pou l’ geri yo sot
nan maladi yo. Moun ki te gen lespri move ap
maltrete yo te geri tou.
Tout foul la t’ap
chèche touche l’, paske te gen yon pouvwa ki t’ap sòti nan li, ki t’ap geri
tout moun.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan mitan tout disip li yo, Jezi te chwazi douz moun
pou yo te ede l’ gaye Pawòl la, ak pou yo te ede l’ sèvi pèp la, ki te gen
anpil pwoblèm. Se douz moun sa yo nou rele apot yo. Lè Jezi mouri epi l’ leve
ankò, li monte nan syèl la, men li kite apot yo pou yo te kontinye travay li
a. Jodi a, n’ap sonje 2 nèg ki te nan
gwoup douz apot yo, Simon ak Jid.
Atansyon! Simon sa a, se pa Simon ki te konn fè lapèch
epi li te tounen Sen Pyè. Se yon lòt Simon, ki te tokay Simon Pyè. Simon sa a,
yo te rele l’ moun chò a. Gen lè misye te yon aktivis kont okipasyon Women yo,
yon gwoup etranje ki t’ap gouvènen peyi Izrayèl la ak fòs militè yo.
E Jid li menm, Bib la pa pale anpil de li, sèl
sa nou konnen sè ke misye sòti nan fanmi Jak. Gen lè misye te yon nèg senp. Epoutan,
nou jwenn li nan lis apot yo, paske li te mache ak Jezi, li te preche ak sèvi
onon li, menm jan ak lòt apot yo.
Lè n’ gade ansanm tout apot yo konsa, nou wè yo chak
gen pèsonalite pa yo. Simon Pyè se te
yon gwo lidè, Bib la pale anpil de li menm, se li k’ te premye Pap. Lòt Simon an, se te yon aktivis politik, tèt
chò, ki te jwenn yon vrè liberasyon nan Jezi. Epi Jid li menm, se te yon nèg
senp, ki pa t’ nan fè bwi ni nan pran devan, men li t’ap bay temwanyaj li ak
jan l’ te viv la.
Jan Sen Pòl di nan premye moso Labib la, lafwa
nou nan Jezi baze sou temwayaj apot yo. Depi nan tan apot yo, chak jenerasyon
ap kenbe lafwa sa a, gras yon temwanyaj ki toujou vivan. Menm jan ak apot yo, nou menm tou, nou chak
gen stil pa nou, men Jezi rele nou chak, jan nou ye, pou nou sèvi frè ak sè nou
yo, jan nou kapab.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki fè nou favè pou nou vin konnen non
ou pa lentèmedyè Apot yo ki sen yo, tanpri, gras a priyè Simon ak Jid ki sen,
fè Legliz la toujou ap devlope avèk anpil pèp ki kwè nan ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Jodi a m’ap bay temwayaj renmen Granmèt la. M’
ka ankouraje yon moun ak yon konsèy, oubyen m’ ka rann yon moun yon sèvis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario