Koulè Vèt
PREMYE
MOSO LABIB
“Kreyasyon an ap tann revelasyon pitit Bondye yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8,18-25
Frè m’ yo :
Mwen konsidere soufrans tan sa a pa anyen devan glwa
k’ap vini an k’ap devwale nan nou an. Reyèlman kreyasyon an ap tann glwa a devwale
nan pitit Bondye yo. Kreyasyon an te blije rete anba sa k’ pa anyen an, san l’
pa vle, men poutèt sa a ki te mete l’ nan esperans la. Sèke kreyasyon an li menm
ap delivre sot anba esklavaj dekonpozisyon an pou antre nan libète glwa pitit
Bondye yo.
Nou konnen reyèlman tout kreyati ap plenn, ap
anfante jous koulye a. Se pa sèlman yo menm, men nou menm tou, ki gen premye
kado Lespri a, n’ap plenn anndan kè nou, antan n’ap tann sa pitit adoptif Bondye
yo ye a ak redanmsyon kò nou. Nou sove reyèlman an esperans. Lesperans la menm,
si yo wè l’, se pa esperans li ye, paske sa yon moun wè, èske l’ap espere l’ ?
Men si n’ap espere sa nou pa wè, n’ap espere l’avèk pasyans.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
125, l-2ab. 2cd-3. 4-5. 6
R/ Granmèt la fè mèvèy pou
nou.
Lè Granmèt la t’ap fè ekzile Siyon yo tounen an, nou te
tankou nan rèv.
Lè sa a bouch nou te plen kontantman, lang nou te plen
chante fèt.R.
Lè sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo: “Granmèt la fè
mèvèy pou yo”.
Granmèt la fè mèvèy pou nou: nou gen kè kontan.R.
Granmèt, fè ekzile nou yo tounen tankou ravin nan Sid
yo.
Moun k’ap simen nan dlo k’ap koule sot nan je yo, y’ap
rekòlte ak kè kontan.R.
Yo t’aprale, yo t’ap kriye, yo t’ap pote semans pou yo
simen an; y’ap tounen ak kè kontan, y’ap pote zepi yo.R.
LEVANJIL
“Grenn nan
devlope, li vin tounen yon gran pye bwa”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 18-21
Lè sa a Jezi t’ap di:
“Ak kisa peyi wa Bondye a sanble, epi ak ki sa mwen ta
konpare l’? Li sanble ak yon grenn seneve, yon moun pran l’ li mete l’ nan jaden
l’, grenn nan devlope, li vin tounen yon gran pye bwa, zwazo syèl yo vin poze
nan branch li yo”.
Li t’ap di ankò: “Ak kisa mwen t’ap konpare peyi wa
Bondye a? Li sanble ak
yon leven, yon madanm pran l’, li brase l’ nan twa mezi farin, joustan tout pat
la leve”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:Levanjil jodi a gen yon mesaj byen patikilye pou
tan sa a. Nou jwenn li nan konparezon nou fè ak de repons Jezi bay disip li yo
lè li te fin poze yo kesyon sa yo: ak kisa peyi Bondye wa a sanble? Ak kisa
mwen ta konpare l’? Chak repons yo diferan, men sa pa anpeche yo pote menm
mesaj. Kisa tèks sa a vle di nou? An nou dekouvri ansanm bèlte diferans chak
mesaj yo avan, pou nou kapab byen akeyi mesaj la.
Jezi konpare wayòm
Bondye a ak yon grenn seneve. Mwen pa konn ti grenn sa malerezman, men
eksplikasyon ki nan tèks la ban m’ enpresyon ke se yon ti grenn tou zwit; mwen
espere mwen pa twonpe m’. Jezi di: «lè yon moun plante l’ nan jaden l’, li
tounen yon gwo pye bwa, zwazo nan syèl yo vin poze sou branch li yo». Levanjil
la se lavi. Lè li penetre nan nou, ak konkou lapriyè, ak anpil meditasyon-
tankou lè lavi ap penetre nan grenn seneve ki plante a, atravè rasin li pouse-
nou vin transfòme, nou tounen resipyan kote lanmou ap debòde. E tout moun santi
yo byen bò kote nou. Pawòl nou se soulajman pou pwochen nou ki gen pwoblèm, ki
bezwen rekonfò, ki manke yon souri; menm jan branch ki sòti nan bwa seneve a pote
frechè epi li sèvi refij pou zwazo yo.
Wayòm Bondye a,
Jezi konpare l’ tou ak yon leven ke yo brase nan farin pou fè pen. Wòl li se
bay farin nan gwosè: gonfle farin nan. Se enpòtan pou siyale ke nan tèks la
Jezi di pandan l’ap pale de leven an: «yon madanm pran l’, li brase l’ nan twa
mezi farin, joustan tout pat la leve». Sa vle di non sèlman nou dwe grandi nan
lapriyè, meditasyon ak lanmou ; men tou nou dwe sèvi sous ki pèmet lòt yo
grandi tou nan lapriyè, meditasyon ak lanmou san nou pa mande gwo bagay :
volonte pou Granmèt la abite nan kè yo menm jan li abite nan pa nou an.
Nan repons sa yo mesaj Jezi a ap debòde. L’ap envite nou yon lòt fwa ankò,
l’ap fè sa a chak moman- kite dife renmen li an transfòme nou e kite l’ sèvi ak
nou pou l’ transfòme lòt moun. Wayòm Bondye a, se renmen san kondisyon, san parèy;
se lè nou youn renmen lòt, youn bay lòt lebra, yon ede lòt fè pwogrè ak leven
lanmou an. Se leven sa ki ba nou plis fòs pou nou lite kont enjistis, kont
enkonpreyansyon ak kont inyorans ki prezante kòm obstak ki anpeche n’ vanse sou
wout fratènite a; li se anestezi nou kont soufrans nap andire akoz kalite foli
nou genyen pou kreyate nou an paske li simaye lesperans nan ke nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, peyi nou bezwen anpil
grenn seneve, anpil leven pou li kapab vanse pou pi devan. Malgre nou batize,
nou kominye, nou konfime, nou santi nou pa fè gwo pwogrè akoz ti enterè pèsonèl
nou n’ap defann. Sa fè nou pa wè ni tande rèl lòt la ki konte ou sou e ki ap
tan se kou ou. Tanpri fè nou tounen vrè anbasadè ou, pa kite ènmi an gen viktwa
sou nou.
PWOPOZISYON : Antre nan
nou menm, chèche sa ki ka fè pwochen nou yo pè abòde nou, travay pou n’ ka
chanje l’, pou n’ ka tounen, pi devan, leven nan men Granmèt la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario