Páginas

MÈKREDI 30

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Moun ki renmen Bondye yo, tout bagay rive pou byen yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 8, 26-30
Frè m’ yo:
Lespri a ede feblès nou: sèke nou pa konnen kijan pou nou priye; men se Lespri a li menm k’ap priye pou nou ak mo moun pa kapab pale. Sa a k’ap sonde kè yo, li konnen sa Espri a anvi a, se daprè Bondye li fè demann pou sen yo.
Nou konnen pou moun Bondye renmen yo, tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li rele pou yo vin sen, daprè desizyon li pran davans. Reyèlman, sa yo li chwazi davans yo, li pare plas yo davans tou, pou yo vin moule nan pòtre Pitit li a, pou li menm li vin tounen premye pitit nan pami tout foul frè yo. Sa yo li fin pare plas yo a, li rele yo tou; sa yo li rele yo, li fè yo vin sen tou; sa yo li fè vin sen an, li ba yo glwa a tou.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi. 
SÒM REPONS 12, 4-5. 6
R/Mwen menm se nan mizerikòd ou a, Granmèt, mwen espere.
Gade, koute m’,Granmèt Bondye mwen. Klere je m’, pou m’ pa dòmi nan lanmò, pou ènmi m’ pa di: “Mwen ranpòte viktwa sou li”; pou sa yo k’ap pèsekite m’ yo pa danse, si m’ tranble.R.
Kanta mwen menm se nan mizerikòd ou a mwen espere. Kè m’ap danse nan delivrans ou a. M’ap chante pou Granmèt la, ki fè m’ jwenn byen yo.R.
LEVANJIL
“Y’ap vini sot olevan ak okouchan, y’ap vin sou tab nan peyi wa Bondye a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 22-30
Lè sa a:
Jezi t’ap travèse vil yo ak bouk yo, li t’ap bay ansèyman, pandan l’ap vwayaje pou Jerizalèm. Gen yon moun ki di l’: “Granmèt, èske se ti kras moun sa yo k’ap sove a?”
Li menm menm li di yo: “Fè efò pou nou antre nan pòt ki jennen an; paske anpil moun, mwen di nou sa, ap chèche antre men yo p’ap reyisi.
Lè mèt kay la ap antre, l’ap fèmen pòt la, epi n’ap kòmanse kanpe deyò, n’ap frape pòt la, n’ap di: “Granmèt, louvri pou nou”; l’ap reponn nou: “Mwen pa konnen kote nou sòti”.
Lè sa a atò, n’ap kòmanse di: “Nou te manje devan ou, nou te bwè devan ou, ou te bay ansèyman sou plas nou yo”. L’ap di nou: “Mwen pa konnen kote nou sòti: rale kò nou sou mwen, nou tout k’ap fè mal la”.
Se la k’ap gen rèl ak manje dan, lè n’ap wè Abraam ak Izaak ak Jakòb ak tout pwofèt yo nan peyi wa Bondye a, epi nou menm menm y’ap chase nou deyò. Moun yo ap vin sòti olevan ak okouchan, nan nò ak nan sid, y’ap vin atab nan peyi wa Bondye a. Dènye yo ap premye, epi premye yo ap dènye”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:Fè efò pou nou antre nan pòt ki jennen an. Akoz li jis, pot sa a difisil anpil pou nou antre ladan l’ ; men nou pa bezwen pè paske lanmou Bondye pi fò pase tout bagay. Soufrans nan non Granmèt la, se kè kontan moun ki renmen l’ yo e ki vle kite zye yo fikse sou li. Se poutèt sa, menm si nou kwense, chèche antre kout ke kout nan pòt ki jennen an.
Se vre nan lavi, nou gen tandans fè sa ki pi fasil yo. Se poutèt sa pifò rechèch syantifik yo gen objektif senplifye lavi nou. Se yon bagay ki nòmal pou nou chèche pwoteje tèt nou antan n’ap evite konplikasyon. Men, pi fò nan nou tou renmen liks, nou renmen ekspoze nou pou lòt yo wè kisa n’ap fè ou kisa nou ka fè. Lè se pou rezon sa yo nou bay tèt nou obligasyon reyalize aktivite ki pi difisil yo. Paske lwanj lan, nanpwen moun ki pa kontan jwenn sa ; kèk moun renmen l’plis pase lòt, men li fè lajwa tout moun.
Nan sèvis Bondye a tou lwanj lan ekziste. Men nou manke pasyans pou n’ tann li paske se jis lè mèt kay la vini (Granmèt nou an) n’ap jwenn li. Pou nou ka benefisye li, nou dwe mete men nou nan pat levanjelizasyon an. Nou dwe simaye bòn nouvèl la tout kote nou pase. Se pa fasil jounen jodi a, paske anpil moun pran nou daso nan sans ke nan non kretyen yo y’ap fè anpil bagay ki mache kòt a kòt ak sa pawòl la mande pou n’ fè pou fè Bondye plezi. Men atansyon ! pinga abandone, pa kite tout moun ki sòti lwen yo antre avan nou menm ki deja la a, paske lè mèt kay la vini, li p’ap ret tann moun antre ankò paske nan pasyans li, li ba nou kont tan nou pou nou mete nou anndan.
LAPRIYÈ: Granmèt, nan imansite lanmou w’ pou nou, ou toujou ap voye je sou nou. Jodi a ou di nou pa pè antre nan pòt ki kwense a, paske moun ou renmen tout bagay sèvi byen pou yo. Men malgre nou konnen sa, enkyetid konn anpare nou dèfwa. Tanpri voye je sou nou pou nou pa kite chemen ki mennen nan pot sa kote lè nou pase nou pral resevwa anpil bèl kado a. Amèn

PWOPOZISYON : Diminye pou jounen an aksyon nou panse ki ka reyalize fasil, men ki p’ap pote pi bon rezilta ou ki p’ap gen bon konsekans, ou ki p’ap itil nou pou yon bon tan. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario