Páginas

JEDI 31

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Okenn kreyati pa kapab separe nou sot nan charite Bondye a ki nan Jezikri a”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8, 31b -39
Frè m’ yo:
Si Bondye pou nou, kilès k’ap kont nou? Li menm ki pa menm menaje pwòp Pitit li a, men ki renmèt li pou nou tout, kijan pou l’ pa ta ba nou tout bagay ansanm avèk li? Kilès k’ap fè akizasyon kont sa yo Bondye chwazi yo? Ala se Bondye menm ki mete nou an règ. Kilès k’ap kondane? Ala se Jezikri menm ki mouri, pi plis menm ki resisite, ki ret adwat Bondye, epi menm k’ap plede pou nou an tou.
Konsa kilès k’ap separe nou sot nan charite Jezikri a? Èske se tray? Oubyen kè sere? oubyen grangou? oubyen manke rad? Oubyen danje? oubyen pèsekisyon? oubyen epe? Jan sa ekri a: “Sèke poutèt ou nou jwenn lanmò tout jounen, yo konsidere nou tankou mouton labatwa”. Men nan tout bagay sa yo nou ranpòte viktwa poutèt sa a ki renmen nou an.
Mwen sèten reyèlman ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni peyi wa, ni pouvwa, ni sa k’ap rive koulye a, ni sa k’ap vini aprè, ni fòs, ni wotè, ni pwofondè, ni lòt kreyati p’ap kapab separe nou sot nan charite Bondye a, ki nan Jezikri Granmèt nou an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi. 
SÒM REPONS 108, 21-22. 26-27. 30-31
R/ Sove m’, Granmèt, daprè mizerikòd ou a.
Ou menm, Granmèt, Granmèt, aji avèk mwen poutèt non ou, paske mizerikòd ou a dous; delivre m’, paske se malere ak pòv mwen ye, kè m’ blese anndan mwen.R.
Ede m’, Granmèt Bondye mwen, sove m’ daprè mizerikòd ou a. Se pou yo konnen se men ou sa a; ou menm, Granmèt, ou fè sa.R.
M’ap fè lwanj Granmèt la anpil nan bouch mwen, nan mitan anpil pèp m’ap fè lwanj li, paske li kanpe adwat pòv la, pou l’ sove nanm li sot nan men moun k’ap jije l’ yo.R.
LEVANJIL
“Sa pa nòmal pou yon pwofèt mouri an deyò Jerizalèm”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 13, 31-35
Jou sa a, kèk farizyen pwoche, yo di l’: “Pati, al fè wout ou sot isit la, paske Ewòd vle touye ou”.
Li di yo: “Al di rena sa a: “Men m’ap chase demon yo, m’ap fè gerizon jodi a ak demen; epi sou twazyèm jou a m’a fini”. Reyèlman ni jodi a, ni demen, ni jou ki vin aprè a, mwen gen pou m’ mache, paske se pa nòmal pou yon pwofèt peri andeyò Jerizalèm.
Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k’ap touye pwofèt yo, k’ap kalonnen sa yo yo voye kote ou yo ak kout wòch, konbyen fwa mwen te vle ranmase pitit ou yo, tankou yon zwazo ranmase nich li anba zèl li, men ou pa t’ vle!
Men y’ap kite kay nou an vid bannou! Mwen di nou antouka, nou p’ap wè m’, jouk jou a va vini, lè n’a di: “Konpliman pou sa a k’ap vini o non Granmèt la”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Gen kèk bagay yon moun konn fè pou nou nan lavi, aprè nou tèlman kontan, nou konn di pa gen pèsonn ki ka fè nou separe ak moun sa; men anpil fwa nou aji diferan ak Bondye; sa vle di, nou pa sonje di li mèsi pou tout byen li fè pou nou. Se sa Sen Pòl ap pataje ak nou jodi a: Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou, epi kilès ki ka separe l’ ak Bondye renmen li an, Bondye kè sansib sa. Premye lekti sa fè nou wè kijan Bondye gen kè sansib, kijan li renmen nou san limit, kote ke li ofri Pitit li renmen anpil la nan sakrifis jis pou li ka tounen zanmi ak nou, epi ban nou lavi, yon lavi an abondans. Se yon Bondye ki pre pou ban nou tout sa nou mande l’. Nan menm moso labib sa, Sen Pòl site yon seri bagay ki pa ka dezini l’ak Bondye, e bagay sa yo, anpil fwa nan sosyete nou an, se yo menm nou konn kite fè nou pèdi amitye ak Bondye, pa ekzanp : pouvwa, grangou, pèsekisyon, manke rad, kè sere, elatriye. Zam yon bon kretyen, se atachman ke li gen ak Granmèt la, kote ke li ini ak li, epi li kite se Bondye ki mèt lavi li. Se tout eleman sa yo nou ka rive kapte nan bèl mesaj apot Pòl jodi a.Levanjil jounen jodi a ap montre nou kijan farizyen yo fè yon gwo deklarasyon, petèt pou te ka entimide Jezi nan misyon li, yo te di : "Pati, al fè wout ou sot isit la, paske Ewòd vle touye ou". Men Jezikri te reponn san li pa t’ pè ke l’ap kontinye chase demon jodi a ak demen, epi sou twazyèm jou a l’ap kanpe. Sa sèvi nou yon gwo leson nan misyon nou, pou lè nou rankontre pwoblèm ak difikilte, pou nou pa dekouraje. Lè sa, se mande Bondye fòs ak kouraj pou n’ ka pouse misyon li konfye nou an jis nan dènye bout li. Levanjil sa montre nou tou ke nan byen n’ap eKzèse pou lòt yo, gen anpil moun ki ka kanpe an opozisyon, men sa pa yon motif pou kanpe travay nou.Se gras sa nou vle mande Bondye jodi a, pou li toujou kanpe ak nou, pou tout lavi nou kapab yon kado pou lòt yo nan anonse bòn nouvèl delivrans lan, nan sèvi frè n’ak sè n’ yo, espesyalman sa ki pi fèb yo. Amèn
LAPRIYÈ : Granmèt, nou di ou mèsi pou tout bèl mèvèy ou fè nan lavi nou, paske w’ toujou vle rete zanmi ak nou chak jou. Toujou ban nou fòs Lespri ou pou nou ka toujou soude ak ou, pou se ou menm ki dirije lavi nou nan chak zak n’ap poze. Amèn.

PWOPOZISYON : Pandan semèn sa, mwen vle pa rete an silans sou zak malonèt, abi oubyen enjistis ke y’ap fè pitit Bondye yo sibi. Mwen vle viv jan Jezi t’ap viv la pou m’ pa pè simaye bòn nouvèl la. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario