Koulè Blan
GRAN FÈT TOUT SEN YO
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te sòti nan tout
nasyon, ras, pèp ak lang”.
NAN LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 7, 2-4. 9-14
Mwen menm
Jan, mwen wè yon lòt zanj k’ap monte kote solèy la leve a, li te gen siy Bondye
vivan an; li t’ap rele byen fò bay kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou
maltrete tè a ak lanmè a, li di: “Pa maltrete tè a ak lanmè a, ni pye bwa yo,
joustan nou make sèvitè Bondye nou yo nan fwon yo”. Mwen tande kantite moun ki
make yo: sankarant kat mil moun ki make, nan tout ras pitit Izrayèl yo.
Aprè sa, mwen
wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te sòti nan tout kalite
nasyon, ras, pèp ak lang, yo te kanpe devan fotèy la ak devan fas Mouton an, yo
te abiye ak rad blan, yo te gen branch nan men yo, yo t’ap rele byen fò, yo
t’ap di: “Sovè a gras a Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, epi gras
a Mouton an”.
Tout zanj yo te kanpe toutotou twòn nan ak ansyen yo ak
kat vivan yo; yo lage kò yo sou fas yo devan twòn nan, yo adore Bondye, yo di: “Amèn.
Benediksyon, glwa, sajès, remèsiman, konsiderasyon, pouvwa ak fòs pou Bondye
nou an pou tout tan k’ap gen tan. Amèn”.
Youn nan ansyen yo pran lapawòl, li di m’: “Sa yo ki
abiye ak rad blan, kilès yo ye, epi kote yo sòti?”
Mwen di l’: “Monseyè,
ou konnen”.
Li di m’: “Sa yo se sa k’ vin sòti nan gran tray la, yo
lave wòb yo, yo blanchi yo nan san Mouton an”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS:
23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’
abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li
solid sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap
kanpe nan anplasman li ki sen an? Moun ki gen
men l’ inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap
resevwa benediksyon nan men Granmèt la, ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan men
Bondye ki sove li a. Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye
Jakòb la.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“N’ap wè Bondye jan l’ ye a”
NAN PREMYE
LÈT APOT JAN KI SEN: 3, 1-3
Nou menm mwen renmen anpil la:
Gade ki kalite renmen Papa a gen pou nou: yo rele nou
pitit Bondye, epi se sa nou ye. Se pousa tè a pa rekonèt nou, paske li pa
rekonèt li.
Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a nou se pitit
Bondye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen, lè l’ap parèt, n’ap sanble ak
li, paske n’ap wè l’ jan l’ ye a.
Tout moun ki
gen esperans sa a nan li, li vin sen, menm jan sa a sen an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Fè kè nou
kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN: 5, 1-12a
Lè sa a:
Jezi wè foul yo, li monte sou mòn nan; kon l’ chita,
disip li yo pwoche kote l’. Li louvri
bouch li, li kòmanse ba yo lansèyman, li di:
“Ala
kontantman pou moun ki pòv gras a lespri a, paske se pou yo menm peyi wa syèl
la ye.
Ala
kontantman pou moun ki dou yo, paske yo menm y’ap posede tè a.
Ala
kontantman pou moun ki nan lapenn yo, paske yo menm y’ap jwenn konsolasyon.
Ala
kontantman pou moun ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn
kont yo.
Ala
kontantman pou moun ki gen mizerikòd yo, paske yo menm y’ap jwenn mizerikòd.
Ala
kontantman pou moun ki san tach nan kè yo, paske yo menm y’ap wè Bondye.
Ala
kontantman pou moun k’ap travay pou lapè, paske y’ap rele yo pitit Bondye.
Ala
kontantman pou moun k’ap soufri pèsekisyon poutèt jistis la, paske se pou yo
peyi wa syèl la ye.
Ala
kontantman pou nou, lè y’ap madichonnen nou, lè y’ap pèsekite nou, lè y’ap di
tout kalite sa k’ mal kont nou, antan y’ap fè manti poutèt mwen: fè kè nou
kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pandan tout ane a,
legliz la fete fèt plizyè Sen. Pa ekzanp,
gen Sent Vyèj Mari, Sen Pyè, Sent Klè, Sen Matye, Sent Terèz, Sen Jak,
elatriye. Lè fini gen tout sen yo fete fèt chanpèt pou yo, nan chak bouk ak
chak komin kote ki pran sen sa yo pou patwon oubyen patwòn yo. Tout sen sa yo, se moun yo te ye, ki te viv
sou latè. Gen nan yo ki mouri lontan,
depi nan tan Jezi, epi gen ki mouri nan epòk pa nou, tankou Pap Jan Pòl II, ki
mouri nan lane 2005.
Lè Legliz la di “entèl
se yon sen”, sa vle di, nou rekonèt moun nan te viv tankou yon zanmi
Bondye. Jan moun nan te aji pandan l’ te
la, jan l’ te ede lòt moun konprann Levanjil la, jan l’ te sèvi malere yo, jan
l’ te pito soufri avan l’ te peche, se sa k’ fè nou rekonèt, moun nan te viv
daprè chimen Jezi montre nou an. Moun nan, se yon sen li ye, epi nou kwè li
toujou byen vivan, ansanm ak Jezikri.Men se pa 2 moun ki konn viv konsa, ki se
zanmi Bondye tout bon, men yo aji san moun pa wè. Nou pa ka sonje yo ak tout
non yo, paske nou pa konnen kiyès yo te ye. Se sa k’ fè Legliz la mete yon jou
apa pou tout moun sa yo, ki se jou premye Novanm. Jodi a n’ap fete fèt tout sen
yo nèt, kit se sen nou rekonèt, kit se sen nou pa rekonèt, men nou konnen yo
la. Se sa liv Apokalips la vle di lè l’ pale de « sankarant kat mil moun ki
make » yo. Se yon nimewo senbolik, ki egal a 12 fwa 12,000. Nimewo 12 la
reprezante tout tribi Izrayèl yo, sa vle di, syèl la plen zanmi Bondye. Syèl la
chaje sen ki sòti nan tout fanmi.Bondye rele nou chak pou nou tounen sen tou.
Levanjil jodi a l’ap montre nou chimen an pou nou rive nan mitan foul la k’ap
gade fas Mouton an e k’ap chante glwa li san pran souf.
LAPRIYÈ : Bondye ki gen
tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki fè nou favè pou nou fè lwanj merit
tout Sen ou yo nan yon sèl fèt, n’ap mande ou, tanpri, pou, antan yo tout
ansanm ap lapriyè pou nou, pou ou fè nou jwenn chaj padon ou nou anvi a. Konsa
n’a blanchi wòb nou nan san Mouton ou a ki san tach la. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON :
Mwen chwazi youn nan lansèyman yo Jezi bay nan
Levanjil jodi a. Pandan tout mwa novanm
nan, m’ap fè jefò pou m’ viv tankou yon zanmi Bondye, daprè lansèyman sa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario