Koulè Vyolèt
MÈS POU TOUT FIDÈL DEFEN YO
PREMYE MOSO LABIB
“Li bon pou ret
an silans ap tann sove Bondye a”
NAN LIV LAMANTASYON 3, 17-26
Nanm mwen egzile sot nan lapè a, mwen bliye byen yo. Mwen di: «Bèl bagay
mwen t’ap chèche a fini ansanm ak esperans mwen an ki te sot nan Granmèt la»
Sonje kijan m’ pòv, kijan m’ap trennen : se labsent ak fyèl. Memwa a
sonje, nanm mwen fonn anndan mwen.
Men sa m’ap sonje nan kè m’ pou m’ kapab espere : se mizerikòd Granmèt
la; paske nou pa deperi, bon kè l’ pa pati. Chak maten yo tou nèf, fidelite ou
gran.
«Pòsyon m’ se Granmèt la, se sa nanm mwen di ; se pousa m’ap tann li».
Granmèt la bon pou moun ki konte sou li yo, pou nanm k’ap chèche l’ yo. Sa
bon pou tann sove Granmèt la nan silans.
Pawòl
Granmèt la.
R/Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM
REPONS : 129,1-8
R/ Mwen espere nan Granmèt la, mwen espere nan pawòl
li.
Antan m’ nan bafon an mwen rele kote ou, Granmèt : Granmèt, koute vwa
m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa
lapriyè m’ nan.R.
Si w’ap obsève fot yo, Granmèt, Granmèt, kilès k’ap kanpe ?
Paske kote ou se padon, n’ap respekte ou. R.
Mwen konte sou ou, Granmèt ; nanm mwen konte sou pawòl li, nanm mwen
espere nan Granmèt la.R.
Plis pase
santinèl yo ap espere devan jou, Izrayèl ap espere nan Granmèt la. Paske kot
Granmèt la se mizerikòd, Sovè a la anpil kote l. Se li menm k’ap sove Izrayèl
sot nan tout fot li yo.R.
DEZYEM MOSO
LABIB
“Se pou nou mache nan nouvo lavi a”
NAN LÈT APOT PÒL POU MOUN WÒM
YO : 6, 3-9
Frè m’ yo:
Nou tout ki batize nan Jezikri, se nan lanmò l’ nou batize. Reyèlman nou
antere ansanm avèk li nan lanmò a gras a batèm nan, pou menm jan Jezikri leve
sot nan pami mò yo gras a glwa Papa a, konsa tou nou menm n’ap mache nan nouvo
lavi a.
Sèke si nou plante ansanm avèk li pou nou sanble avèk li nan lanmò l’ la,
konsa tou n’ap ansanm avèk li nan rezireksyon l’ nan. Nou konnen moun ansyen
nou an kloure sou kwa a ansanm avèk li, pou kò peche a kapab detwi, pou nou pa
sèvi peche a ankò. Sa a ki mouri a, li kòrèk pa rapò
a peche a.
Konsa si nou mouri ansanm avèk Jezikri, nou kwè n’ap viv ansanm avèk Jezikri
tou, nou konnen Jezikri leve soti nan pami mò yo, li p’ap mouri ankò, lanmò a
p’ap gen pouvwa sou li ankò.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Nan kay Papa m’ gen anpil kote pou abite”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN : 14, 1-6
Lè sa a :
Jezi di disip li yo : “Pa kite kè nou twouble. Se pou nou kwè nan
Bondye, epi kwè nan mwen menm tou. Nan kay Papa m’ nan gen anpil kote pou rete.
Otreman mwen ta di nou, paske m’a prale pare yon plas pou nou.
Lè m’a fin al prepare plas la pou nou an, m’a tounen vin pran nou avèk
mwen, konsa kote m’ap ye a, se la n’a ye tou. Epi kote m’a prale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen an”.
Toma di l’: “Granmèt, nou pa konnen kote ou a prale; kòman nou kapab fè
konnen chemen an?”
Jezi di l’: “Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot
Papa a, si l’ pa pase nan mwen”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frѐ ak
sѐ
m’ yo, yon lὸt fwa ankὸ, mwen salye nou pandan n’ap kontinye ti reflekyon nou
sou pawὸl Bondye ki se pawὸl lavi a. Jodi a 2 novanm, nan Legliz katolik, n’ap
sonje tout Fidѐl defen nou yo, sa vle di tout fanmi ak zanmi nou yo
ki pran devan nou. Pou nou menm kretyen, se yon gran fѐt esperans paske pou moun ki kwѐ nan Bondye, avѐk lanmὸ, lavi pa fini; men li transfome, sa vle di li pran
yon lὸt dimansyon kote li mete nou an kominyon avѐk Bondye. Deja, anpil fwa nan lavi nou, nou akonpaye
moun ki pwὸch nou oubyen ki lwen nou nan doulѐ lanmὸ, men lѐ se nou menm ki frape ak doulѐ sa a, nou resevwa l’ avѐk dezespwa, pafwa nou menm met fot la sou Bondye paske
nou konn di oubyen nou konn tande moun di: Bondye pa ta fѐ m’
sa. Kounye a, ann gade sa moso labib Legliz la pwopoze nou jodi a di nou sou
koze sa a. Nan premye moso labib la, nan liv Lamantasyon, nou ka konprann ke
nan mitan tanpѐt lavi a, nan dezespwa, nou dwe toujou espere nan
mizerikὸd Bondye. Pi
devan, nan sòm 129, nou jwenn menm esperans sa a ankὸ: ‘’ Mwen espere nan Granmèt la, mwen espere nan pawὸl li.’’ Nan
dezyѐm moso labib la, Sen Pὸl di nou se pou nou mache nan nouvo lavi a paske gras
a batѐm nou, nou antere avѐk Jezi pou nou kapab resisite avѐk li. Nan levanjil Sen Jan an, Jezi di disip li yo, pa
kite kѐ yo twouble, lakay Papa a gen anpil kote pou yo rete
paske li pral prepare plas pou yo. Sѐl kondisyon: kwѐ nan li, kwѐ nan Papa a epi mache dwat nan chemen an ki se Jezi li
menm menm, pou nou kapab rive kote Papa a. Kidonk, tout tѐks jodi a pale nou klѐ pou nou gen rezon pa pѐ lanmὸ, pa pѐdi lespwa nan doulѐ moun nou genyen ki pran devan nou men pou nou pito
gen esperans. Yo kite lavi sou tѐ a men yo gen yon lavi miyὸ, lavi ki p’ap janm fini an k’ap tann nou jan Jezi
pwomѐt nou an.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri
n’ap mande w’ fѐ
nou pi kwѐ
nan ou, nan pawὸl
ou, nan Jezi pitit ou, nan pwomѐs
li fѐ
nou, pou nou kapab rive konprann ke avѐk lanmὸ,
lavi pa fini men se yon lavi tou nѐf ki kòmanse. Amѐn
PWOPOZISYON: Mete pawὸl esperans sa yo an pratik epi ede lὸt moun viv yo, konsa n’a rive ansanm nan lavi ki p’ap
janm fini an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario