Koulè Vèt
TRANNTWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO
LABIB
“Solèy jistis
la ap leve pou nou”
NAN LIV PWOFÈT
MALACHI 4, 1-2a
“Men jou a k’ap
rive, l’ap flanbe tankou yon boukan dife; tout moun k’ap leve tèt yo, tout sa k’ap
fè peche yo, y’ap tankou pay, jou a k’ap vini an ap boule yo, deklarasyon
Granmèt lame yo, li p’ap kite ni rasin ni boujon pou yo.
Men nou menm
ki krenn non mwen, solèy jistis la ap leve pou nou, l’ap gen fòs gerizon nan reyon
l’ yo”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS:
97, 5-6. 7-9a. 9bc
R/ Granmèt la ap vini pou l’ jije pèp yo nan sa ki dwat
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik; sou
twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
Se pou lanmè a sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a,
ak sa ki abite nan li yo. Se pou larivyè yo bat bravo, se pou tout mòn yo danse
devan fas Granmèt la, paske l’ap vin
jije tè a.R.
L’ap jije fas tè yo nan jistis ak pèp yo nan sa ki dwat.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Si yon moun
pa vle travay, li pa dwe manje non plis tou”
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 3, 7 12
Frè m’ yo:
Nou konnen kijan pou nou pran modèl sou nou, paske nou
pa t’ rete nan mitan nou san nou pa fè anyen, nou pa t’ manje pen lòt moun pou
granmesi; men se nan travay avèk fatig nannuit ak lajounen nou t’ap redi, pou
nou pa peze sou kont pèsonn nan nou. Se pa paske nou pa ta gen dwa, men se pou
nou te kapab mete nou kòm modèl pou nou imite.
Reyèlman, lè nou te lakay nou an, nou te konn deklare
nou sa: si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje non plis tou. Nou tande gen
kèk moun nan pami nou k’ap mache san yo pa fè anyen, yo san souf, y’ap okipe sa
k’ pa gade yo.
Moun sa yo, k’ap aji konsa a, nou denonse yo, nou mande
yo, tanpri, o non Jezikri, Granmèt la, pou yo travay trankil, pou yo manje pen
pa yo.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Nan pasyans
nou n’ap jwenn lavi nou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21. 5-19
Te gen kèk moun ki t’ap pale sou Tanp lan: kijan li dekore
avèk bèl wòch ak bèl kado. Jezi di: “Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap
rete wòch sou wòch nan yo ki p’ap detwi”.
Yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: “Mèt, kilè bagay sa
yo ap rive, epi ki siy k’ap fè konnen lè y’ap kòmanse?”
Li di: “Atansyon pou yo pa twonpe nou; sèke anpil moun
ap vini o non mwen, y’ap di: “Se mwen menm, epi tan an ap rive”; pa suiv yo. Lè
n’ap tande pale sou lagè ak revòlt, pa pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan, men
se p’ap finisman an toutsuit.
Lè sa a li t’ap di yo: “Nasyon ap leve kont nasyon, peyi
wa kont peyi wa. Ap gen gran tranblemantè kèk kote, epidemi, grangou, bagay nan
syèl la k’ap fè moun tranble, epi gran siy.
Men anvan tout bagay sa yo, y’ap met men sou nou, y’ap
pèsekite nou, y’ap renmèt nou nan sinagòg yo ak nan prizon yo, y’ap trennen nou
devan wa yo ak prefè yo poutèt non mwen; sa ap ba nou okazyon pou nou temwaye.
Mete sa byen nan kè nou: nou pa bezwen prepare sa n’ap
reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon bouch ak sajès ki fè okenn ènmi nou yo p’ap
kapab reziste nou, ni demanti nou.
Epi sa k’ap trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi
nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou, tout moun ap rayi nou poutèt non mwen,
men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: se nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Mezanmi, nou
tout nou konnen travay fè jaden se yon travay ki ekzijan. Ou gen pou w’ travay
di, trimen, pran pasyans. Se pou ou prepare tè a, plante, sakle wouze, flite
ensektisid, veye pou bèt yo pa vin devaste jaden ou. Kab gen gwo loraj ak
inondasyon oswa sechrès k’ap vin menase rekòt la. E poutan, anpil moun fè travay
sa a ak kouraj ak devouman. Sa ki ba yo kouraj sa a, se espwa yo genyen y’a wè
bèl rekòt. Pandan y’ap travay, yo sonje rekòt la. Yo konnen: fatig yo pran ak
jefò y’ap fè pa pou granmesi. Yo konnen si yo kenbe fèm nan travay yo, Bondye
va ba yo bèl rekòt, l’a beni travay y’ap fè a. Ekazanp sa a fè nou konprann pi
byen kijan pou nou travay pou rèy Bondye kab rive.
Lè Jezi te ale lavil Jerizalèm, li te konnen lè li rive
pou l’ tounen al jwenn Papa l’. Li t’ap pale ak moun yo nan Tanp la, li t’ap di
yo: “Nou wè kijan Tanp sa a bèl? Epoutan, yo pral kraze li vide atè, paske nou
pa t’ rekonèt sovè Bondye te voye ba nou an”.
Jwif yo te konprann: lè yo pral detwi Tanp la, se lè sa
a lafen dimond rive, lè sa a tout bagay kaba. Men Jezi di yo: Non, se pa sa
lafen dimond. Anvan, va gen tranblemantè ak inondasyon, va gen maladi ak
grangou.
Nou menm menm ki patizan m’, yo pral pèsekite nou, yo
pral pale nou mal, yo va arete nou mete nou nan prizon. Va gen nan nou yo pral
touye poutèt mwen. Ata nan pwòp fanmi nou, va gen moun k’ap rayi nou. Men, nou
pa bezwen gen kè sote pou sa. Tout sa va itil nou pou sèvi m’ temwen. Mwen
menm, mwen pral kanpe ak nou. Nou pa bezwen dekouraje. Kenbe fèm, se konsa n’a
sove lavi nou.
Sè ak frè m’ yo, pawòl Jezi sa a pa dwe fè nou gen kè
kase. Okontrè, Jezi vle ba nou kouraj pou nou kab kenbe fèm, pou travay pou Rèy
Bondye kab rive.
Travay sa a sanble ak travay nan jaden. Se ti pa, ti pa
l’a reyalize. Chak fwa nou di, chak fwa nou fè yon bagay paske nou renmen
Bondye ak frè ak sè nou yo, se yon moso Rèy Bondye nou bati. Men, pandan tout
tan nou sou tè a, n’a jwenn traka, mizè, difikilte ak pèsekisyon, paske toujou
gen peche, paske peyi tèt ansanm nan pako fin reyalize. Se tankou abitan ki gen
pou trimen toutotan rekòt la pako rive.
Sèlman, nou pa gen dwa dekouraje.Yon jou Jezi pral
tounen nan mitan nou. Jou sa a, li pral disparèt dènye sa ki enpoze Rèy Bondye
parèt nan tout bèlte li. Se espwa sa a k’ap ede nou kenben fèm. Se sa Jezi vle
fè nou konprann jodi a ak pawòl levanjil la, ki yon ti jan difisil. Tout sa nou
fè, tout sa nou soufri ansanm ak Jezi nan travay sa a, li pa janm pou granmesi,
men l’a pote fwi pou tout tan.
Menm jan ak pou yon kiltivatè, tout travay li fè, tout
redi l’ap redi nan jaden itil pou rekòt la kab bèl. Epi tou, n’ap travay ak
espwa san nou pa janm dekouraje, paske nou konnen se Jezi li menm k’ap fè
travay nou rive bout. Se li menm
k’ap fè tout bagay vin tou nèf.
An n kite
tout pawòl sa yo entèpele nou pou Granmèt la kapab anime nou epi pou nou pa
dekouraje nan travay n’ap fè a.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ban m’ kouraj ou pou mwen kapab fè fas ak tout
difikilte lavi a. Tanpri pa kite mwen pèdi lespswa, paske ou p’ap janm kite
mwen soti wont.
PWOPOZISYON: Se pou nou kenbe fèm nan travay pou Rèy Bondye kab rive. Ann sonje
Jezi la avèk nou. Si nou mache ak li, nou pa bezwen pè anyen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario