Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Yon chemen
san antrav parèt nan lanmè Wouj la; yo vòltije tankou mouton”
NAN LIV SAJÈS LA 18, 14-16; 19, 6-9
Pandan yon silans lapè te vlope tout bagay, etan
lannuit la te rive nan mitan kous chemen l’, pawòl ou a ki gen tout pouvwa a
sot nan syèl la, nan twòn wa yo; tankou yon vanyan sòlda li fonse nan mitan tè
ki gen pou disparèt la; li pote yon epe pwenti: kòmandman w’ nan ki p’ap defèt
la; li kanpe, li plen tout bagay ak lanmò; pandan l’ kanpe sou tè a, li te rive
jous nan syèl la.
Tout kreyati te refèt daprè kategori li te genyen nan
kòmansman an, pou l’ sèvi kòmandman ou yo, pou pitit ou yo te kapab jwenn pwoteksyon
kont tout sa ki mal.
Reyèlman, nyaj la te kouvri kote yo poze tant yo a. Epi
kote ki te gen dlo anvan an, se tè sèk ki vin parèt; nan lanmè Wouj la se yon
chemen san antrav ki parèt, epi yon jaden plant nan fon lanmè a; tout nasyon an
travèse ladan l’, se men ou ki te pwoteje l’, yo te wè mèvèy ou yo ak pwodij
yo.
Yo te tankou chwal ki nan jaden zèb; tankou mouton, yo
t’ap vòltije, antan y’ap chante lwanj ou, Granmèt, ou menm ki te delivre yo a.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 104,
2-3. 36-37. 42-43
R/ Sonje mèvèy yo Granmèt la te fè a.
Chante pou
li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.
Tire lwanj
nou nan non l’ ki sen an, se pou kè k’ap chèche Granmèt la yo kontan.R.
Li frape tout
premye pitit nan peyi yo a, premye pitit tout fòs yo.
Li fè yo sòti avèk lajan ak lò; pa gen malad nan ras pa
yo.R.
Sèke li te sonje pawòl li ki sen an, sa l’ te di Abraam
sèvitè l’ la.
Li fè pèp li a sòti ak kè kontan, sa yo li chwazi a
avèk fèt.R.
LEVANJIL
“Bondye ap
tire vanjans pou sila yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ la”
MEN BÒN
NOUVÈL NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18, 1-8
Lè sa a:
Jezi t’ap di
disip li yo yon parabòl, pou montre fò yo toujou ap priye, san yo pa janm
sispann; li di: “Te gen yon jij nan yon vil, li pa t’ krenn Bondye, li pa t’ respekte
moun.
Nan vil sa a
gen yon vèv ki te konn vin kote l’ ap di: “Fè m’ jistis anba men sa k’ap pèsekite
m’ nan”. Pandan lontan, li pa t’ vle.
Aprè sa, li
di nan kè l’: “Menm si mwen pa krenn Bondye, mwen pa respekte moun, sèlman,
paske vèv sa a ap fatige m’, m’ap fè l’ jistis pou l’ pa vin kase tèt mwen ankò”.
Granmèt la di: “Koute sa move jij sa a di. Epi Bondye
pa ta fè jistis pou sa yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit?
èske l’ap fè yo pran pasyans toujou? Mwen di nou l’ap fè vit, l’ap rann yo
jistis. Sèlman, lè Pitit moun nan va rive, èske nou kwè l’ap jwenn lafwa sou tè
a?”
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Gen anpil sikonstans ki ka afekte lavi moun
negativman epi ki ka bay anpil soufrans ak tristès. Jounen jodi a, pa ekzanp,
anpil kote nan mond lan moun ap viktim vye zak enjistis, diskriminasyon ou
ekslizyon. Sitiyasyon sa yo konn pèmèt moun dekouraje, e menm rive fè
sa k’ pa sa. Jezi tou nan tan li te pase sou tè a, li pa t’epanye de gwo eprèv
ak kalamite sa yo, men sa ki te fè fòs li, se te lapriyè. Se sèl mwayen li te
genyen pou l’ kominike ak Papa l’ de tanzantan ; se pou sa lajounen kou
lannuit li te toujou ap priye. Tout aksyon li te fè, se te toujou fwi lapriyè
li. Li konnen enpòtans lapriyè, li konnen tout enpak sa genyen, se pou sa li
envite zanmi li yo pou yo pa ezite priye Bondye. Se lapriyè a k’ap pèmèt nou
dekouvri plan Bondye pou lavi nou. Lè Jezi mande pou nou pa lache Bondye yon
may la, pou nou kenbe l’ kout nan lapriyè, se di li di nou mete anpil lafwa nan
Bondye lè n’ap priye. Jezi fè nou konnen depi n’ap priye ak lafwa n’ap toujou
rete an kontak ak Bondye pou fè volonte l’ ; kòm konsekans lapriyè nou pa
ka pa ekzose, paske lè sa a tout lavi nou tounen yon priyè, e Bondye ap toujou
ban nou fòs Lespri Sen an pou nou kapab rete an kominyon ak li nan tout
sitiyasyon.
LAPRIYÈ : Jezi, ou menm ki se modèl nou nan lapriyè, tanpri ba nou
lafwa epi voye Lespri Sen an vin abite nan nou pou l’ kapab aprann nou lapriyè
menm jan avè w’, konsa n’a kapab dekouvri volonte Bondye e n’a rive travay pou rèy
Bondye a rive reyalize sou tout fas tè a. Amèn !
PWOPOZISYON : M’ap denonse sitiyasyon ki vle antrave lavi moun,
sitiyasyon ki fè moun pèdi diyite yo. Paske Bondye m’ap sèvi a, se yon Bondye
jistis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario