Koulè Blan
CHAL BOWOME KI SEN, EVÈK
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL POU WOMEN YO 12, 3-13:
Poutèt favè Bondye fè m'
lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou
ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li
daprè sa Bondye ba li ki pa l' nan lafwa. Gade byen: nou gen anpil manm nan yon
sèl kò, men chak manm gen sèvis pa l' apa. Se konsa tou, nou anpil, men nou fè
yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout nou fè yon sèl kò tou youn ak lòt, tankou
plizyè manm nan yon sèl kò. Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou
nou sèvi ak kado a daprè favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l'
anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa daprè lafwa li genyen an. Si yon lòt resevwa don pou l' fè yon travay, se
pou l' fè travay la. Moun ki resevwa don pou l' montre lòt anpil bagay, se sa
pou l' fè. Moun ki resevwa don pou l' bay ankourajman, se pou li bay
ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l' fè sa san gad dèyè.
Moun k'ap dirije a, se pou l' fè sa byen. Moun k'ap montre jan li gen kè sansib
la, se pou li fè sa ak kè kontan. Se pou nou youn renmen lòt ak tout kè nou.
Rayi sa ki mal, men kenbe fèm nan fè sa ki byen. Se pou nou youn renmen lòt
tankou frè ak sè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tout sa n'ap fè, se pou nou
gen respè youn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. Travay di, pa fè parese.
Mete aktivite nan sèvis n'ap rann Mèt la. Pandan n'ap tann lan, fè kè n'
kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann
lapriyè. Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa
moun ki vin lakay nou byen.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS: 88, 2-3. 4-5. 27 e 29
R/ Kè sansib Granmèt
la se tout tan m’ap chante l’.
Kè sansib Granmèt la, se tout tan m’ap
chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap
anonse verite ou nan bouch mwen. Sèke mwen te di:
“Pou tout tan kè sansib la bati, nan syèl la ou asire verite w’ la. R.
Mwen regle kontra avèk sila a mwen
chwazi a, mwen fè sèman bay David, sèvitè
m’ nan: pou tout tan m’ap asire desandans ou a, m’ap drese fotèy ou pou jenerasyon
ak jenerasyon.R.
Li menm l’ap
rele m’: “Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt
delivrans mwen”. Pou tout tan m’ap kenbe kè sansib mwen pou li, kontra m’
nan ap fidèl pou li.R.
LEVANJIL
“Bon gadyen an bay lavi l’
pou mouton l’ yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 10, 11-16
Lè sa Jezi di:
Se mwen menm ki bon gadò mouton yo. Bon gadò a ap
bay lavi l' pou mouton l' yo. Yon nonm
k'ap fè yon dyòb, se pa yon gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè l' wè bèt nan
bwa ap vini, li kouri kite mouton yo, li met deyò. Lèkonsa, bèt nan bwa a pran
mouton yo pote ale, li gaye yo. Nonm lan met deyò paske se yon dyòb l'ap fè. Ki mele l' ak mouton yo? Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a
konnen m', mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m' yo. Yo menm tou
yo konnen mwen. Mwen gen anpil lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mwen gen pou m'
mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon
sèl gadò.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap fete Sen Chal Bowome ki sen. Misye se te yon evèk, sa vle di, yon monseyè,
ki te vrèman fè travay li byen. Li t’ap swiv Jezi nan sans se Jezi ki bon gadò
mouton yo. Sa vle di, li te la pou pèp la lè yo te bezwen l’. Li te fè pou yo. Men sitou, gadò a te konnen
chak grenn moun nan dyosèz li a trè byen, paske li te viv nan mitan yo, li t’ap
mache ansanm avèk yo. Sa pa fè lontan, Pap Franswa te bay yon ekzanp ki fè n’
konprann mesaj la pi byen. Li di konsa, yon bon jan gadò mouton, fòk kò li gen
lodè mouton yo. Sa vle di, yon monseyè, yon pè, yon mè, menm yon minis kominyon
oubyen yon katechis, pa gen dwa mete anpil distans ant li menm ak pèp la, paske
li la pou sèvi pèp la. Si l’ toujou fre pandan pèp la ap pase mizè, sa vle di
li p’ap fè travay li byen. Se yon dyòb
l’ap fè ; men pèp la konnen l’ pa ka konte sou li vre. Se pa sa Jezi
mande. Menm jan Jezi te Bondye, men l’ tounen yon moun tou piti, yon malere,
pou li te ka sove nou, fòk nou menm k’ap swiv Jezi nou rete tou piti. Jezi te
pi gwo pase nou, men l’ te pataje tout sa l’ te genyen, li te kite foul la vin
touche li pou yo geri, li te kite etranje yo pale avè l’. Li te lave pye disip li yo. Nou menm ki gen
yon angajman nan legliz la, nou pa gen dwa sèvi ak ministè nou an pou n’ vante
tèt nou, ni pou n’ fè moun sèvi nou olye nou menm nou sèvi yo. Si nou menm k’ap
swiv Jezi kòmanse ap viv leson sa a nan fanmi nou, nan pawas nou yo, nan
vwazinay nou yo ak lekòl nou yo, anpil bagay gen pou yo chanje nan sosyete a.
PRIYE: Granmèt, n’ap mande ou kontinye voye bon jan gadò mouton pou legliz ou a! Nou bezwen monseyè, pè, mè, katechis, ak
minis ki kwè nan misyon yo a tout bon. Amèn.
PWOPOZISYON : Mwen menm antan ke
kretyen angaje, èske m’ pa twò lwen moun mwen gen pou m’ sèvi yo ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario