Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nou youn se manb lòt”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 12, 5-16a
Frè m’ yo:
Atout nou anpil la, se yon sèl kò nou ye nan Jezikri, nou chak nou youn
se manb lòt. Nou gen kado daprè gras yo ba nou an, kado sa yo divès: swa se
travay pwofèt selon mezi lafwa a; swa se sèvis la antan sèvis la ap fèt vre; swa
se moun k’ap anseye a antan li nan limit doktrin nan; moun k’ap ankouraje lòt
antan l’ap ankouraje yo vre; moun k’ap bay la antan li gen yon kè senp; moun k’ap
dirije a, antan l’ ap mete aktivite; moun k’ap swen malere, antan li gen bon
jan.
Renmen an pa gen ipokrizi, se pou nou rayi sa k’ mal, se pou nou kole kò
nou sou byen an, se pou nou youn renmen lòt avèk charite frè, se pou nou youn gen
pou lòt konsiderasyon, pa fè parès nan aktivite nou, se pou nou cho nan Lespri a,
se pou nou sèvi Granmèt la, se pou nou gen kè kontan nan esperans la, se pou
nou sipòte tray avèk pasyans, se pou nou ret fidèl nan priyè se pou nou separe
bay fidèl ki nan bezwen yo, se pou nou tout resevwa moun lakay nou.
Beni moun k’ap pèsekite nou, pa madichonnen. Fè kè nou kontan avèk sa yo
ki gen kè kontan yo, kriye avèk sa yo k’ap kriye yo; se pou nou dakò antre nou,
pa chèche foli grandè, men se pou nou renmen sa ki san pretansyon.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS: 130, 1. 2. 3
R/ Konsève nanm
mwen nan lapè kote ou, Granmèt.
Granmèt, kè m’ pa gonfle, je m’ pa gen lanbisyon; mwen pa mache nan
grandè, ni nan mèvèy ki depase m’.R.
Se byen poze, byen trankil mwen kite nanm mwen, tankou ti bebe sou lestonmak
manman l’, tankou ti bebe, konsa nanm mwen ye nan mwen.R.
Se pou Izrayèl espere nan Granmèt la, depi koulye a jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Sòti nan chemen yo, ak nan tras wout yo, epi
fòse yo antre, pou kay mwen an kapab plen”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 14, 15-24
Lè sa a:
Youn nan envite yo di Jezi: “Se chans pou moun k’ap manje nan peyi kote
Bondye wa a!” Men li menm li di l’: “Yon mesye te fè yon gran soupe, li envite
anpil moun. Lè pou soupe a fèt, li voye sèvitè l’ la, pou l’ di envite yo pou
yo vini, paske tout bagay deja fin pare. Yo tout kòmanse fè eskiz. Premye a di
‘l: “Mwen achte yon pwopriyete, mwen blije sòti pou m’ al wè l’: tanpri, eskize
m’. Yon lòt di: “Mwen achte senk makòn bèf, mwen gen pou m’ eseye yo: tanpri, eskize
m’. Lòt la di: “Mwen sot marye, se pou sa mwen pa kapab
vini”.
Sèvitè a
tounin, li anonse mèt li a bagay sa yo. Lè sa a chèf kay la fache, li di sèvitè
l’ la: “Sòti byen vit sou plas yo ak nan katye lavil la epi depi se pòv ak
malad, avèg ak bwate, fè yo antre isit la”. Sèvitè a di: “Granmèt, mwen fè sa,
jan ou te kòmande a, men gen plas toujou”. Mèt la di sèvitè a: “Sòti nan gran
chemen ak nan tras wout yo, epi fòse moun antre, pou kay mwen an kapab plen”.
Mwen di nou,
pèsonn nan mesye sa yo mwen te envite a, p’ap goute nan soupe m’ nan”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Tout lavi yon kretyen chita sou renmen. Renmen sa
sòti nan Bondye li desann nan kè moun pou l’ fè nou fè yon sèl nan Jezikri.
Renmen an se fòs tout kretyen, se li k’ap soutni nou tout tan e tout kote lè
nou aksepte viv nan kondisyon ki mache ak sa Bondye vle. Lè nou fè yon sèl nan renmen youn lòt, Bondye
kontan, e lè sa nou vin tounen manb kò Jezikri. Kidonk nou chak se manb kò Kris
la ki se Legliz la. Se reyalite sa Sen Pòl ap eksplike nou nan chapit 12 Lèt
pou Women yo. Nou tout nou gen plas nou, nou gen responsabilite nou nan Legliz
Jezikri a. Piga nou fè bak paske se nou tout ki pou mete men ansanm pou n’ fè
wayòm renmen an tabli tout bon vre nan mitan nou. Lè pa gen renmen, pa ka pa
gen lapè, e depi gen bagay sa yo Lespri Bondye la tou. Se Lespri Bondye a menm
k’ap fè nou repoze nan li, li menm ki Granmèt nou. Lè sa nanm nou vin an pè,
nou pa boulvèse paske Granmèt la avèk nou. Se poutèt sa nou pa dwe janm sispann
lage nou nan pye Bondye. Se pou nou reponn lè Bondye rele nou paske se nan li
tout espwa nou ye, se li menm k’ap delivre nou anba tout sa k’ap antrave nou.
Se li menm menm ki envite nou vin jwenn li nou tout ki bouke anba chaj, l’ap
delivre nou. Vini patisipe nan gran fèt l’ap fè pou nou. Li se Bondye tout
moun : rich, pòv, soud, bèbè, mancho, fanm ak gason vanyan, moun ki gaya
ak moun ki malad, moun ki konn li ak moun ki pa kon li, etsetera. Nou pa bezwen
pè pwoche vin jwenn li menm si nou ta santi peche nou yo twò lou sou do nou. Li
se Bondye mizerikòd, li toujou anvi pou nou rete bò kote li, pou nou fè youn ak
li. Li kite pòt kay li louvri byen gran pou tout moun ki vle antre lakay li.
Lè bondye rele w’, ou pa dwe gen lòt bagay ki pou
anpeche w’ reponn paske okenn byen materyèl pa enpòtan pase Bondye. Tout moun
lib pou yo reponn jan yo vle, men tankou pwovèb la di «pri pye w’ veye tonbe w’».
Se pou w’ bay yon repons ki fè Bondye plezi pou w’ pa regrèt demen, pou w’ pa
di si m’ te konnen.
LAPRIYÈ :
Bondye Granmèt, tanpri fè nou anvi viv kote ou tout
tan ak kè kontan pou nou pa gen lide fè eskiz pou n’ fè bak lè ou rele nou pou n’
patisipe nan bèl fèt w’ap fè pou nou an ki se lamès la. Pa pouvwa Jezikri
Granmèt nou an. Amèn.
PWOPOZISYON : Pandan semèn nan, nou tout moun, ann chèche
dekouvri vwa Bondye k’ap rele nou pou n’ sèvi li nan lòt yo ak tout kè nou.
Chèche yon moun ki p’ap ka remèt ou sa, pou w’ fè yon kichòy pou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario