Páginas

MÈKREDI 6

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Reyalizasyon lalwa a se renmen an”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 13, 8-10
Frè m’ yo :
Nou pa dwe gen okenn dèt pou pèsonn, sof pou nou youn renmen lòt ; sèke moun ki renmen pwochen l’, li reyalize lalwa a. Reyèlman vre “pa fè adiltè, pa touye, pa vòlè, pa fè fo-temwayaj, pa fè anbisyon”, epi nenpòt ki lòt kòmandman ankò, se nan pawòl sa a li jwenn fondman l’ : “Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou menm”.
Renmen pwochen an pa fè sa k’ mal. Donk, fè tout sa lalwa a mande fè a, se renmen an.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS: 111, 1-2. 4-5. 9
R/ Moun ki gen bon jan, li pran pitye, li pataje
Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki kole kò l’ anpil nan kòmandman l’ yo. Ras li ap gen pouvwa sou tè a, jenerasyon moun ki dwat yo ap obeyi.R.
Li leve nan fènwa yo, limyè pou moun kòrèk yo, li gen mizerikòd, li pran pitye, li kòrèk. Moun ki gen bon jan an, li pran pitye, li pataje, li ranje zafè l’ yo an règ. R.
Li separe, li bay pòv yo; jistis li dire pou tout tan gen tan, kòn li leve nan glwa a.R.
LEVANJIL
“Moun ki pa renonse tout sa l’ posede, li pa kapab vin disip mwen”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 14, 25 33
Lè sa a:
Anpil foul t’ap mache avèk Jezi, li vire, li di yo: “Si yon moun vin jwenn mwen, epi li pa rayi papa l’, manman l’, madanm li, pitit li, frè l’ ak sè l’, epi ata pwòp lavi l’, li pa kapab vin disip mwen; epi moun ki pa pote kwa li dèyè mwen, li pa kapab vin disip mwen.
Amèn, si youn nan nou vle bati yon tou, èske li pa kòmanse chita pou l’ kalkile depans ki pou fèt, si l’ gen kont pou l’ rive bout; pou, si l’ fin poze fondasyon, epi li pa ka rive bout, tout moun ki wè sa, pa kòmanse pase l’ nan jwèt, ap di: “Moun sa a kòmanse bati, epi li pa ka fini”?
Oubyen kilès wa, si l’a pral fè lagè kont yon lòt wa, li pa kòmanse chita pou l’ kalkile, si avèk di-mil sòlda, li kapab al rankontre sa a k’ap vin sou li avèk ven mil la? Otreman, pandan lòt la lwen toujou, li voye yon delegasyon pou mande kondisyon lapè.
Se konsa tou, tout moun nan nou ki pa renonse tout sa l’ posede, li pa kapab vin disip mwen”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a ankò pawòl Bondye a chita kò l’ nan renmen an ki se kondisyon pou nou fè youn ak Jezikri, Sèl Sovè mond lan. Lè nou gade byen, ant sa nou li nan Wom. 13, 8-10, ki mande n’ pou n’ renmen frè nou tankou pwòp tèt pa nou, ak sa nou li nan Lik 12, 25-33, ki mande pou n’ rayi sa nou panse n’ ta pi renmen an pou n’ swiv Jezi, nou te ka panse e menm di se yon kontradiksyon. Poutan pa gen kontradiksyon ladan. Li pa an kontradiksyon non plis ak kòmandman Bondye a. Nan tout moso labib sa yo, se kondisyon pou nou swiv Jezi, pou nou vin patizan li y’ap ban nou. Yon moun pa kapab di li se patizan Jezi si l’ pa gen renmen nan kè l’ pou ata moun ki pa renmen l’ lan. Kidonk nou pa ka pa pase pa renmen an pou nou rive nan lavi ak Bondye renmen an. Se renmen an k’ap fè nou aji byen youn ak lòt, e k’ap fè nou rete zanmi ak Bondye. Men nan Levanjil Sen Lik la Jezi vle di nou pou nou swiv li toutbon vre, sa mande anpil sakrifis, sa mande depasman ; men se pa paske li vle pou nou rayi manman n’ak papa n’oubyen lòt moun. Li vle montre nou menm sa nou panse ki pi enpòtan pou nou an, sa nou ta pi renmen an pa dwe anpeche nou swiv li. Se vre nou bezwen yon ti kras byen materyèl pou nou viv, men yo pa dwe tounen yon obstak nan relasyon nou ak Bondye ; sa vle di nou pa dwe mete yo nan menm ran ak Bondye ale wè pou n’ ta mete yo pi wo. Nan swiv Jezikri n’ap jwenn anpil difikilte tankou enkonpreyansyon, pale mal, rayisans, jouman… men ki pa dwe fè nou dekouraje okontrè ki dwe fè nou sèvi Bondye ak plis renmen nan kè nou paske se Jezi menm ki di : si yon moun pa pote kwa l’ pou l’ swiv li moun sa pa ka patizan l’. Renmen pa chita nan pawòl sèlman, men se nan aksyon w’ yo tout moun va rekonèt ou se yon moun ki gen renmen Bondye a nan kè ou, e se lè sa a yo va konnen ou kòm vrè patizan Jezikri.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ou menm ki ba nou sèl pitit ou a Jezikri pou sove nou, tanpri fè nou swiv li ak tout kè nou menm lè nou rankontre difikilte ; e fè nou renmen youn lòt jan ou vle l’ la. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an. Amèn.


PWOPOZISYON : Ann chèche viv nan renmen toutbon, sa vle di nan poze bon aksyon nan Legliz la, nan sosyete a, tout kote nou ye, pou n’ ka tounen vrè patizan Jezikri.

No hay comentarios:

Publicar un comentario