Páginas

JEDI 7

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou ye”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 14, 7-12
Frè m’ yo:
Pèsonn nan nou pa viv pou pwòp tèt li, epi pèsonn pa mouri pou pwòp tèt li. Paske si n’ap viv, se pou Granmèt la n’ap viv, si nou mouri, se pou Granmèt la nou mouri. Konsa, swa n’ap viv, swa nou mouri, se pou Granmèt la nou ye.
Se pou sa reyèlman Jezikri mouri, li leve, pou l’ kòmande ni moun ki mouri yo ni moun ki vivan yo. Ou menm menm nan, pouki sa w’ap jije frè w’ la oubyen ou menm pouki sa w’ap meprize frè w’ la? Sèke nou tout n’ap konparèt devan tribinal Jezikri a.
Reyèlman, sa ekri: “Mwen vivan, deklarasyon Granmèt la, paske tout jenou ap plwaye devan m’, tout lang ap fè lwanj Bondye”. Konsa chak moun nan nou ap rann Bondye kont pou pwòp tèt pa l’.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS: 26, 1. 4. 13-14
R/ Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.
Granmèt la se limyè m’, se sove mwen, kilès pou m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan kilès pou m’ tranble? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche: pou m’ abite nan kay Granmèt la tout jou lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo. Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, ret tann Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Ap gen plis kè kontan nan syèl la poutèt yon sèl moun ki te nan peche epi ki konvèti”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15. 1-10
Lè sa a:
Pèseptè yo ak pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’.
Farizyen yo ak skrib yo t’ap plenyen, yo t’ap di: “Gade, sa a resevwa pechè yo, li manje avèk yo”.
Li di parabòl sa a pou yo: “Kilès nan nou, si l’ gen san mouton, epi li pèdi youn nan yo, pou l’ pa kite katrevendiznèf yo nan dezè a, epi pou l’ al chèche sa k’ pèdi a, joustan li jwenn li?
Epi, lè l’ jwenn li, li poze l’ sou zepòl li ak kè kontan, li rive lakay li, li rele zanmi yo ak vwazen yo, li di yo: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton m’ nan ki te pedi a”.
Mwen di nou se konsa ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon sèl pechè ki konvèti pase pou katrevendiznèf moun kòrèk, ki pa bezwen konvèsyon.
Oubyen kilès madanm ki gen dis pyès lajan, si l’ pèdi youn, pou l’ pa limen lanp, pou l’ pa bale kay la, pou l’ pa chèche byen, joustan li jwenn li?
Epi, lè l’ jwenn li, li rele zanmi yo ak vwazen yo, li di: “Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn pyès lajan m’ nan mwen te pèdi a”.
Se konsa, mwen di nou, ap gen plis kè kontan devan anj Bondye a poutèt yon sèl moun ki te nan peche epi ki fè penitans.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Genyen anpil moun ki di Bondye si tèlman bon, nan dènye jou a l’ap sèlman rele tout moun pou yo ale nan syèl. Konsa yo pa bezwen fè okenn jefò, yo ka kontinye viv jan yo pi pito. Apot Pòl raple nou nou menm ki patizan Jezikri, tout sa n’ap fè se pou nou fè li nan Bondye: “swa n’ap viv, swa nou mouri se pou Granmèt la nou ye”. Li kontinye pou li di nou pa jije frè nou epi tou dènye jou a n’ap gen pou nou rann kont a Granmèt la sou sa nou te fè. Kidonk li ta bon pou nou pa tonbe nan pyèj sa a ak moun k’ap di Bondye tèlman bon l’ap lage piyay nan dènye jou a. P’ap gen piyay! P’ap gen dasomann! Se paske p’ap gen dasomann ki fè Bondye voye nou chak nan misyon pou nou fè tout moun konnen Bòn Nouvèl li a. Jezi ba nou yon ekzanp klè nan levanjil jodi a, kote li envite nou al chache grenn ki rete deyò a, paske li ta vle tout moun gen tan antre nan patiraj la avan dènye jou a. Epi se lajwa ak kè kontan lè moun ki te deyò patiraj la antre.
Wè pa wè ap gen yon dènye jou, e dènye jou sa a ap gen rankont ak Granmèt la. Konsa nou dwe prepare nou chak jou pi plis pou nou kapab pare pou rankont sa a. Men nou gen misyon pou nou ede lòt moun prepare tèt pa yo tou, paske rive nan paradi a pa sèlman yon batay kote chak koukouy ap klere pou je pa yo, se pito chak koukouy ap klere pou je pa yo epi tou klere pou lòt yo.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt paske ou fè m’ konnen Jezikri nan lavi mwen epi pou m’ viv pou li tout lavi mwen. Ede m’ travay pou tout lòt moun ki poko konnen nèg sa a rive konnen li. Amèn!

PWOPOZISYON: Pandan jounen sa a m’ap pale ak yon moun ki pa kwè nan Jezikri sou Bòn Nouvèl delivrans la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario