Páginas

VANDREDI 8

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen se sèvitè Jezikri nan nasyon yo, pou kado nasyon yo kapab fè Bondye plezi”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 15, 14-21
Mwen sèten, frè m’ yo, nou plen avèk charite, nou plen ak tout kalite syans, pou nou youn kapab bay lòt avètisman. Men, sou kèk pwen, frè m’ yo, mwen te ekri nou avèk lodas, pou m’ rafrechi memwa nou, poutèt gras Bondye te ban mwen an, pou m’ vin tounen sèvitè Jezikri nan nasyon yo, avèk misyon sakre pou m’ anonse bòn nouvèl Bondye a, pou nasyon yo ka tounen ofrann ki fè Bondye plezi, antan Lespri Sen an mete l’ apa [sanktifye l’].
Mwen kontan leve tèt mwen nan Jezikri poutèt sèvis Bondye a. Mwen pa ta pran chans pale si Jezikri pa t’ sèvi avèk mwen pou fè nasyon yo vin obeyi l’, ak pawòl ak aksyon, ak pouvwa mirak ak pwodij, ak pouvwa Lespri Sen an; se konsa, depi Jerizalèm travèse jous Iliri a, mwen fè bòn nouvèl Jezikri a rive vre.
Se konsa tou mwen preche bòn nouvèl sa a kote yo pa t’ ko tande pale sou Jezikri, pou m’ pa t’ bati sou fondasyon lòt moun, men daprè sa k’ ekri a: “Moun yo pa t’ ko anonse l’ yo, y’ap wè l’; moun ki pa t’ ko tande yo, y’ap konprann”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.          
SÒM REPONS: 97, 1. 2-3a. 3cd-4
R/ Devan je nasyon yo Granmèt la devwale sove l’ la.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, paske li fè mèvèy.
Glwa sove l’ la parèt nan men dwat li ak bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen sove l’ la, devan je nasyon yo li devwale jistis li a. Li fè sonje mizerikòd li a ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè sove Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
LEVANJIL
“Pitit syèk sa a gen plis sajès pase pitit limyè yo nan relasyon yo genyen antre yo”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 16, 1-8
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
“Te gen yon mesye ki te rich, li te gen yon kontab, yo denonse kontab la kote l’, poutèt li t’ap gaspiye byen l’ yo.
Li rele l’, li di l’: “Sa m’ tande sou ou a? Rann kont sou sa m’ te konfye ou yo; paske ou p’ap jeran m’ ankò”.
Kontab la menm reflechi, li di nan kè l’: “Ki sa pou m’ fè, paske mèt mwen wete plas kontab la nan men m’? Travay tè a, mwen pa kapab; mande charite, m’a wont. Mwen konnen sa m’ap fè, pou lè m’ pa kontab ankò, yo resevwa m’ nan kay yo”.
Konsa li rele chak moun ki te dwe mèt li, li di premye a: “Konbyen ou dwe mèt mwen an?” Li di: “San barik luil”. Li di l’: “Pran resi ou la, epi chita vit: ekri senkant”. Aprè sa li di yon lòt: “Ou menm menm, konbyen ou dwe?” Li di: “San sak ble”. Li di l’: “Pran biye ou yo, epi ekri katreven”.
Mèt la fè lwanj kontab malonèt la, paske li te aji avèk ladrès; sèke pitit syèk sa a gen plis ladrès pase pitit limyè yo nan relasyon yo genyen antre yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Rann kont, se yon bagay anpil moun pa renmen. Depi yo mande rann kont, gen sa ki di se paske yo pa fè yo konfyans. Anpil fwa se paske bagay yo pa klè, paske jan pwovèb la di sa a: regleman jis pa gate zanmi. Levanjil la montre nou aklè nou gen pou nou rann kont de sa nou te fè. Yo ban nou ekzanp yon kontab ki pa t’ fè travay li byen, epi lè yo te di li rann kont li te deja wè l’ap pèdi dyòb li. Kòm li deja wè l’ap pèdi dyòb li, li tonbe nan fè magouy. Konsa li panse li te aji tankou yon moun ki trè entèlijan. Men pa bliye nenpòt jan ou ta entèlijan ou p’ap kapab twonpe Granmèt la. Apòt Pòl nan dezyèm lekti a prezante nou travay li nan gaye Bòn Nouvèl la. Konsa nan dènye jou li gen koze pou li rann kont. E ou menm? Kisa ou fè nan travay Granmèt la? Èske ou pare pou ou ta rann kont. Tankou apòt Pòl nou envite pou nou anonse Jezikri espesyalman kote yo poko tande li epi tou konfòme lavi nou ak mesaj Jezikri a. Sa ap vrèman bèl nan dènye jou a, pou nou kapab rann kont san nou pa gen pou nou fè magouy, men ak kè kal, paske n’ap sèlman prezante yon bilan sou sa nou te fè. N’ap prezante sa Granmèt la li menm konnen deja, paske li se Mèt nou epi li konnen tout sa ki nan fon kè nou. Frè m’ ak sè m’ yo, an nou travay tankou apòt Pòl pou nou ka rann kont san grate tèt nan dènye jou a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mwen vle travay byen pandan lavi mwen, dekwa nan dènye jou a mwen kapab rann ou kont san pwoblèm. Klere mwen chak jou ak limyè Lespri Sen an pou m’ rive fè travay ou a kòmsadwa. Amèn!
PWOPOZISYON: M’ap raple yon sè mwen oubyen yon frè mwen jodi a li gen pou li rann kont yon jou devan Granmèt la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario