Koulè Blan
KONSEKRASYON GRAN LEGLIZ LATRAN-AN
(FÈT)
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen wè dlo k’ap sòti nan kay sakre a, tout
moun kote dlo sa a rive, yo sove”
NAN LIV PWOFÈT
EZEKYÈL 47, 1-2. 8-9. 12
Jou sa yo:
Anj la fè m’
tounen nan pòt kay Granmèt la, mwen wè dlo ki t’ap sòti anba papòt kay la nan
direksyon olevan; sèke fas kay la t’ap gade nan direksyon olevan, dlo yo menm t’ap
desann nan kote Tanp la, adwat, nan mitan lotèl la. Li fè m’ sòti nan chemen
pòt nan nò a, li fè m’ tounen nan chemen deyò a nan pòt deyò a, nan chemen ki
gade nan direksyon olevan an; mwen wè dlo yo k’ap gonfle nan kote dwat la.
Li di m’: “Dlo
sa yo, k’ap pati al nan bann sab nan direksyon olevan an, epi k’ap desann nan
tè plat dezè a, y’ap antre nan lanmè a; y’ap gaye, epi dlo lanmè yo ap refè;
tout bèt vivan k’ap glise, tout kote ravin dlo a rive, l’ap viv, ap gen anpil
kantite pwason; lè dlo sa yo fin rive la a, tout bagay ravin dlo a touche, y’ap
refè, y’ap viv.
Bò ravin nan,
nan chak kote, tout kalite pye bwa ki donnen fwi ap pouse; p’ap gen fèy k’ap
tonbe sot nan yo, fwi yo p’ap manke, chak mwa y’ap donnen fwi nouvo; paske dlo l’
yo se nan Tanp la yo sòti, fui yo ap sèvi kòm manje, fèy yo ap sèvi kòm remèd”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS: 45, 2-3. 4-5. 89-9
R/ Kouran rivyè
yo met kè kontan nan vil Bondye a, nan tant sa a ki anwo nèt la, nan joupa ki sen
yo.
Bondye se
kachèt nou ak fòs nou, li pote nou anpil sekou nan tray nou yo.Se pousa nou p’ap
pè, menm si tè a chanje, menm si mòn yo travèse nan fon lanmè-a.R.
Kouran rivyè
yo met kè kontan nan vil Bondye a, nan tant sa a ki anwo nèt la, nan tant ki sen
yo. Bondye nan mitan l’, li p’ap souke; Bondye ap pote l’ sekou granmaten devan
jou.R.
Granmèt lame
yo avèk nou, kachèt pou nou, Bondye Jakòb la. Vini, n’a wè travay Granmèt la, li
mete mèvèy sou tè a.R.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi
Bondye, mèsi.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Nou se Tanp Bondye a”
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 3, 9b-11. 16-17
Frè m’ yo:
Nou se kay Bondye. Daprè gras Bondye a, sa l’ fè m’ nan, mwen poze
fondasyon tankou yon enjenyè ki gen sajès; yon lòt bati sou li. Men se pou chak
moun gade byen kijan l’ap bati sou li. Sèke pèsòn pa kapab poze dòt fondasyon
pase sa k’ deja poze a, sa vle di Jezikri.
Èske nou pa konnen se Tanp Bondye a nou ye, epi Lespri Bondye a abite
nan nou? Si yon moun derespekte Tanp Bondye a, Bondye ap fini ak li. Sèke Tanp
Bondye a sen, epi kay Tanp sa a se nou menm.
Pawòl
Granmèt la.
R/Mèsi
Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Li t’ap pale osijè tanp kò l’ la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 2, 13-22
Pak Juif yo te tou pre, Jezi monte Jerizalèm; nan Tanp la li jwenn
machann bèf ak mouton ak pijon, epi moun k’ap chanje lajan, ki te chita.
Li fè tankou yon fwèt ak kòd, li chase yo tout sot nan Tanp la, ansanm
ak mouton yo ak bèf yo, li chavire monnen moun ki t’ap chanje lajan yo, li vire
tab yo bouch anba.
Moun yo ki t’ap vann pijon yo, li di yo: “Wete bagay sa yo sot isit la,
pa fè kay Papa m’ nan vin tounen kay komès”. Disip li yo
vin sonje yo te ekri: “Chalè renmen pou kay ou a ap devore m’”.
Juif yo pran
lapawòl, yo di l’: “Ki siy w’ap montre nou pou sa w’ap fè a?”
Jezi reponn,
li di yo: “Detwi Tanp sa a, epi nan twa jou m’ap drese li”.
Juif yo di: “Se
karann-sizan yo pran pou bati Tanp sa a, epi ou menm nan twa jou w’ap drese l’?”
Li menm menm, li t’ap pale sou Tanp kò l’ la.
Lè l’ resisite
sot nan pami mò yo, disip li yo vin sonje li te di sa, yo kwè nan sa k’ ekri yo
ak nan pawòl yo Jezi te di a.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Dlo se yon sous ki bay lavi ak pouvwa, san dlo latè t’ap
yon peyi dezè, kote swaf ak grangou pa ki t’ap kite oken moun viv. Nou sèvi ak
dlo pou nou kab benyen, pirifye nou, e dlo pa sèlman yon senbòl pirifikasyon ak
lavi, men tou, se yon senbòl pwòpte moral. Dlo se yon koute de bò: li pote
lavi, konsa tou li detwi lavi. Nou konn tande kòman anpil moun konn mouri nan
inondasyon; nan jou pase a yo pa ekzanp, nou te aprann nan nouvèl gen anpil
fanmi ki te nwaye akòz gwo inondasyon ki te gen nan peyi Meksik. Tèm dlo, nan chapit 48 nan Liv Ezekyèl la, se yon
faktè enpòtan nan restorasyon pèp Bondye a, aprè li retounen sot an ekzil,
Bondye ap vide dlo pou pirifye ak lave kè moun yo pou pèmèt yo sèvi l’ fidèlman
nan lwa li yo. Tanp lan se siy visib prezans Bondye sou tè a. Se tankou
yon sous ki pa janm tari, k’ap koule nan gwo larivyè ki tranfòme an flèv pou
koule nan lanmè: dlo sa a gaye lavi a ak sante nan pasaj li yo pou pye bwa ka
grandi ak bay bon fwi, tankou nan paradi (jaden Edèn nan). Konsa nou ka
konprann kòman dlo a jwe yon wòl trè senbolik, ki fè nou konprann kalite sous
lavi Bondye a k’ap alimante pwòp lavi pa nou nan tan mesyanik yo epi ki pèmèt
lavi nou boujounen.
Se
pou rezon sa, Jezi, yon lè nan jès li yo, montre li plen otorite pou l’ te mete
lòd nan tanp lan. Li te gen yon respè
pwofon pou tanp lan, paske tanp
lan se lakay papa l’ , se kay lapriyè,
se sa ki fè li pa t’
kontan ke yo te fè kay papa l’ tounen
yon mache, yon sant komèsyal. Li mete tout machann yo deyò. Atitid sa ta pral
make kòmansman konfli ant Jezi ak jwif yo e li pral debouche sou lamò sou
lakwa. Moun ki t’ap vann yo, yo t’ ap chèche pwòp enterè yo, se lajan yo yo
t’ap defann, yo pat bay Bondye regle anyen pou yo, yo pa t’ respekte karaktè
sakre tan plan te genyen. Menm jan Jezi chase vandè yo nan tanp lan pout e li
pirifye l’, se konsa Bondye pa janm sispann pirifye pèp li a malgre kondisyon
li kòm pechè. Chak kretyen dwe montre respè ak anpil devouman pou Legliz la, ki
se kò Kris la. Chak fwa nou kontinye ak peche nou yo, enjistis nou yo,
mechanste nou yo, ipokirizi nou yo, se pou nou panse a Jezi ki montre anpil respè
pou kay Bondye, ki kouri dèyè machann yo nan tanp lan. Konsa, menm jan nou menm
kretyen nou dwe pran mezi pou nou korije ak defann kay sakre Granmèt la, etan
n’ap sonje espas ki pi sakre pou Bondye a se kè nou. Kidonk nou gen pou nou
chase tout vye santiman ki vle vin pran plas ladan li, santiman ki p’ap pèmèt
nou viv nan zanmitay ak Bondye.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou menm ki gen tout pouvwa, ki bay tout bagay
yon sans, tanpri fè lavi nou tounen yon sous lavi ki branche avèk sous pa w’
la, pou sila yo ki swaf kapab puize.
PWOPOZISYON: Menm jan Jezi te
defann kay sakre a, nou menm kretyen, se pou nou sonje misyon nou kòm pè,
pwofèt ak wa nan Jezikri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario