Koulè Vèt
TRANNDEZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE MOSO LABIB
“Wa tout tè a ap leve nou nan rezireksyon tout
tan an”
NAN DEZYÈM
LIV MAKABE YO 7, 1-2. 9-14
Jou sa yo:
Wa-a te arete
sèt frè, ansanm avèk manman yo, li t’ap fòse yo pou yo manje vyann kochon,
malgre defans lalwa-a, antan li fè bat yo ak fwèt epi rigwaz.
Youn nan yo,
pi gran an, di konsa: “Ki sa w’ap chèche, ki sa ou vle nan men nou? Nou pare
pou nou mouri, pase pou nou dezobeyi lalwa Bondye papa nou yo”.
Dezyèm nan menm,
lè l’a pral mouri, li di: “Ou menm, mechan, ou touye nou pou lavi sa a, men Wa
tout tè a ap fè nou leve vivan pou lavi tout tan an, nou menm ki mouri pa lalwa
l’ yo”.
Aprè l’, yo
maltrete yon twazyèm; li lonje lang li menm lè yo mande l’ li a, li lonje men l’
avèk kouraj, li di avèk asirans: “Se syèl la ki ban m’ bagay sa yo, men poutèt
lalwa Bondye a, koulye a mwen meprize yo, paske mwen espere m’ap resevwa yo nan
men li”; se pousa wa a avèk moun yo ki te avèk li a, yo sezi pou kouraj jenòm
nan, ki pa t’ konsidere soufrans sa yo pou anyen.
Lè sa a fin
mouri konsa, yo maltrete katriyèm nan menm jan, ak gwo soufrans; li te deja
prèske mouri, li di: “Pito m’ mouri nan men moun yo, antan nou espere Bondye ap
resisite nou; kanta ou menm menm ou p’ap leve pou lavi a”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS: 16, 1. 5-6. 8b e 15
R/ M’ap satisfè
ak fas ou, lè m’ap leve, Granmèt.
Koute jistis mwen, Granmèt, panche sou priyè m’ nan. Pare zòrèy ou nan
priyè m’ nan, se pa ak bouch manti.R.
Kenbe plant pye m’ nan tras wout ou yo, pou demach mwen pa tranble.
Mwen menm se kote ou mwen rele, paske ou koute m’, Bondye; panche zòrèy
ou sou mwen, koute pawòl mwen yo.R.
Pwoteje m’ tankou grenn je, anba lonbraj zèl ou, pwoteje m’. Kanta mwen
menm nan jistis, m’ap wè fas ou, m’ap satisfè ak fas ou, lè m’ap reveye.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Se pou Granmèt la asire nou nan tout kalite
travay ak bon pawòl”
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 2, 16 - 3,5
Frè m’ yo:
Granmèt nou Jezikri, ansanm ak Bondye ak Papa nou, li menm ki renmen
nou, ki konsole nou pou tout tan an, ki ba nou yon esperans nan glwa a, se pou l’
fè kè nou byen fèm nan tout kalite travay ak bon pawòl.
Pou rès la, frè m’ yo, priye pou nou pou pawòl Bondye a kontinye kous
li, pou l’ jwenn glwa, tankou lakay nou, pou nou delivre sot anba men moun yo k’ap
jennen nou yo, ki mechan yo; sèke se pa tout moun ki gen lafwa. Men Bondye
fidèl, li menm k’ap rann nou solid, k’ap pwoteje nou kont mal la. Pou nou menm,
mwen gen konfyans nan Granmèt la: sa mwen kòmande nou yo, nou fè yo, epi n’ap
kontinye fè yo. Se pou Granmèt la dirije kè nou nan renmen Bondye a ak pasyans
Jezikri a.
Pawòl
Granmèt la.
R/Mèsi
Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Bondye pa Bondye moun mouri, men Bondye vivan
yo”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 20, 27-38
Lè sa a:
Kèk nan Sadiseyen yo pwoche, yo menm ki di pa gen rezireksyon, yo poze Jezi
kesyon, yo di: “Mèt, Moyiz te ekri pou nou: “Si yon moun mouri epi li te gen
yon madanm san l’ pa gen pitit, se pou frè l’ la pran madanm nan, pou l’ leve
yon desandans pou frè l’ la”. Konsa te gen sèt frè, premye a marye, li mouri
san pitit, sa k’ suiv li a pran madanm nan, li menm tou li mouri san pitit, twazyèm
nan pran l’, e tou le sèt yo fè menm jan, yo pa kite desandans, yo mouri. Alafen
aprè yo tout, madanm nan vin mouri tou.
Nan rezireksyon an, pou kilès nan yo l’ap ye kòm madanm, kòm tou le sèt
te genyen l’ kòm madanm”?
Jezi di yo: “Pitit syèk sa a yo marye, gason kon fi; men sa yo k’ap merite
pou yo nan lòt syèk la ak nan rezireksyon sot nan pami mò yo, yo p’ap nan marye,
ni gason ni fi, paske yo pa kapab mouri ankò; yo tankou zanj yo, se pitit Bondye
yo ye, paske yo se pitit rezireksyon an.
Mò yo ap leve! Moyiz te montre sa bò touf pikan ki t’ap flanbe a, lè l’
te di: “Granmèt Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb!” Konsa Bondye pa
Bondye moun mouri yo, men se Bondye vivan yo: sèke tout moun ap viv gras a li”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/
Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON:
Mezanmi, pou Legliz la, mwa novanm nan se dènye mwa ane a. Nan mwa sa a, Legliz
fè nou sonje kote nou prale. Li fè nou sonje tout istwa lèzòm se tankou yon
long vwayaj k’ap mennen nou tout lakay Papa Bondye, nan fèt li pare pou nou. Li
fè nou sonje tout mò nou yo ki deja rive nan bout vwayaj la. Se pa tout moun
sou latè ki konprann sa konsa. Toujou gen moun ki konprann: lè nou mouri, tout
bagay fini pou nou, tankou pou bèt yo. Lè Jezi t’ap viv sou tè a, te gen moun
ki te kwè sa a tou. Se pou sa a pawòl Bondye a ap di nou te gen yon gwoup moun,
yo te rele Sadiseyen yo, ki pa t’ kwè mò yo te gen pou leve yon jou; yo te vle
pase Jezi nan rizib, ki fè yo vin poze l’ yon kesyon ki yon ti jan dwòl. Yo di li: te gen 7 frè,
premye a te marye ak yon madanm, men li mouri anvan li te gen tan fè pitit. Lè
fini, dezyèm nan marye ak li. Li pa te gen tan fè pitit. Lè fini, twazyèm nan
marye ak li. Li menm tou, li mouri anvan li fè pitit. Se konsa tou, lòt frè yo
fè menm jan. Madanm nan menm te mouri an dènye. Eben, lè mò yo va leve, fanm sa
a ki te madanm yo sèt, madanm kilès nan yo li pral ye la menm?
Lè sa a Jezi di yo: nou
san konprann. Mò yo al viv ak Bondye, men lavi kote Bondye ye a pa sanble ak
lavi sou tè a menm. Isit anwo tè a, moun yo marye, yo fè pitit anvan yo mouri
pou ras moun yo pa disparèt sou tè a. Men, nan syèl la nan pwen marye ankò,
paske moun ki nan syèl la p’ap mouri ankò, y’ap viv ak Bondye pou tout tan. Epi,
Kanta pou lavi aprè lanmò, èske nou pa li nan Labib kijan Moyiz rele Granmèt
la: Bondye Abraham, Izaak ak Jakòb? Eben, Bondye se pa
Bondye moun mouri, men li se Bondye moun vivan, paske nou tout ap viv pou li. Pwoblèm
nou, se pa si gen lavi aprè lanmo. Nou tout nou konnen sa. Men, pwoblèm nou, sèke
anpil moun toujou mal konprann kijan lavi ak Bondye pa sanble ditou ak lavi nou
isit anwo tè a. Moun sa yo tonbe nan menm pyèj ak Sadiseyen yo. Gen yon pakèt
vye kwayans ak vye koutim osijè mò yo ki pa kadre ak sa Jezi te vin montre
nou.Jezi di nou: lè yon kretyen mouri, se li menm k’ap vinn chache li, pou kote
li ye a, sèvitè li a la tou. Li di nou ankò: Syèl la, se tankou yon fèt, kote
Papa Bondye resevwa nou nan kè kontan ak nan kè poze pou tout tan. Mò yo pa la
pou nwi nou, fè nou pè, fè nou viv ak kè kase ak kè sote. Yo pa wode sou latè, yo
pa nan simityè, yo avèk Bondye. Yo pa mele ak lavi sou tè ankò. Yo rive kay
Papa nou. Se la y’ap tan nou vin jwenn yo, pou fèt la kab kòmanse tout bon. Yo
renmen nou, yo vle ede nou ak lapriyè yo, pou kab kenbe n’ fèm nan viv pou
Bondye ak pou frè ak sè nou yo. Nou pa bezwen kraze tonèl, ranvwaye lèmò. Nou
pa bezwen fè manje lèmò, fè tout kalite vye banbòch ak grimas, lè nou fè chante
lamès pou mò nou yo. Ki mele yo ak tout sa? Nan mwa novanm sa a, an nou sonje mò
nou yo, an n’ lapriyè pou yo, an n’ mande yo lapriyè pou nou tou. An n’ al lamès,
paske nou konnen nou pa janm fè youn ak mò nou yo pi plis pase nan lamès, kote
nou tout fè youn ansanm nan Jezikri. Epi, si nou vle fè yo plezi tout bon, pase
pou nou fè tout kalite vye bagay, ann fè jefò pou nou viv lenzalòt ak Bondye ak
frè ak sè nou yo, paske se konsa nou prepare nou pou n’ kab al jwenn yon jou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki se Bondye moun vivan yo, fè
nou kanpe ak ou pou nou kapab defann lavi, pou nou kapab pote lavi bay sila yo
ki konte sou ou, sila yo ki pi fèb, sila yo ki pi senp yo.
PWOPOZISYON: Semèn sa a ann sonje mò nou yo nan
lapriyè. Ann mande yo tou po yo lapriyè pou nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario