Páginas

LENDI 11

Koulè Blan
MATEN KI SEN, EVÈK
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, ba yo losyon kè kontan an”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 61, 1-3a.
Lespri Granmèt la sou mwen, se pousa Granmèt la sakre m’, li voye m’ pote nouvèl bay pòv yo, pou m’ panse ke ki kraze yo, pou m’ preche padon bay prizonye yo, delivrans bay sa k’ fèmen yo, pou m’ preche yon ane kote Granmèt la fè gras, yon jou vanjans pou Bondye nou an, pou m’ konsole tout moun ki nan lapenn, pou m’ mete yon kouwòn nan plas sann pou moun Siyon yo ki nan lapenn yo, losyon kè kontan nan plas dèy, manto lwanj nan plas lespri tristès.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.          
SÒM REPONS: 88, 2-3. 21-22. 25 e 27
R/ Kè sansib ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Kè sansib Granmèt la, se tout tan m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan bouch mwen.Sèke mwen te di: “Pou tout tan kè sansib la bati”, nan syèl la ou asire verite w’ la. R.
Mwen jwenn David sèvitè m’ nan; ak luil mwen ki sen an mwen sakre l’. Men m’ap ret fèm avèk li, bra m’ ap ba li fòs. R.
Verite m’ ak kè sansib mwen ap avèk li, o non m’ l’ap leve kòn li.
Li menm l’ap rele m’: “Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen.R.
LEVANJIL
“Tout sa nou fè pou pi piti nan frè m’ yo, se pou mwen nou fè li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 25, 31-40
Lè sa a:
Jezi di disip li yo: “Lè Pitit moun nan ap rive nan glwa l’ la epi tout zanj li yo avèk li, lè sa a l’ap chita sou twòn glwa l’ la, l’ap rasanble tout nasyon yo devan l’, l’ap separe yo youn sot kot lòt, tankou yon gadyen triye mouton yo sot nan pami bouk yo: l’ap mete mouton yo adwat li, bouk yo menm agoch li.
Lè sa a wa a ap di sa yo k’ap adwat li a: “Vini, nou menm Papa m’ beni an, pran posesyon peyi wa a ki te pare pou nou depi tè a te fèt la. Mwen te grangou, nou te ban m’ manje; mwen te swaf, nou te ban m’ bwè; mwen te etranje, nou te ranmase m’; mwen te ni-kò, nou te abiye m’; mwen te malad, nou te vizite m’; mwen te nan prizon, nou te vin wè m’.
Lè sa a atò sa yo ki kòrèk yo ap reponn, y’ap di: “Granmèt, kilè nou te wè ou grangou epi nou te ba ou manje, swaf, epi nou te ba ou bwè? kilè sa a nou te wè ou etranje epi nou te ranmase ou, oubyen ni-kò epi nou te abiye ou? oubyen kilè nou te wè ou malad oubyen nan prizon, epi nou te vin jwenn ou?”
Wa-a ap reponn, l’ap di yo: “Amèn, mwen di nou: chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti nan frè m’ sa yo, se pou mwen menm nou te fè li.”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Tout moun ki travay merite ke yo peye yo. Se sa tèks jodi yo vle aprann nou. Levanjil jodi a pale de kijan sa va bèl lè gran jou rekonpans Granmèt la va rive. Se kapab menm yon gran jou sipriz pou anpil moun. Sa ki te panse ke yo pa t’ travay anpil genyen pou yo sezi de gwo rekonpans Papa va sere pou yo. Parabòl sa raple nou vrè sans batèm nou. Yon batize genyen pou misyon pou l’ mennen yon vi ekzanplè. Mwen sonje nan yon gwoup ke mwen te pase, mwen t’ap pale de vrè sans lavi yon kretyen. Mwen te di : vrè sans lavi yon bon kretyen, vrè sans batèm yon bon kretyen se « vi nan kè kontan epi envite lò t yo viv nan kèk kontan », men pè pawas la te kouri korije mwen pou l’ di : vrè sans lavi yon kretyen se viv nan « sentete ». Ki sans mo sentete genyen si lavi ou se yon lanfè pou ou menm ak pou sila yo k’ap viv nan antouraj ou. Ki sans sentete sa ap genyen si lavi w’ se yon fado, yon pwa k’ap peze sou do ou, si w’ap sipòte tribilasyon epi ou nan lapenn ?  Nou kapab kiltive lajwa. Se pou sa tèks jodi a envite nou pou nou renmen san limit. Yon renmen ki pa rete sèlman nan di bèl koze men yon renmen ki kondwi nan aksyon konkrè ak bèl jès san ipokrizi. Yon renmen ki fè nou solidè ak lòt yo nan soufrans yo, sitou sa ki pi fèb yo. Nan premye lekti a mesaj la klè:Panse kè ki kraze yo. Preche padon bay prizonye yo. Preche yon ane kote Granmèt la fè gras. Konsole tout moun ki nan lapenn. Mete losyon kè kontan nan plas dèy.”  Yon envitasyon ki mande n’ pou nou aji nan tout imilimite san menm espere anyen. Konsa nan dènye jou a, nou kapab etone wè tout bèl rekonpans Granmèt la sere pou nou.

LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki jwenn gran konsiderasyon ni nan lavi ni nan lanmò evèk Maten ki sen an, tanpri, refè mèvèy gras ou nan kè nou, pou ni lanmò, ni lavi pa kapab separe nou sot nan charite w’ la. Pa pouvwa Jezikri.


PWOPOZISYON : Ann eseye renmen pwochen nou yo, menm jan yon manman renmen pwòp pitit li, konsa malgre tout sa ki ka rive n’ap kapab kontinye renmen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario