Koulè Blan
JOZAFA KI SEN,
Evèk e Mati
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
NAN LÈT APOT
PÒL POU EFEZYEN YO 4, 1-7. 11-13
Se sa ki fè, mwen menm ki nan prizon poutèt Granmèt la, m'ap
mande nou pou nou viv yon jan ki konfòm ak jan Bondye te rele nou pou n' viv
la. Pa janm vante tèt nou. Aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun. Se pou nou
youn sipòte lòt avèk renmen nan kè nou. Lespri Sen an mete nou ansanm. Se pou
nou fè tout sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè
poze ansanm youn ak lòt.Gen yon sèl kò ak yon sèl Lespri Sen, konsa tou se yon
sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. Gen yon sèl Granmèt, yon
sèl konfyans, yon sèl batèm. Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k'ap domine sou nou tout, k'ap aji
nan nou tout, ki nan nou tout. Nou chak nou resevwa yon kado apa, daprè sa Kris
la te bay la, se li menm ki fè lèzòm kado divès pouvwa. Li bay kèk ladan yo
pouvwa pou sèvi apòt, li bay lòt ladan yo pouvwa pou sèvi pwofèt, li bay lòt
ankò pouvwa pou anonse bon nouvèl la, li bay dòt ankò pouvwa pou sèvi tankou
pastè ak dirèktè. Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay
sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans. Li fè sa konsa pou nou tout
ansanm nou ka rive fè yon sèl kò nan konfyans nou genyen an ak nan konesans
Pitit Bondye a. Konsa, nou tout ansanm nou ka vin granmoun ki byen devlope,
daprè dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Moun ki suiv ou, Granmèt, l’ap gen limyè lavi a.
Sé chans pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki
pa respekte Bondye yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan gwoup
moun k’ap pase lalwa-a nan rizib yo; men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye,
se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen kou lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran
dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa respekte Bondye yo, se
pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen
moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
Pou yo fè yon
sèl nèt!
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A, DAPRÈ JAN KI SEN 17, 20 26
Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men
pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la. M'ap
lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè youn ansanm ak nou,
menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl
pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen. Mwen te ba yo menm
pouvwa ou te ban mwen an, pou yo tout te ka fè youn menm jan ou fè yon sèl avè
m' tou: mwen nan yo, ou nan mwen, pou yo tout fè yon sèl nèt ale, pou moun ki
nan lemonn yo ka rive rekonèt se ou ki te voye m', pou yo ka rive konnen ou
renmen yo menm jan ou renmen m' lan. Papa, se ou ki te ban mwen yo. Mwen ta vle
pou yo toujou avè m' kote m' prale a, pou yo ka wè pouvwa mwen, pouvwa ou te
ban mwen an, paske ou te renmen m' depi lontan anvan ou te kreye tout bagay. O
Papa, ou menm ki fè tout bagay byen, moun ki nan lemonn yo pa konnen ou. Men mwen menm, mwen konnen
ou. Moun sa yo konnen se ou ki te voye mwen. Mwen te fè yo konnen ki moun ou
ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo,
pou mwen menm mwen ka nan yo tou.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Si nou ta vle, nou ta kapab rezime twa moso labib
nou sot li a yo ak yon sèl tèm, ki se “Solidarite nan renmen”. Se
apèl solidarite sa premye moso labib la ak levanjil la ap fè nou jodi a. Nan
premye lekti a, se Apot Pòl k’ap di nou: “Lespri Sen an mete nou ansanm. Se pou nou fè tout
sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm
youn ak lòt”. Nan Levanjil la, nou wè Jezi ki konsyan kòman li difisil pou nou viv
solidarite sa. Se poutèt sa li priye Papa a pou li kapab ede nou: “M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl”. Premye lekti a
tou pèmèt nou konprann ki wòl Lespri Sen a jwe nan sans sa : se Lesprisen
an k’ap soude nou, se li k’ap pèmèt nou mete tèt nou ansanm. Poutèt sa li mande
nou pou nou «aji avèk dousè ak pasyans ak tout moun » pandan ke nou
youn ap sipòte lòt. Li kontinye ale pi lwen pou li montre vrè rezon ke nou
genyen nou viv ansanm lan, se paske se « yon sèl Bondye a ki rele nou
pou nou gen yon sèl espwa » epi « gen yon sèl Bondye, ki papa nou
tout». Tèks jodi yo anseye n’ kijan nou dwe viv tankou kretyen. Poutèt sa nou pa
dwe «janm vante tèt nou ». Sa dwe fè nou konprann ke se nan imilite,
senplisite ke Granmèt la manifeste prezans li nan mitan nou ; e se yon
fason tou pou nou kapab «viv ak kè poze ansanm youn ak lòt». Petèt nou kapab
imajine kijan li difisil pou nou viv ansanm ak moun ke nou konnen ; alewè
pou moun ke nou pa konnen. Jezi lapriye pou nou tout fè yon sèl. Sa fè nou
konprann ke solidarite a se yon apèl men tou se yon gwo defi ke Lespri Bondye
sèlman kapab ede nou leve.Yon mesaj ki esansyèl pou nou menm Pèp Ayisyen. Nou
dwe kòmanse aprann kite Lespri Sen an fè nou viv ansanm. Viv ansanm se chimen
renmen, libète ak respè. Se nan menm chimen sa a n’a va rive grandi (tankou
levanjil la di nou an), «nou tout ansanm
tankou granmoun ki byen devlope, daprè dènye mezi devlòpman Kris la ki bon nèt. »
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, voye Lespri-a
nan Legliz ou a, li menm ki te plen Jozafa ki sen, ki fè l’ te bay lavi l’ pou
mouton l’ yo, pou, gras a priyè l’, nou menm tou nou jwenn fòs nan menm Lespri
sa-a, pou nou pa pè bay lavi nou pou frè nou yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Ann apresye sa ki
bon nan lòt yo pou nou ka rive renmen yo e aprann viv ansanm ak yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario