Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Wa yo, se pou nou koute, pou nou aprann sajès”.
NAN LIV SAJÈS LA 6, 2-12
Koute, wa yo, epi chèche konprann;
aprann, jij limit tè a, pare zòrèy nou, nou menm ki mèt anpil pèp yo, nou menm
k’ap vante tèt nou pou tout pakèt nasyon nou yo. Sèke se Granmèt la ki ba nou
pouvwa a, se sa a ki anwo nèt la ki bay otorite, li menm k’ap poze n’ kesyon
pou travay nou, k’ap fouye panse nou; sèke lè nou te sèvitè peyi wa l’ la, nou
pa t’ jije kòrèk, nou pa t’ kenbe lalwa jistis la, nou pa t’ mache daprè volonte
Bondye.
L’ap parèt sou nou yon fason tèrib,
sanzatann; sèke jijman an ap pi rèd pou sa yo ki chèf yo. Sa k’ piti a, yo fè l’
gras mizerikòd la; men sa k’ gen pouvwa yo, y’ap sibi tray avèk fòs; reyèlman
Bondye p’ap gade sou figi moun, li p’ap pè grandè pèsonn; paske se li menm ki
fè ni piti a ni gran an, epi li okipe yo tout menm jan; sa k’ gen plis pouvwa
yo, l’ap jije yo pi sevè.
Konsa, nou menm, wa yo, se pou nou
pawòl mwen sa yo ye, pou nou kapab aprann sajès la, epi pou nou pa tonbe. Moun
ki obsève kòmandman kòrèk yo yon fason kòrèk, y’ap vin kòrèk; epi moun ki
aprann yo, y’ap jwenn sa pou yo reponn. Konsa, se pou nou anvi pawòl mwen yo, se
pou nou renmen yo, epi n’a jwenn edikasyon.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS: 81, 3-4. 6-7
R/ Leve, Bondye, jije tè a.
Pran ka malere a ak òfelen an, malere
a ak pòv la, rann yo jistis.
Delivre pòv la, degaje malere a sot
nan men pechè a”.R.
Mwen te di: “Nou se dye, epi nou
tout nou se pitit sa a ki anwo nèt la”. Nou tout n’ap mouri tankou moun, n’ap
tonbe tankou tout chèf yo.R.
LEVANJIL
“Pa gen pèsonn ki retounen pou di Bondye mèsi, sof etranje sa a”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17,
11-19
Lè sa a:
Rive, pandan
Jezi t’a pral Jerizalèm, li t’ap travèse nan mitan Samari a ak Galile a.
Lè l’ap antre
nan yon vil, dis lepre pwoche devan l’, yo kanpe lwen, yo rele byen fò, yo di: “Jezi,
mèt, pitye pou nou”.
Lè l’ wè sa, li di: “Ale prezante
nou devan prèt yo”. Pandan y’a prale yo geri.
Youn nan yo, lè l’ wè li geri, li
tounen, l’ap fè lwanj Bondye byen fò, li lage kò l’ atè sou fas li devan pye Jezi,
l’ap di l’ mèsi; se te yon Samariten.
Jezi pran lapawòl, li di: “Èske
tout dis moun yo pa t’ geri? Pa gen pèsonn ki tounen vin fè lwanj Bondye, sof etranje
sa a”.
Li di l’: “Leve, ale, paske lafwa ou
sove ou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye
a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Premye moso labib la ke nou jwenn nan liv Lasajès la,
li adrese a yon yon gwoup moun, se gwoup moun ki gen responsabilite gouvène. Sila
ki ekri tèks la mande Granmèt la leve li menm pou l’ vin gouvènen, pou l’ vin
bay pòv malere yo jistis. Poukisa se Bondye l’ap rele ? Kòm repons nou te
ka di se paske se sèl Bondye ki Gen tout pouwa, kidonk se li menm ki pou gouvènen.
Men nou ta ka di tou, se paske se sèl li menm ki gen ki p’ap toupizi malere, ki
p’ap eksplwate malere, se li ki vrèman gen lanmou pou pòv malere yo ; se
li menm sèlman ki bay malere yo jistis, ki ba yo sa yo bezwen pou yo viv. Zanmi
m’ yo, sa pa sekrè pou pèsonn, nan sosyete n’ap viv la, se lè yo bezwen pòv yo,
se lè yo bezwen vòt yo yo ba yo valè, men depi yo fin jwenn sa yo te bezwen an,
yo bliye tout pwomès yo te fè, yo bliye si malere yo konn manje, si pitit yo
konn al lekòl, si lavi miyò a se pou tout moun. Levanjil la ba nou menm liy lan
pou n’ swiv: Jezi geri dis (10) lepre, nan mitan yo te gen yon Samariten, ki
vle di, ènmi izrayelit yo, kidonk yon chen pami yo, sepandan Jezi geri l’ tou. Sa
montre n’, delivrans la n’ se pou tout pitit Bondye. Pafwa sila ki pi pòv la se
li ki pi rekonesan. Moun yo nou kwè nou miyò pase yo, pafwa se yo ki ban nou
temwanyaj sa Bondye fè nan lavi yo. Rekonesans la se yon bagay ki enpòtan
anpil, si se pa t’ konsa Jezi pa t’ap bay sa enpòtans. Se k’fè gen yon pwovèb
ki di : yon chen rekonesan vo plis pase yon moun ki engra.
LAPRIYÈ : Granmèt, n’ap mande w’ fè tout dirijan
nou yo kado yon kè ki senp, yon kè ki sansib pou sekouwe pòv yo. Yon
fason espesyal sila yo k’ap gouvènen nan peyi nou.
PWOPOZISYON: Levanjil la montre n’ rekonesans youn nan dis moun Jezi
geri anba maladi lalèp la. Rekonesans la se yon bagay ki enpòtan anpil. Ann
montre nou pa engra, ann di Bondye mèsi pou sa l’ fè pou nou. Konsa tou n’ap di
frè ak sè nou yo mèsi pou sa yo fè pou nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario