Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Sajès la se
klète limyè a, se glas glwa Bondye a ki pa gen okenn tach”.
NAN LIV LASAJÈS 7, 22-8, 1
Sajès la, gen espri entelijans ladan l’, li sen, li pa
gen parèy, li gen divès kalite, li gen adrès, li lejè, li an mouvman, li san
tach, li bay asirans, li dou, li renmen byen an, li vif, anyen pa rete l’, li
fè byen, li renmen moun, li gen bon jan, li solid, li fidèl, li bay sekirite,
li gen tout fòs, li wè tout bagay, li kapab konprann tout espri poutèt li antre
byen nan espri, li pwòp, li gen adrès. Sajès la pi rapid pase tout sa k’ rapid, li rive jwenn tout kote poutèt
li san melanj.
Se reyon ki sòti
dirèk nan klète Bondye ki gen tout pouvwa a; se pousa yo pa jwenn okenn tach
nan li; li se klète limyè tout tan an, li se glas san tach ki montre glwa Bondye
a, li se pòtre bon kè l’.
Kòm li pa gen
parèy, li kapab fè anpil bagay; antan l’ toujou ret nan li menm, li refè tout
bagay; li kominike tèt li bay nanm ki sen yo nan tout nasyon yo, pou l’ fè yo
vin tounen zanmi Bondye ak pwofèt.
Bondye pa renmen pèsonn ki pa abite ak sajès la. Sajès
la pi klere pase solèy, li depase aranjman zetwal yo. Si yo konpare l’ avèk limyè
a, li ranpòte premye pri; sèke lannuit vin aprè limyè, men mechanste a pa
ranpòte viktwa sou sajès la. Reyèlman li
rive sot nan yon bout tè a al nan yon lòt bout avèk fòs, epi li ranje tout
bagay avèk dousè.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS: 118, 89. 91. 130. 135. 175
R/ Se pou tout tan, Granmèt, pawòl ou a ekziste.
Pou tout tan,
Granmèt, pawòl ou a kanpe nan syèl la.R.
Pou jenerasyon
ak jenerasyon verite w’ la; ou asire tè a, li dire.R.
Se daprè desizyon
ou yo yo kanpe jodi a, paske tout bagay sèvi ou. R.
Deklarasyon pawòl ou yo klere, li bay ti moun yo entelijans.R.
Klere fas ou sou sèvitè w’ la, aprann mwen desizyon ou
yo.R.
Nanm mwen ap viv, l’ap fè lwanj ou, jijman ou yo ap ede
m’.R.
LEVANJIL
“Peyi wa Bondye
a, se anndan nou li ye”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17, 20- 25
Lè sa a:
Farizyen yo
mande Jezi kilè peyi wa Bondye a ap rive, li reponn yo, li di: “Peyi wa Bondye a
pa rive yon fason pou yo obsève l’, yo p’ap di: “Men l’ isit la” oubyen “Men l’
laba-a”. Sèke men peyi wa Bondye a: se anndan nou li ye.” Li di disip li yo: “Gen
jou k’ap rive lè n’ap anvi wè yon sèl jou Pitit moun nan epi nou p’ap wè l’. Y’ap
di nou: “Men l’ isit la” epi “Men l’ laba-a”. Pa ale, pa suiv. Sèke, tankou zèklè
klere ap gaye sot nan yon bout syèl la rive nan lòt bout la, se konsa Pitit
moun nan ap ye nan jou pa l’ la. Sèlman, anvan sa, li gen pou l’ soufri anpil
tray, epi ras sa a gen pou rejte li”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Litiji Legliz la ba nou
yon trè bèl lekti jodi a, l’ap ede nou dekouvri kijan sajès se yon bagay ki ka
mennen nou tou dwat nan sentete Bondye rele nou an. Kisa ki karakterize Sajès la?
Ebyen menm tèks la di nou «Sajès la, gen
espri entelijans ladan l’, li sen, li pa gen parèy, li gen divès kalite ».
Nan kilki nou nou gen abitid di moun ki pa konn li ak ekri «sòt». Sepandan se
pa vre ditou. Yon moun ka konn li, ekri, ale nan gran inivèsite, fè doktora, epi li pa
gen sajès nan li. Konsa tou gen anpil moun ki pa t’
jwenn chans aprann li ak ekri, men ki gen anpil sajès. Li konnen anpil bagay ke
menm lavi a montre l’. Gen yon bagay yo rele eksperyans, ou p’ap jwenn li nan
okenn liv, se an mezi w’ap viv, w’ap travay, w’ap kite sajès Bondye a aji nan
ou ke w’a rive genyen l’. N’ap pran ekzanp peyizan n’ yo, mayorite ladan yo pa
fè gran etid, genyen ki pa t’ al lekòl yon sèl jou, poutan yo konnen lè lapli
pral tonbe, yo konnen nan ki tan pou plante, yo konnen lè larivye pral desann,
yo vann nan mache, yo fè komès, avèk anpil lòt bagay ankò. Men sa pa vle di ke si ou gen sajès la ou p’ap chèche konn li avèk ekri.
Pawòl Bondye a, li mande anpil sajès pou konprann li. Nan levanjil la, Farizyen
yo mande Jezi kilè peyi wa Bondye a ap rive ; li reponn yo, li di : «Peyi
wa Bondye-a p’ap rive yon fason pou yo obsève l’, yo p’ap di : « Men l’
isit la » oubyen « Men l’ laba-a ». Sèke men peyi wa Bondye a :
se anndan nou li ye. » « Gwoup mesye sa yo te gran save, konesans la
te twòp pou yo jiskaske li bouche je yo, fè yopa wè gouvènman Bondye Jezi te
vin tabli nan kè tout pitit li yo.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou se sous Lasajès, tanpri fè nou kado l’ ;
tout sa nou bezwen se sajès k’ap mennen nou nan chemen ki dwat la.
PWOPOZISYON : Youn nan pi bèl kalite yon kretyen te ka
genyen se sajès, nan jounen jodi a ann mande Bondye fè nou kado l’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario