Koulè Vyolèt
DEZYÈM DIMANCH TAN LAVAN
ANE-A
PREMYE MOSO LABIB
“L’ap
jije pòv yo nan jistis”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
11, 1-10
Jou sa a :
Yon ramo ap sòti nan
rasin Jese, epi yon flè ap monte sot nan rasin li, Lespri Granmèt la ap poze
sou li : lespri sajès ak entelijans, lespri konsèy ak fòs, lespri syans ak
relijyon, lespri krent Granmèt la ap plen l’.
Li p’ap jije daprè sa
k’ parèt devan je, li p’ap pran pozisyon daprè bwi ki rive nan zòrèy ; men l’ap
jije pòv yo nan jistis, l’ap pran pozisyon nan sa ki dwat pou pòv yo sou tè a,
l’ap frape tè a ak bagèt bouch li, ak souf po bouch li l’ap touye mechan yo.
Jistis ap sèvi senti tay li, lafwa ap sèvi zam-pwotèj pou ren l’.
Lou ap abite avèk
mouton, tig ap kouche kot kabrit ; bèf ak lyon ak mouton ap abite ansanm, yon
ti gason ap kondui yo ; bèf ak ous ap manje ansanm, pitit yo ap rete menm kote,
lyon ap manje pay tankou bèf. Ti bebe ki nan tete ap jwe sou twou koulèv
mechan. Nan twou koulèv la ti bebe a ap lonje men l’. Yo p’ap fè mechanste, yo
p’ap touye sou tout mòn mwen an ki sen an, paske tè a plen ak syans Granmèt la,
tankou dlo yo ki kouvri lanmè a.
Jou sa a rasin Jese a,
ki kanpe kòm siy pèp yo, nasyon yo ap chèche l’, kote l’ ye a ap nan bèlte.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 71, 2. 7-8.
12-13. 17
R/ Jistis ap fleri nan tan l’
avèk lapè an kantite pou tout tan.
Bondye, bay wa a
jijman ou, bay pitit wa a jistis ou, l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou
yo nan jijman.R.
Nan tan l’ yo jistis
ap fleri ak lapè an kantite joustan lalin nan disparèt. L’ap kòmande sot nan
lanmè al nan lanmè, epi sot nan gran larivyè jous nan bout fas tè yo.R.
Sèke l’ap delivre
malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa gen sekou a. L’ap pran pitye pou pòv la
ak mizerab la, l’ap sove nanm pòv yo.R.
Se pou non l’ beni pou
tou tan, devan solèy la se pou non l’ dire. Se pou tout ras tè yo jwenn
benediksyon nan li. Se pou tout nasyon
yo fè lwanj li.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Jezikri vle pou
tout moun sove”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU
WOMEN YO 15, 4-9
Frè m’ yo :
Tout sa ki ekri, se
pou lansèyman nou yo ekri, pou gras a pasyans ak konsolasyon labib la nou vin
gen espwa. Bondye pasyans la ak ankourajman an se pou l’ fè nou favè pou nou
antann nou antre nou daprè Jezikri, pou nou fè yon sèl ak yon sèl bouch pou nou
fè lwanj Bondye ak Papa Granmèt nou Jezikri.
Se pousa se pou
youn resevwa lòt, menm jan Jezikri te resevwa nou an konsiderasyon Bondye. Mwen
di reyèlman vre Jezikri te vin tounen sèvitè moun sikonsizyon yo poutèt verite
Bondye a pou l’ reyalize pwomès zansèt yo ; men nasyon yo menm se poutèt kè
sansib la y’ap fè lwanj Bondye, daprè sa k’ ekri a : «M’ap fè lwanj ou nan
nasyon yo, Granmèt, m’ap chante pou non ou».
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Fè penitans: rèy
syèl yo ap pwoche”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 3, 1-12
Jou sa yo, Jan Batis
rive l’ap preche nan dezè Jide a, l’ap di : «Fè penitans, rèy syèl yo ap
pwoche». Sila a reyèlman vre, se li menm yo te pale pa lentèmedyè pwofèt Izayi
ki t’ap di : «Vwa sila a k’ap rele nan savann nan : Pare chemen Granmèt la,
drese santye l’ yo dwat».
Jan sa a menm li te
gen rad ki te fèt ak pwal chamo epi yon sentiwon an po te pase nan tay li,
manje l’ menm se te krikèt ak myèl mawon.
Lè sa a Jerizalèm te
sòti al jwenn li ni tout Jida ak tout rejyon bò Jouden an, yo t’ap resevwa
batèm nan men l’ nan Jouden an antan y’ap konfese peche yo. Men lè l’ wè anpil
nan farizyen yo ak sadiseyen yo k’ap vin pou batèm li an, li di yo :
«Ras sèpan, kilès ki
te montre nou pou nou sove kò nou devan kòlè a k’ap rive a? Fè fwi ki merite
penitans la, pa kontante pou n’ap di anndan kè nou : «Nou gen Abraam kòm papa
nou ». Mwen di nou reyèlman vre Bondye gen pouvwa apati wòch sa yo pou l’ leve
pitit bay Abraam. Rach la deja poze nan rasin pye bwa yo : konsa tout pye bwa
ki pa fè bon fwi, y’ap koupe l’, y’ap jete l’ nan dife. Mwen menm m’ap batize
nou nan dlo pou penitans la ; men sila a k’ap vin apre m’ nan, li pi fò pase
m’, mwen pa merite pou m’ pote sapat li. Li menm menm l’ap batize nou nan
Lespri Sen an ak dife ; layo a nan men l’, l’apral netwaye glasi l’ la, l’ap
ranmase ble l’ la nan depo, kanta pay yo menm, l’ap boule yo nan dife ki p’ap
tenyen».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Nan premye lekti jodi
a, pwofèt Izayi a ap anonse yon bèl jou, lè renmen ak jistis ap fleri nan
lemonn antye.
Lè pwofèt la di konsa,
ti bebe a ap lonje men nan twou koulèv la, koulèv la p’ap mòde l’, epi bèf ak
lyon ak mouton ap abite ansanm, elatriye, nou ta ka tradwi ekzanp sa yo pou
jounen jodi a. Panyòl ak Ayisyen ap byen viv ansanm. Patwon ak ouvriye pral chita
sou menm tab la.Tout moun ap gen ase pou yo manje. P’ap gen kidnapin, p’ap gen
vyolans nan lari, ni nan mitan fanmi yo tou.Tout ti moun sou latè ap jwe ak kè
kontan, jenn yo ap jwenn okazyon pou yo etidye sa yo renmen, granmoun yo ap
jwenn travay, sa k’ pi granmoun yo p’ap manke anyen. Jou sa a gen pou l’ rive.
Se pwomès Bondye, se lespwa nou.
Men pafwa, jou sa a
sanble lwen anpil. Nou poze tèt nou kesyon, kilè jou sa a pral rive ?
Pou reyalite a fin
chanje, se nou menm ki pou chanje. Se sa Jezi ap fè n’ sonje nan Levanjil la,
epi Sen Pòl ap di menm bagay la tou, nan dezyèm moso Labib la. Fò n’ retire tout mechanste, tout egoyis,
tout jalouzi nan kè nou. Fò n’ mete kè
poze, konfyans, sèvis ak renmen nan kominote nou an.
Granmèt la mennen nou
jis nan dlo a, men l’ pa ka fè n’ bwè. Li ba nou konesans, li ba nou verite a,
lè fini li ba nou zouti yo pou nou rekonstwi sosyete a pou l’ pi sanble wayòm
Bondye a. Men se nou menm ki pou fè yon
pa, se nou menm ki pou reponn apèl li a.
Tèlman peyi a gen
pwoblèm, nou ka panse li pa posib. Men, pa bliye: si nou fè yon pa, Granmèt la
ap fè katrevendiznèf.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi paske ou toujou ede m’ kenbe lespwa. Tanpri, ede m’ aji ak
renmen ou lan nan kè m’, nan tout sa m’ panse, tout sa m’ di, ak tout sa m’ fè.
Amèn.
PWOPOZISYON: Nan tout pwoblèm m’ wè
nan sosyete a, kilès nan yo mwen menm m’ kapab chanje ? Ki
pa m’ kapab fè jodi a pou n’ vin pi pre yon solisyon, pou n’ vin pi pre jistis
ak renmen Bondye vle wè nan sosyete a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario