Páginas

LENDI 9

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Se Bondye li menm k’ap vini, l’ap sove nou”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
35, 1 -10
Se pou dezè a kontan ni tè ki pa gen wout la, se pou savann nan danse, se pou l’ fleri tankou lis. Se pou l’ jèmen byen jèmen, se pou l’ danse ak kè l’ byen kontan, ak lwanj l’ap chante, yo ba l’ bèlte Liban an, ni dekorasyon Kamèl la ak Sawon an ; yo menm y’ap wè bèlte Granmèt la ak richès Bondye nou an.
Ankouraje men k’ap febli yo, asire jenou ki pèdi fòs yo ; di sa k’ap ezite yo : «Ankouraje, pa pè : Men Bondye nou an ap mennen vanjans revanj la: se Bondye li menm k’ap vini, l’ap sove nou».
Lè sa a je avèg yo ap louvri, zòrèy moun soud ap louvri ; lè sa a moun k’ap bwate a ap vòltije tankou kabrit, lang moun ki baba yo ap louvri ; paske dlo yo eklate nan savann nan, ni ravin yo nan dezè a. Sa k’ te sèk la ap vin tounen yon letan, sa k’ te swaf la ap vin tounen sous dlo. Nan twou wòch yo, kote dragon yo te abite anvan an, se wozo ak jon tou vèt k’ap pouse.
Kote sa a ap gen santye ak wout, y’ap rele l’ wout ki sen ; moun ki sal p’ap pase ladan l’ ; l’ap vin tounen yon wout tou dwat pou nou, atèl pwen moun ki pa gen sajès yo, yo p’ap pèdi wout ladan l’. P’ap gen lyon kote sa a, ni move bèt p’ap monte ladan l’, yo p’ap jwenn sa la a ; moun yo ki delivre yo, y’ap mache, sila yo Granmèt la sove yo, y’ap tounen, y’ap rive nan Siyon avèk lwanj ak kè kontan tout tan sou tèt yo ; y’ap jwenn kontantman ak fèt, soufrans ak plent ap pati.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.   
SÒM REPONS 84, 9ab-10.
11-12. 13-14
R/ Men Bondye nou an ap vini, l’ap sove nou.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo. Reyèlman vre, delivrans li a tou pre moun ki respekte l’ yo, pou bèlte a abite sou tè nou an.R.
Kè sansib ak verite rankontre, jistis ak lapè anbrase. Verite a leve sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la. R.
LEVANJIL
“Nou wè mèvèy jodi a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 17-26
Yon jou, Jezi te chita li t’ap bay lansèyman. Te gen farizyen tou ki te chita ni spesyalis lalwa yo, ki te vin sot nan tout bouk Lagalile ak Lajide ak Jerizalèm ; pouvwa Granmèt la t’ap geri moun yo.
Gen moun ki vin ap pote yon mesye sou yon kabann, li pa t’ kapab fè mouvman ak manb li, yo t’ap chèche pote l’anndan an pou yo depoze l’ devan l’. Kòm yo pa jwenn ki kote pou yo pote l’anndan an akòz foul la, yo monte sou tèt kay la, yo desann li nan fetay kay la ansanm avèk kabann nan nan mitan an devan Jezi. Lè l’ wè lafwa yo, li di: “Monchè, peche ou yo efase”.
Pwofesè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse fè kalkil nan kè yo, y’ap di: “Kilès sila a, k’ap di bagay pou derespekte Bondye a? Kilès ki kapab padonnen peche, si se pa Bondye sèl?”
Kòm Jeze te konnen panse yo, li pran lapawòl, li di yo: “Ki sa n’ap kalkile nan kè nou an? Ki sa ki pi fasil, èske se di: “Péche ou yo efase”, oubyen di: “Leve epi mache?” Ebyen pou nou kapab konnen Pitit moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’ padonnen peche yo”, li di moun nan ki pa t’ kapab fè mouvman ak manm li yo: “Mwen di ou, leve, pran kabann ou, al fè wout ou lakay ou”. Menm lè a li leve devan yo, li pran kabann nan kote li te kouche a, li pati lakay li, antan l’ap fè konpliman pou Bondye. Sezisman anpare tout moun, yo pran fè lwanj Bondye, yo te sezi anpil, yo t’ap di: “Nou wè mèvèy jodi a”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Zanmi ak lektè Sous Lavi, depi yè Legliz kòmanse dezyèm semèn Tan Lavan an avèk tèm: “Vini Granmèt, wa jistis ak lapè”. Nan dezyèm lendi sa a, kote n’ap ret tann Granmèt la, ann reflechi sou sans li genyen nan lavi nou chak. Pouki sa nou vle pou Granmèt la ki se wa jistis ak lapè vini nan kè nou? Se vre chak ane nou repete menm mo yo: vini Granmèt! men nou sèten ke chak jou pi plis nou swaf li vini. Tankou pwovèb kreyòl la di l’: nou toujou ap tan li tankou tè sèk ki bezwen lapli. N’ap viv nan yon mond ki tèlman pa respekte dwa moun, yon mond ki tèlman plen ak manti, yon mond kote tout jounen se kout kouto, kote se moun ki gen lajan ki gen jistis paske lajitis chak jou pi plis tounen yon atik komèsyal. Nou kwè ke jistis pa nou, antan ke kretyen, se nan Bondye li ye, se nan sila k’ap vini an, li menm ki p’ap vann ak de mezi; nonm sa a ki san parèy la, ki toujou aji an favè sa ki pi meprize yo.
Nou wè kijan lekti jodi a ap pwoklame ke tè sèk la pral wouze, ravin ki te dezole yo pral tounen letan, moun avèg yo pral wè, soudè yo pral tande, bwate yo pral mache. Nou tout e nou chak gen yon bezwen, menm si bezwen nou yo kapab diferan; si se wè nou pa wè klè, je nou pral netwaye; si se kokobe nou kokobe, nou pral leve vòltije e si se bèbè nou bèbè, nou pral fè glwa pou Bondye, nou pral sèvi l’ temwen. Konbyen fwa nou santi nou avèg? Lè nou pa wè ni devan ni dèyè... nou menm konn di sanble lavi fini pou nou. Nou avèg, se paske nou pa wè sa k’ap pase nan mond lan, se paske nou rete ak koutin je wè bouch pe. Nou avèg paske menm si nou wè kòman y’ap maltrete frè ak sè nou yo, nou pa ka di anyen. Anpil nan nou bèbè devan zak enjistis pwòp frè nou ap soufri; nou bèbè paske si nou pale ti privilèj nou genyen an, n’ap pèdi li. Nou bèbè paske ògèy fin anvayi kè nou; nou bèbè paske lè nou pale vwa nou pa rive lwen. Konbyen nan nou jodi a k’ap viv tankou kokobe malgre nou gen 2 pye ak 2 men pou nou tranvay, pye nou yo pa sèvi nou pou nou kouri paske nou pa konn kote nou prale. Jodi a, wa jistis la ap fè nou konnen ke menm si nou wè lavi a parèt nwa pou nou, li la nan mitan fènwa, l’ap soufri avèk nou.
Tan Lavan ane sa ap mande nou fè Granmèt la konfyans, mete lafwa nou nan li e nan li sèl, menm jan ak nonm sa a nan levanjil jodi a; Granmèt la ap envite nou pran kabann nou al fè wout nou. L’ap padone tout peche nou yo, paske li se Bondye, li gen kè sansib pou nou, li p’ap kite nou peri.
An nou pa bliye ke Tan Tavan se yon tan espwa, esperans, se Granmèt la k’ap vini, an al rankontre li. Granmèt la ap vini nan kè chak grenn frè nou yo k’ap mande nan tout kwen nan lari, l’ap vini nan kè yon etranje ki pa menm san avèk ou, l’ap vini nan fanmi nou yo, nan zanmi ak lènmi nou yo. Pou sa fò n’ fè efò pou nou ka rankontre li nan moun sa yo. Jezi p’ap tounen fèt chak ane nan vil Bètleyèn, men l’ap fèt chak ane nan tout moun. Annou pa sèlman panse sa nou pral kwit pou Nwèl ane sa a, ki rad ak bèl soulye nou pral achte, annou panse tou nan kijan n’ap prepare kè nou pou n’ rankontre ak Jezi.
Jezi li panse tout moun, tankou chan kreyòl la di l’, nou poko menm panse l’ li deja konnen l’. Nou wè kòman nan Levanjil la Farizyen yo t’ap panse mal de Jezi ki, selon yo menm, ap derespekte non Bondye; san yo pa t’ pale Jezi te wè panse yo; se konsa tou Jezi ap li anndan kè nou chak, l’ap gade ki kalite panse n’ap fè sou frè ak sè nou yo.
LAPRYÈ: Granmèt, ou sonde m’, ou konnen m’, ou renmen m’. Tanpri vini nan kè m’, pou montre m’ kòman pou m’ jije frè m’ ak sè m’ yo. Tanpri Ganmèt, fè m’ tounen yon enstriman pou lapè: kote k’ gen rayisans pou m’ met renmen; nan fènwa pou m’ pote limyè, nan dout pou m’ simaye verite.
PWOPOZISYON: Mande Granmèt la lagras pou w’ tounen yon enstriman pou lapè nan zòn kote w’ap viv la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario