Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye konsole pèp li a”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 40, 1-11
«Konsole, konsole, pèp mwen, deklarasyon Bondye
nou an, pale ak kè Jerizalèm, ankouraje l’, paske mechanste l’ la fin disparèt,
fot li a efase, li fin resevwa nan men Granmèt la doub pou tout peche l’ yo».
Vwa sila a k’ap rele nan savann nan :
«Pare chemen Granmèt la, drese santye Bondye nou yo nan savann nan. Tout gòj ap
leve, tout mòn ak bit tè ap bese, sa k’ kwochi yo ap vin dwat, sa k’ gen twou
yo ap vin tounen chemen egalize, bèlte Granmèt la ap devwale, tout chè ap wè
ansanm se bouch Granmèt la ki pale».
Vwa sila a k’ap di a: “Rele”. Epi mwen
di : «Ki sa pou m’ rele a?» «Tout chè se zèb, tout bèlte l’ tankou flè jaden.
Zèb la seche, flè a tonbe, paske lespri Granmèt la soufle nan li. (Reyèlman vre
se zèb pèp la ye). Zèb la seche, flè a tonbe ; men pawòl Granmèt nou an
dire pou tout tan».
Monte sou yon mòn ki wo, ou menm
k’ap anonse bòn nouvèl la bay Siyon ; leve vwa ou byen fò, ou menm k’ap
anonse bòn nouvèl la bay Jerizalèm ; leve, pa pè, di vil Jida yo : «Men
Bondye nou an, men Granmèt Bondye a k’ap vini ak fòs, bra l’ap kòmande : men
rekonpans li avèk li, travay li devan l’. Tankou yon gadyen ap gadiyen bann
mouton l’, l’ap rasanble mouton yo ak bra l’, l’ap leve yo sou lestomak li, l’ap
pote sa k’ plenn yo».
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 95, 1-2.3 e 10ac. 11-l2. 13
R/ Men Bondye
nou an k’ap vini ak fòs
Chante pou Granmèt la yon kantik
nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Chante pou Granmèt la, fè
konpliman pou li, anonse jou an jou delivrans li.R.
Anonse bèlte l’ pou nasyon yo, nan
tout pèp yo mèvèy li yo.
Di nan nasyon yo : «Granmèt
la wa», l’ap jije pèp yo nan jistis.R.
Se pou syèl yo kontan, pou tè a
danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa k’ plen l’ ;
Jaden yo ap kontan ansanm ak tout
sa ki nan yo. Lè sa a tout bwa nan rak yo ap danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap
vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a.
L’ap jije fas tè a nan jistis epi
pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
«Bondye pa vle pou moun ki fèb yo peri»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 18, 12-14
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Sa nou di nan sa? Si yon moun gen
san mouton, epi youn nan yo pèdi wout, èske li p’ap kite katrevendiznèf lòt yo
nan mòn yo, pou l’al chèche sa k’ pèdi wout la? Si l’ rive jwenn
li, an verite mwen di nou, l’ap pi kontan pou li pase pou katrevendiznèf yo ki
pa t’ pèdi wout.
Se konsa, se pa volonte Papa nou
ki nan syèl la, pou youn nan ti piti sa yo peri.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pran
kouraj, pa febli; men Bondye nou k’ap vini! Figi kle dezyèm semèn Tan Lavan an,
se Jan Batis, sila a k’ap rele nan dezè a pou prepare chemen Granmèt la. Jounen
jodi a, nou menm pèp Ayisyen, nou ka pran plas pèp sa a ke Jan Batis te adrese
kalite mesaj sa a: prepare wout pou Granmèt la. Izayi vle di nou
menm bagay a pèp Jerizalèm nan: “konsole nou, ankouraje, paske fot nou yo fin
disparèt, mechanste nou yo fin efase”! Mwen panse ke Lavan
ane sa a, se moman pou nou louvri sa k’ nou atè devan Granmèt la pou nou di l’:
nou pa ka pran desepsyon ankò, nou pa ka imilye ankò paske imilyasyon sa a yo
twòp pou nou.
Tèm jodi a se: Granmèt la vin renouvle mond lan.
Lavi nou Granmèt, se yon bagay nou vrèman pa konprann, nou pa konprann poukisa
toujou se nou k’ap pase tray; tanpri fè kichòy nan peyi nou; transfòme kè tout
dirijan nou yo, nan kè chak grenn ayisyen k’ap viv swa an Ayiti oubyen
aletranje pou nou ka selebre yon nwèl kote nou santi nou se moun, nou gen
diyite.
Depi kounye a pou nou prepare chemen Granmèt la.
Nou dwe prepare kò nou pou nou akeyi Jezi k’ap vini a. Antan n’ap prepare fèt
Nwèl la, n’ap sonje kijan Bondye renmen nou, li desann pou li te kapab fè li
moun nan mitan nou, pou li te kapab wete nou anba jouk peche a. Se yon tan ki
envite nou viv nan penitans ak pataj. Bondye pataje sa li menm li ye avèk nou,
konsa nou dwe manisfe renmen sa pou lòt yo, nou dwe panche kè nou sou mizè ak
endijans lòt yo. Se yon envitasyon pou nou viv nan tèt ansanm, nan pataj, nan
renmen, nan solidarite, nan padon ak rekonsilyasyon. Prepare chemen Granmèt la,
se kase tèt tounen vin jwenn li, se sispann kwè nan bòkò, se sispann gaspiye sa
nou genyen nan dans lwa.
Jodi a, vwa Granmèt la ap rele nan dezè kè nou,
pou nou sispann rayi pwòp san nou, pou nou sipann viv nan prejije epi sispann
viv nan pretansyon. Li lè, li tan pou nou tout mete tèt nou ansanm pou nou
rekonstwi peyi nou, pou rekostwi kè nou, pou nou ka viv ak kè poze nan pwòp
peyi nou. Nou pa dwe rete ap mache tankou ti kabrit san
bann san konnen ki kote nou prale. Annou mete tout rankin ak lanbisyon ki p’ap mennen
nou okenn kote sou kote, pou nou ka mache men nan men sou chemen Granmèt la, ki
se chemen liberasyon an.Bondye Granmèt la konn tout pitit li yo, li p’ap kite
youn pèdi. Li toujou mete l’ kote pechè yo, e li vle nou kwape peche a. Se gwo
fèt nan syèl la chak fwa yon pechè konvèti; se fèt tou lè nou renmen youn lòt,
lè nou pataje sa nou genyen ak sa nou ye.
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt n’ap mande ou pou akonpanye nou sou wout lavi a, pou n’ ka travay koud
a koud, pou nou konstwi tèt ansanm ak kè poze.
PWOPOZISYON: Fè Bondye pwomès ou pral avanse sou yon lènmi ou epi w’ap anbrase li,
pou ou rekonsilye avèk li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario