Páginas

MÈKREDI 4

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la envite n’ nan resepsyon l’ nan, li siye dlo sot nan tout figi”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
25, 6-10a
Jou sa a :
Granmèt lame yo ap fè yon resepsyon bon vyann pou tout pèp yo sou mòn sa a, resepsyon bon diven, vyann ki gen bon gou, diven ki byen poze. Sou mòn sa a, l’ap chavire fas chenn nan ki te mare sou tout pèp yo, ak vwal la ki te vlope sou tout nasyon yo. L’ap chavire lanmò a pou tout tan, Granmèt Bondye ap wete dlo sot nan tout figi, l’ap wete lawont pèp li a sot sou tout tè a, paske Granmèt la pale.
Jou sa a y’ap di : « Men Bondye nou an, nou t’ap tann li, l’ap sove nou ; se li menm Granmèt la, nou t’ap espere li, n’ap fete, n’ap fè kè nou kontan nan delivrans li a. Paske men Granmèt la ap poze sou mòn sa a ».
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.          
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4, 5. 6
R/ M’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.
Granmèt la ap swen m’, mwen p’ap manke anyen : nan zèb vèt li enstale m’, sou dlo kalm li kondui m’, li refè nam mwen.R.
Li mennen m’ sou santye jistis poutèt non l’. Sèke si m’ap mache nan tè fon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare tab devan m’an fas sila yo k’ap pèsekite m’ yo ; ou anbome tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se bon kè ak kè sansib k’ap rapousuiv mwen toulejou lavi m’, m’ap abite nan kay Granmèt la pou longè jou yo.R.
LEVANJIL
“Jezi geri anpil moun, li fè pen yo vin anpil”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
15, 29-37
Lè sa a :
Jezi rive bò lanmè Lagalile a, li monte sou mòn nan, 1i chita la. Anpil foul pwoche kote l’, yo te gen moun baba, moun avèg, moun bwate, moun malad, ak anpil lòt, yo lage yo nan pye l’, li geri yo ; a tèl pwen foul yo te sezi lè yo wè moun baba k’ap pale, moun bwate k’ap mache, moun avèg ki wè, yo t’ap fè lwanj Bondye Izrayèl la. Jezi menm rele disip li yo, li di : «Mwen gen pitye pou foul la, paske sa fè twa jou deja yo pèsevere avèk mwen epi yo pa gen dekwa manje, mwen pa vle ranvwaye yo san manje, pou yo pa tonbe feblès sou wout la ». Disip li yo di l’ : «Ki kote nou kapab jwenn pakèt pen sa yo nan savann nan, pou nou kontante pakèt foul sa a?» Jezi di yo : «Konbyen pen nou genyen?» Yo menm yo di l’: “Sèt, epi kèk ti pwason”.
Li pase foul yo lòd pou yo kouche atè a; li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo, li bay disip li yo bay pèp la, tout moun manje, yo kontante. Sa k’ te rete an plis nan moso yo, yo ranmase sèt panye plen.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Jodi a se premye mèkredi nan Tan Lavan nouvèl ane litijik la, ane A. Pawòl Bondye a pote konsolasyon pou nou ak anpil kè kontan. Poukisa? Ebyen se paske “Granmèt la envite n’ nan resepsyon l’ nan, li siye dlo sot nan tout figi”.Se chak jou Granmèt la ap lanse nou gwo envitasyon pou nou kase tèt tounen vin jwenn li, menm jan nou sonje ti gason banbochè a te fè li a. Levanjil jodi a makonnen ak premye moso Labib la : nou deja ap pyafe nan fèt pwofèt Izayi te anonse Granmèt la te envite nou patisipe a. Mesi a, Sovè a, Liberatè a la, li pa vini pou li pale anpil, li pa pasif. Okontrè Levanji la prezante nou yon Jezi dinamik, yon Jezi aktif, se aksyon l’ap poze, aksyon ki lakòz anpil moun sezi, aksyon pou sove moun. Ki aksyon nou wè Jezi poze ? An nou gade ansanm nan moso Levanjil Matye nou sot li a : Premye aksyon Jezi poze, li geri anpil moun. Ki maladi moun sa yo te soufri ? Moun sa yo te gen divès kalite andikap ak maladi : genyen ki te baba, genyen ki te avèg, genyen ki te bwate, elatriye. Bagay sa yo se gwo andikap yo ye nan lavi moun e Jezi vini pou konbat yo, pou delivre nou anba yo. Ebyen Jezi geri bèbè yo pou yo kapab al pwoklame pawòl Bondye a, pou yo kapab al di lòt moun ki gou Bondye genyen. Jezi geri avèg yo pou yo kapab wè ak kontanple mèvèy Bondye nan Kreyasyon an. Jezi geri moun ki bwate yo pou yo kapab vòltije tankou kabrit pou yo kouri toupatou al di lòt moun kijan Granmèt la gran. Mezanmi, nou menm ki pa nan kondisyon moun sa yo te ye avan yo te rankontre ak Jezi a, kisa n’ap fè jodi a ! Li ta bon si nou ta kapab itilize bouch nou, zye nou, pye nou, tout sa nou ye pou nou fè lwanj pou Bondye.
Dezyèm aksyon Jezi poze nan Levanjil la : li bay moun yo manje. Mezanmi se pa ti mirak non ! Lè nou byen reflechi sou sa, nou wè vrèman pa gen anyen ki enposib pou Bondye (Lik 1,37). Jezi prezante li kòm Bon Pastè a, sila ki konprann mizè mouton li yo, ki pran pitye pou yo e ki fè kichòy pou wete yo nan soufrans grangou. Gen yon aspè ki parèt trè enteresan nan mirak la, sèke yo di nou, « [Jezi] pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo, li bay disip li yo bay pèp la, tout moun manje, yo kontante». Konsa li montre nou kòman li enpòtan pou nou lapriyè pou di Bondye mèsi pou tout sa nou genyen. Lè nou genyen atitid sa a, Bondye kapab toujou beni nou, li kapab toujou miltipliye sa nou te kwè ki pa t’ase pou nou an.
LAPRIYÈ: Granmèt Bondye nou, prepare kè nou ak fòs ou a, pou lè Jezikri Pitit ou a rive, li jwenn nou kòrèk pou resepsyon lavi tout tan an, pou nou merite jwenn manje syèl la l’ap sèvi nou an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Pataje sa ou genyen ak yon pwochen ki pa genyen anyen ditou. Wè kisa ou kapab fè pou konbat grangou nan sosyete a.Poze yon aksyon pou sove lavi moun.

No hay comentarios:

Publicar un comentario