Páginas

JEDI 5

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Se pou nasyon ki kòrèk la antre, sa ki kenbe verite a”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
26, 1-6
Jou sa a, y’ap chante kantik sa a nan peyi Jida a :
«Vil fò nou an se Siyon ; sila a ki sove nou an li poze miray ak anvan miray nan li. Louvri pòt yo, pou nasyon ki kòrèk la antre, sa k’ap kenbe verite a. Ansyen move chemen an pati, n’ap kenbe lapè a : lapè paske nou espere nan ou.
Nou te espere nan Granmèt la pou tout tan k’ap dire tout tan yo, nan Granmèt Bondye ki fò pou tout tan an. Sèke li rabese moun yo ki te abite nan wotè a ; vil la ki te wo a, li rabese l’ ; li rabese l’ jous atè, li trennen l’ jous nan pousyè. Pye moun ap foule l’, pye pòv la, plant pye malere yo.»
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.           
SÒM REPONS 117, 1 e 2 8-9, 19-21, 25-27
R/ Konpliman pou sila a ki vini o non Granmèt la.
Fè lwanj pou Granmèt la, paske li bon, paske kè l’ sansib pou tout tan.
Li bon pou nou kache nan Granmèt la, pase pou nou mèt konfyans nan chèf yo.R.
Louvri pòt jistis yo pou mwen m’ap antre nan yo pou m’ fè lwanj Granmèt la ; Sa a se pòt Granmèt la, sila yo ki kòrèk yo ap antre ladan l’.
M’ap fè lwanj ou, paske ou koute m’, ou tounen delivrans pou mwen.R.
Granmèt, sove m’ ; Granmèt, bay siksè. Konpliman pou sila-a k-ap vini o non Granmèt la.
N’ap fè konpliman pou nou sot nan kay Granmèt la. Bondye Granmèt la klere nou.R.
LEVANJIL
“Moun ki fè volonte Papa a, l’ap antre nan rèy syèl yo”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
7, 21. 24-27
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Se pa tout moun k’ap di m’: “Granmèt, Granmèt” k’ap antre nan rèy syèl yo; men se moun ki fè volonte Papa m’ ki nan syèl la, se li menm k’ap antre nan rèy syèl yo.
Tout moun ki koute pawòl mwen sa yo epi ki obsève yo, l’ap sanble ak yon moun sajès, ki bati kay li sou wòch; lapli tonbe, larivyè desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li pa tonbe; sèke li te chita solid sou wòch.
Tout moun ki koute pawòl mwen sa yo, men ki pa obsève yo, l’ap sanble ak yon moun ki san lespri, ki bati kay li sou sab; lapli tonbe, larivyè desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li tonbe, destriksyon l’ nan gran anpil.”
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Tan Lavan sa, se yon moman pou nou pwofite prepare kè nou, pou pitit Bondye a ka rantre nan lavi nou, nan fèt nwèl la; se poutèt sa lekti nan jounen jodi a envite nou fè yon ti revizyon nan lavi nou, sitou nan fason nou viv pawòl Granmèt la. Paske viv bòn nouvèl levanjil la, se fè volonte Bondye Papa, se sa k’ap fè nou antre tou nan rèy syèl la. Li ta bon pou ou poze tèt ou kèk ti kesyon: kijan jan mwen viv pawòl la? Èske pawòl la fè efè nan lavi mwen? Nan ki mezi mwen louvri kè mwen bay Bondye? Ki desizyon mwen kapab pran jodi a, sou baz pawòl Bondye a?
Viv nan Kris la, se chwazi viv yon lavi tou nèf, se viv nan lafwa, lesperans ak lanmou; se viv pou Bondye nèt ale san gade dèyè, se pote lanmou Bondye a bay sila yo ki pi fèb nan sosyete a, se akonpaye moun sosyete a mete sou kote, se travay pou yon lavi miyò pou tout moun viv nan diyite ak respè. Premye lekti a anonse nou jodi a Bondye se yon Papa ki gen bon kè, li la pou l’ defann pitit li ki pi pòv yo. Se li menm ki sekou tout malere. Pafwa nou vle pèdi espwa nan mitan sitiyasyon ak kalamite n’ap pase, sitou lè nou malad epi nou pa gen lajan pou nou ale lopital, lè nou grangou epi nou p’ap travay, lè nou santi nou imilye, ou byen lè yo vle pase dwa nou anba pye, oubyen lè gran nèg yo vle toupizi nou nan fè nou travay di epi yo pa vle peye nou, lè nou se imigran ki fè fas ak moun ki rayi etranje, moun ki rasis oubyen ki pa konprann nou; lè lwaye kay la rive epi nou pa kapab peye, lè timoun yo pa kapab ale lekòl. Devan tout sitiyasyon malouk sa yo, nou konn santi Bondye lwen nou oubyen li abandone nou. Si nou panse konsan, ebyen nou vin sanble ak moun ki bati kay yo sou sab. Okontrè nou dwe bati lafwa nou sou wòch esperans lan, nou dwe gen andirans pou nenpòt ti difikilte pa fè nou vire do bay Bondye. Nou fèt pou nou kwè nan jistis Granmèt la ki fè rich yo wont e ki leve tèt pòv yo. An nou renouvle fòs esperans sa nan pawòl Bondye a; an nou di ak tout konviksyon nou: “Bondye Granmèt, se ou ki sèl espwa mwen”.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, ede m’ viv pawòl ou a. Pa kite move van lavi a chavire bak lafwa mwen. Ban mwen yon lafwa ki solid, pou mwen kapab toujou mize lavi mwen sou ou sèl, paske avèk ou pa gen fènwa ki p’ap tounen limyè. Amèn. 

PWOPOZISYON: M’ap pran yon ti moman nan jounen jodi a pou mwen reflechi sou pawòl Bondye epi m’ap pataje l’ yon lòt moun.

No hay comentarios:

Publicar un comentario