Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Jou sa a, je avèg yo ap wè”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 29, 17-24
Men pawòl Granmèt Bondye :
«Nan kèk tan, nan yon ti moman,
èske mwen p’ap fè Liban an tounen yon jaden, jaden an menm, l’ap vin tankou yon
gran rak bwa? Jou sa a, moun soud yo ap tande pawòl liv la, je avèg yo ap sòti
nan fènwa ak nan vwal la pou yo wè. Moun ki tou dou yo, y’ap jwenn plis kè
kontan nan Granmèt la, pòv yo ap danse nan sen Izrayèl la; paske moun ki t’ap
fè pwofitè a, li tonbe; moun ki t’ap pase Bondye nan rizib la, li fini; e y’ap
peri tout moun sa yo ki t’ap pase tan yo ap fè sa k’ mal la, moun ki te konn ap
fè lòt yo fè peche nan pawòl, ki te konn ap met jijman an anba pye yo nan
tribinal la, ki te konn ap fè moun kòrèk la tonbe akòz manti yo.
Se pousa, men pawòl Granmèt la
pou kay Jakòb la, li menm ki delivre Abraam: «Jakòb p’ap wont ankò, figi l’ p’ap
wont ankò; men lè l’ap wè pitit li yo, travay men m’ fè, y’ap fè wè jan non m’
sen, y’ap fè wè jan sen Jakòb la li sen tout bon vre, y’ap preche Bondye Izrayèl
la; moun ki fèb nan lespri, y’ap gen konpreyansyon, rebèl yo ap aprann lalwa a.»
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 26, 1.4.13-14
R/ Granmèt
la se limyè m’ak delivrans mwen
Granmèt la se limyè m’ak delivrans
mwen, ki moun pou m’ pè ?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’,
devan ki moun pou m’ tranble ? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt
la, se sa m’ap chèche : abite lakay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè
dousè Granmèt la, pou m’ vizite kay sakre l’ la.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la
nan tè vivan yo. Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apiye sou Granmèt
la.R.
LEVANJIL
“Antan yo kwè nan Jezi, de avèg yo geri”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 9, 27-31
Lè sa a :
Pandan Jezi ap travèse, de avèg
ap suiv li antan y’ap rele byen fò, y’ap di : «Pitye pou nou, pitit David ».
Lè l’ rive nan kay la, avèg yo pwoche kote l’. Jezi di yo : «Èske nou kwè
mwen kapab fè sa pou nou?»
Yo di l’ : «Wi, Granmèt.» Lè
sa a atò li touche je yo, li di : «Daprè lafwa nou, se pou sa fèt pou nou ».
Je yo louvri vre. Jezi fè yo menas, li di : «Fè atansyon pou pèsòn pa konnen». Yo
menm lè yo sòti, yo gaye nouvèl la nan tout peyi sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON :Frè
ak sè m’ yo, nou gen tan rive nan yon lòt tan; ki se tan Lavan, yon tan pou nou
kase tèt tounen vin jwenn Bondye ki gen tout pouvwa, se yon tan pou nou prepare
nou, pou n’ tann Sovè a k’ap vini an, yon tan pou lapriyè pi plis, fè penitans
pou peche n’ yo, pataje nan sa Bondye ba nou avèk sila yo ki plis nan nesesite:
pou nou kapab fèt yon lòt fwa ankò nan Jezikri ; si nou kwè tout bon vre
nan sila a k’ap vin avèk tout pouvwa li a, ebyen tout sa ki nan fènwa ap vin wè
klè. Kòm nou sot li sa nan Levanjil la, 2 avèg t’ap swiv Jezi, yo t’ap rele
byen fò : «Jezi, pitit David la, gen pitye pou nou ! Jezi menm nan kè
sansib li, li te wè kijan yo te gen lafwa, lè l’ rive nan kay kote l’ te prale
a, nan tout senplisite, 2 avèg yo pwoche kote l’, Jezi te akeyi yo, li pa t’
meprize yo ; li mande yo si yo kwè li kapab geri yo.Yo reponn, yo
di : « wi Granmèt !», paske se yon bagay yo chèche anlè yo jwenn
li atè sou do pye yo. Ala yon gwo mirak ! Dimansyon lafwa trè enpòtan nan
mirak sa. Jezi touche yo e li di : «daprè lafwa nou, se pou nou wè» ;
menm lè a je yo vin wè klè. Jezi te entèdi yo pou yo pa t’ di pèsonn sa, men yo
te santi li pa t’ posib pou yo rete baba devan kokenn chenn mirak sa. Yo t’ap
pwoklame sa Jezi fè pou yo. Se te fason pa yo pou yo te anonse Bòn nouvèl la, paske
yo te gen chans wè Mesi a avèk 2 je yo ; avan mirak la, yo te tande Mesi a
ap pale, men yo pa t’ kapab wè li. Wi Granmèt la sèvi ak pouvwa li nan sila yo
ki pi pòv yo, sa ki pi meprize, sa ki pako wè limyè a, sila yo ki poko tande Bòn
Nouvèl la. Tankou nou sot tande l’ nan premyè lekti a, Granmèt la ba nou yon
avètisman, anvan lontan n’ap wè yon seri de siy nou pa t’ konn abitwe wè ;
lè sa a se va kè kontan pou sila yo ki pòv jodi a, moun ki soud yo pral dande
pawòl la, je avèg yo va louvri, tout sa ki t’ap viv nan fènwa va wè limyè.
Frè ak sè m’ yo, nou menm k’ap pase mizè ak tray
jodi a, nou menm y’ap pèsekite, nou tout ki inosan k’ap peye pou koupab, piga
nou dekouraje paske Bondye nou an ap vini, l’ap vini pou delivre nou, pou ban
ou lavi. Ann pwofite Tan Lavan sa pou nou kase tèt tounen vin jwenn Bondye, e n’a
wè bèl mèvèy.
LAPRIYÈ : Granmèt,
tanpri louvri je m’ pou m’ kab wè limyè a ; konsa m’ap dekouvri mèvèy ou
yo atravè Pitit ou a k’ap vin retire tout moun nan fènwa ak lonbraj lanmò a. Pa
sèlman je kò a pou ou louvri, men tanpri ouvri je lespri a tou, pou m’ kapab
konprann e fè sa ou vle.
PWOPOZISYON :
Koute Jezi, Pitit David la, k’ap di w’ : «wi mwen vle geri w’, men fòk ou
kwè. »
No hay comentarios:
Publicar un comentario