Koulè Vèt
SIZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE MOSO
LABIB
« Li pa
kòmande pèsòn pou l’aji mal ».
NAN LIV SIRASID 15,16-21
Si ou vle kenbe kòmandman yo, y’ap prezève ou, pou ou ret
fidèl ap fè l’ plezi tout tan. Li mete dlo ak dife devan ou ; kote ou vle,
plonje men ou. Devan moun nan se lavi ak lanmò, byen ak mal: sa k’ fè l’
plezi, li ba li l’.
Sèke sajès Bondye a anpil, li menm ki fò nan pouvwa, li wè
tout bagay san rete. Je Granmèt la sou moun ki krenn li yo, li konnen tout
travay moun nan.
Li pa kòmande pèsòn pou l’ aji mal, li pa bay pèsòn
avantaj pou fè peche.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 118,
1-2. 4-5. 17-18. 33-34
R/ Ala kontantman pou moun k’ap mache nan
lalwa Granmèt la.
Ala kontantman pou moun ki entak sou wout la, k’ap mache
nan lalwa Granmèt la. Ala kontantman pou moun ki kenbe temwayaj li yo, k’ap
chèche l’ak tout kè yo.R.
Ou menm ou pase lòd pou yo obsève kòmandman ou yo byen. Mwen
swete pou wout mwen yo dirije pou yo kenbe desizyon an yo.R.
Fè sèvitè ou dibyen, m’a viv, m’a kenbe pawòl ou a. Devwale
je m’, m’a konsidere mèvèy nan lalwa w’ la.R.
Poze lalwa a pou mwen, Granmèt, chemen desizyon w’ yo, m’a
obsève yo tout tan. Ban m’entelijans, m’a obsève lalwa w’ la, m’a kenbe l’ak
tout kè m’.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
« Bondye
fikse sajès la davans anvan syèk tan yo, pou glwa nou ».
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 2, 6-10
Frè m’ yo :
Se sajès n’ap pale nan pami moun ki kòrèk yo, men yon
sajès ki pa sot nan syèk sa a ni nan chèf syèk sa a, yo menm k’ap disparèt la.
Men n’ap pale sajès Bondye nan mistè, sa k’ kache a, sa
Bondye mete apa davans depi anvan syèk tan yo pou glwa nou an li menm okenn nan
chèf syèk sa a pa t’ konnen; paske si yo te konnen l’, yo pa ta janm kloure
Granmèt glwa a sou kwa a. Men, jan sa ekri a, sa « je pa t’ wè, ni zòrèy
pa t’ tande, sa ki pa t’ monte nan kè moun, sa Bondye te pare pou sa yo ki renmen
l’ nan ».
Sèlman Bondye devwale nou li pa lentèmedyè Espri l’ la.
Sèke Espri a sonde tout bagay, jous pwofondè Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
« Se konsa
yo te di ansyen yo ; mwen menm menm mwen di nou ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-37
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pa konprann mwen vini pou m’ defèt lalwa a oubyen Pwofèt
yo: mwen pa vin defèt, men reyalize nèt. Amèn mwen di nou, joustan syèl la ak
tè a pase, yon ti «i» oubyen yon ti trè p’ap pase sot nan lalwa a, joustan tout
bagay fèt.
Konsa moun k’ap defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo epi
k’ap aprann moun yo fè konsa, y’ap rele l’ pi piti nan peyi-wa syèl yo; men
moun k’ap fè, epi k’ap aprann, moun sa a, y’ap rele l’ gran nan peyi-wa syèl
yo.
Mwen di nou, si jistis nou pa depase pa skrib yo ak
Farizyen yo, nou p’ap antre nan peyi-wa syèl yo.
Nou te tande yo te di ansyen yo: «Pa touye»; moun ki touye,
li merite jijman. Mwen menm mwen di nou : Tout moun ki fè kòlè kont
frè l’, li merite jijman. Moun ki di frè l’ : « Tèt vid », li merite
tribinal. Moun ki di : « Moun fou », li merite boukan dife a.
Konsa, si w’ap ofri kado ou devan lotèl la, epi lè ou rive
la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, kite kado w’ la la menm devan lotèl la,
al rekonsilye avèk frè w’ la anvan ; aprè sa w’a vini, w’a ofri kado ou
la.
Mete ou dakò avèk ènmi ou nan byen vit, pandan ou sou wout
avèk li ; pou ènmi ou nan pa renmèt ou nan men jij la, pou jij la pa renmèt
ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan prizon. Amèn mwen di ou, ou p’ap sòti la,
joustan ou renmèt dènye santim nan.
Nou te tande yo te di ansyen yo : « Pa fè move
plezi ». Mwen menm mwen di nou : Tout moun ki gade yon madanm pou l’anvi
l’, li deja fè move plezi avèk li nan kè li. Si je dwat ou vle fè ou tonbe nan
peche, rache l’, jete l’ lwen ou ; li pi bon pou ou pou youn nan manb ou
yo pèdi, pase pou yo jete tout kò ou nan dife. Si men dwat ou fè ou tonbe nan peche,
koupe l’, jete l’ lwen ou ; li pi bon pou ou pou yon sèl nan manm ou yo
pèdi, pase pou tout kò ou ale nan dife.Yo te di tou : « Si yon moun
ranvwaye madanm li, se pou l’ ba li biye divòs ». Mwen menm mwen di nou :
Yon moun ki ranvwaye madanm li, sof si li menm ak madanm nan t’ap viv nan plezi
lachè san yo pa marye, li fè l’ vin tounen adiltè, moun ki marye avèk yon divòse,
li fè adiltè.
Nou te tande ankò yo te di ansyen yo : Pa fè sèman,
renmèt Granmèt la sa ou pwomèt nan sèman ou yo ». Mwen menm mwen di nou
pou nou pa fè sèman ditou : ni sou syèl la, paske se twòn Bondye li ye ;
ni sou tè a, paske se macheskalye pye l’ ; ni sou Jerizalèm, paske se vil
gran wa a; ni pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa kapab fè yon sèl cheve vin
blan oubyen nwa.
Se pou pawòl ou « wi, wi ; non, non » ;
sa k’ an plis nan bagay sa yo, se nan pabon an li sòti ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Levanjelis la mete nan pawòl Jezi yo tout sa
lalwa a te ekzije moun ki t’ap viv nan tan Matye yo. An menm tan tou, li pale
sou avètisman Jezi ki pa vini pou detwi men pou akonpli. Kidonk Jezi vini
akonpli tout sa pwofèt yo te anonse depi byen lontan. Devan tout moun ki t’ap
swiv li nan tan li te sou tè a ak moun ki te gen pou swiv li aprè sa, Jezi mete
yon gwo defi : Ebyen lalwa te di tèl bagay ke nou dwe fè, ke nou dwe
akonpli (Pa ekzanp, pa touye ; èske nou kapab ale pi lwen ke sa lalwa
mande nou ? Konsa li pa ta sifi pou nou sèlman pa touye ; li ta
enpòtan tou pou nou pa fè kòlè, fache kont frè nou, pa bòykote yo, pa pile yo,
pa inyore yo, pa depresye yo, pa bliye yo. Men si toutfwa nou ta montre youn
nan atid sa yo natirèlman, nou dwe prese repare sa ; paske si se pa sa
ofrann nou yo p’ap fè Bondye plezi.
Kisa Jezi di sou koze relasyon ak medam
yo ? Espesyalis Labib la yo
presize, epi yon fason ki trè enteresan yo mete aksan sou volonte Jezi te
genyen pou li te fè respekte medam ki t’ap viv nan tan li yo. Jwif yo te apèn
konsidere fanm yo kòm yon bagay. Atravè istwa, pandan anpil tan, yo te preske
pa bay fanm okenn valè. Divizyon limanite ant fanm ak gason, sa pote yon gwo
kosekans ki eksite medam yo. Lòt defi Jezi mete devan kretyen an, se sa :
konsidere fi a tankou yon moun ke ou kapab pataje yon pwojè lavi avèk li, defi
pou bay mond lan yon gwo leson antan ou montre ki mèvèy de moun kapab fè lè
y’ap viv nan tèt ansanm nan Kris la, san youn pa konsidere li plis pase lòt.
Lòt defi Jezi mete devan nou jodi a, se aprann di
«wi» ou «non», san nou pa ajoute plis detay. Kidon li enpòtan pou nou konsekan
ak tèt nou kòm moun. Nan kèk sikonstans nou kapab di «wi» epi nou kenbe mo nou
nèt ; konsa tou nan lòt sikonstans nou kapab di non epi nou kenbe mo nou.
An nou mande Bondye pou menm jan ak Lavyèj Mari nou aprann di li «wi» epi pou
nou kenbe wi nou nèt ale.
LAPRIYÈ : Granmèt tanpri, ede nou mete tèt nou ansanm nan renmen,
dyalòg ak solidarite, ede konbat tout konplèks ki fè nou santi nou plis pase
lòt moun ; aprann nou mete tèt nou ansanm pou nou youn aprann padone lòt,
ede nou ale pi lwen pase limit nou yo. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON : Rekonsilye ak yon moun mwen te gen yon ti pwoblèm
ak li jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario