Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Jewoboam
fè de towo an lò ».
NAN PREMYE LIV WA YO 12, 26-32 ; 13. 33-34
Jou sa yo :
Jewoboam di nan kè l’ : « Koulye a peyi-wa a ap
tounen nan kay David la, si pèp sa a ap monte pou l’ofri sakrifis nan kay
Granmèt la nan Jerizalèm ; kè pèp sa a ap tounen kot mèt li Woboam, wa Jida
a ; y’ap touye m’, y’ap tounen al jwenn li ». Li reflechi, li kalkile
avèk minis li yo, li fè de towo an lò, li di yo : « Pa monte Jerizalèm
ankò ; men dye ou yo, Izrayèl, ki te fè ou sòti nan peyi Ejip la ».
Li enstale youn Betèl epi lòt la Dan. Bagay sa a vin tounen peche ; pèp la
te pran abitid al adore towo a jous Dan.
Li fè yon tanp sou yon wotè, li enstale prèt sot nan tout
limit pèp la, yo pa t’ sot nan pitit Levi yo. Li mete yon jou gran fèt nan uityèm
mwa a, kenzyèm jou mwa a, sou modèl gran fèt yo te konn fete nan Jida a. Li monte
sou lotèl, li fè menm jan nan Betèl, pou l’ sakrifye bay towo yo li te fè
a ; li enstale prèt nan Betèl pou wotè yo li te fè a.
Jewoboam pa tounen sot nan move chemen l’ nan, men o
kontrè li kontinye ap enstale prèt pou wotè yo sot nan nenpòt kote nan pèp la.
Nenpòt moun ki te vle, li te plen men l’, li te fè l’ vin prèt pou wotè yo. Se
poutèt sa kay Jewoboam nan fè peche, li tonbe, li efase sot sou fas tè a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 105,
6-7a. 19-20. 21-22
R/ Sonje nou, Granmèt nan bon kè ou genyen
pou pèp ou a.
Nou fè peche avèk papa nou yo, nou aji fason ki pa kòrèk,
nou fè fot. Papa nou yo nan Ejip la, yo pa t’ konprann mèvèy ou yo.R.
Yo fè yon ti towo nan Orèb, yo adore yon pòtre ; yo
chanje glwa yo
pou pòtre yon towo ka manje zèb. Yo bliye Bondye ki te
sove yo a,
li menm ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Ejip la, mèvèy
nan peyi Kam nan, pwodij nan lanmè Wouj la.R.
LEVANJIL
« Yo manje,
yo gen vant plen ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 1-10
Jou sa yo ankò, kòm foul la te anpil, epi yo pa t’ gen
anyen pou yo te manje, Jezi rele disip li yo, li di yo : « Mwen gen
pitye sou foul la, paske men deja twa jou yo kanpe avèk mwen, epi yo pa gen anyen
pou yo manje ; si m’ ranvwaye yo san manje lakay yo, y’ap tonbe feblès sou
wout la : kèk nan yo menm vin sot byen lwen ».
Disip li yo reponn li : « Kote yon moun kapab
bay moun sa yo manje pou satisfè apeti yo isit la nan dezè a » ?
Li poze yo kesyon : « Konbyen pen nou genyen » ?
Yo di : « Sèt ». Li pase foul la lòd pou l’
kouche atè a, li pran sèt pen yo, li di Bondye mèsi, li bay disip li yo pou yo
ofri yo, yo ofri foul la. Yo te gen kèk ti pwason, li beni yo, li pase lòd pou
yo ofri yo.
Moun yo manje, apeti yo satisfè ; yo ranmase sa k’ te
rete nan moso yo, sèt panye. Epoutan moun ki te manje yo, yo te anviwon kat
mil, epi li ranvwaye yo. Menm lè a li monte nan batiman an avèk
disip li yo, li rive nan rejyon Dalmanouta.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON :
Anpil fwa nou engra, nou bliye sa Bondye fè pou nou, nou bliye sa yon zanmi
oubyen yon fanmi te fè pou nou. Li te fè nou byen, nou bliye sa epi se mal nou
wè pou li, nou te gen tan pa t’ ka wè li, nou pa ka pran sant li, n’ap fè manti
sou li, n’ap fè konplo sou do li. Nou te malad, nou mache Legliz chak jou, nou
nan jèn toupatou n’ap lapriyè men kou Bondye geri nou, nou bliye chemen Legliz,
nou pa gen tan pou nou priye ankò.
Se mòd atitid sa Izrayèl te manifeste ak Bondye Granmèt
la, ki te akonpaye li pou wete li nan esklavaj, anba opresyon Ejipsyen yo, li
te fè sous dlo eklate pou li nan dezè a, li te fè li travèse gwo lanmè san pye
li pa mouye ; men pi devan sa pa t’anpeche pèp la tonbe nan sèvi zidòl, yo
fè pòtre towo bèf pou yo adore e yo bliye Bondye ki te delivre yo a. Ala pèp
engra ! An nou gade konbyen fwa nou engra anvè Bondye oubyen anvè yon
moun.
Kote pouvwa lèzòm limite, se la pouvwa Bondye kòmanse.
Levanjil jodi a sa menm l’ap aprann nou. « Kote yon moun kapab bay moun sa
yo manje pou satisfè apeti yo isit la nan dezè a » ? Avèk sèt pen ak
kèk ti pwason Jezi bay kat mil moun manje e yo manje vant deboutonnen epi rès
rete.
Men sa ki pi enpòtan nan Levanjil la, se pa manje a
non : se mizerikòd, kè sanb Jezi ki manifeste pou foul la.
Jezi rele disip li yo, li di yo : « Mwen gen
pitye sou foul la, paske men deja twa jou yo kanpe avèk mwen, epi yo pa gen
anyen pou yo manje ; si m’ ranvwaye yo san manje lakay yo, y’ap tonbe
feblès sou wout la : kèk nan yo menm vin sot byen lwen ». Frè ak sè
mwen yo, Bondye wè traka nou, li konprann pwoblèm nou e l’ap ede nou rezoud li.
Menm si n’ap soufri, li enpòtan pou nou pran pasyans.Lè moman Granmèt la rive
l’ap kase tout chèn ki antrave nou, l’ap sove nou.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri padone mwen pou tout engratitid mwen yo.
Kontinye miltipliye gras ou nan lavi mwen. Fè m’ sanble ak ou nan fason mwen
pran pitye pou lòt yo. Amèn
PWOPOZISYON : Si ou te fè engratitid ak yon moun, al mande li
padon. Di li ou renmen li epi ou w’ap sonje tout sa li te fè pou ou. Pataje sa
ou genyen ki pa sifi pou ou a ak yon moun ki nan bezwen. Bondye va ba ou plis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario