Koulè Blan
SIRIL KI SEN, Mwán,
e METÒD KI SEN, Evèk
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
« Izrayèl
separe sot nan kay David la ».
NAN PREMYE LIV WA YO 11, 29 -32 ; 12, 19
Rive nan tan sa a, pandan Jewoboam t’ap sòti Jerizalèm, pwofèt
Akija moun Silo a, rankontre l’ sou wout la, pwofèt la te abiye ak yon manto nèf ;
se yo de a sèlman ki te an deyò a.
Akija pran manto nèf li a, sa l’ te abiye avèk li a, li
chire l’an douz moso, li di Jewoboam : « Pran dis moso pou ou ;
sèke men sa Granmèt Bondye a di Izrayèl : « Men m’ap chire peyi-wa a
sot nan men Salomon ; m’ap ba ou dis ras. Se yon sèl nan ras yo k’ap rete
pou li, akoz sèvitè m’ David avèk Jerizalèm, vil la mwen te chwazi nan pami
tout ras Izrayèl yo ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 80,
10-11ab. 12-13. 14-15
R/ Se mwen menm ki Granmèt Bondye w’ la :
koute vwa m’.
Pap gen dye etranje nan ou, ou p’ap adore dye etranje.
Se mwen menm ki Granmèt Bondye ou, ki te fè ou sòti nan peyi
Ejip la.R.
Pèp mouin-an pa kouté voua-m, Izraèl pa fè atansion ban
mouin.
Mouin lagé yo dapré kè yo ki rèd la, y-ap maché nan lidé
yo. R.
Si pèp mwen an te koute m’, si Izrayèl te mache nan wout
mwen yo,
yon ti moman mwen ta kraze ènmi l’ yo, mwen ta lonje men m’
sou sa yo k’ap fè l’ pase tray yo.R.
LEVANJIL
« Li fè
moun soud yo tande, li fè baba yo pale ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 7, 31-37
Lè sa a :
Jezi sòti nan teritwa Ti la, li travèse Sidon, li rive
jous nan lanmè Galile a, nan mitan teritwa Dekapòl la. Yo mennen yon moun soud
ba li, moun nan te baba tou, yo t’ap priye l’ pou l’ poze men sou li. Li pran l’ apa
sot nan foul la, li met dwèt li nan zòrèy li, li krache, li touche lang li; li
leve je nan syèl la, li pouse yon ti souf, li di l’: «Efeta», sa vle di «Louvri».
Menm lè a zòrèy li louvri, kòd lang li lage, li t’ap pale kòrèk.
Li pase yo lòd pou yo pa di pèsòn sa. Men plis li t’ap
pase lòd, se plis yo t’ap preche sa.Moun yo te sezi anpil, yo t’ap di : «li
fè tout bagay byen : li fè moun soud yo tande, li fè baba yo pale».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
OUBYEN YO KAPAB LI POU JOU A : PREMYE LEKTI : Travay Apot yo 13, 46-49
SÒM REPONS: Psòm 116, 1. 2
LEVANJIL: Lk 10, 1-9
REFLEKSYON: Gen anpil bagay nou ta kapab di sou lekti
jodi a yo, men m’ ta renmen pran yon ti detay sèlman nan Bòn Nouvèl la pou nou
reflechi jodi a, paske se yon ti detay ki ka fè nou konprann Jezi pi byen. An nou gade jan Jezi
fè mirak la. Avan l’ geri nèg soud ak bèbè a, li mennen l’ yon kote apa, pou
moun pa wè. Lè l’ fin fè mirak la, li mande nèg la pa di pesòn moun si l’ te fè
sa pou li. Pou ki sa Jezi pa vle pesòn moun wè mirak li a ? Èske se pa yon
Bòn Nouvèl, tout moun ta dwe konnen l’ ? Èske mirak la pa ta ede yo kwè nan li, kòm Kris la, pou yo kwè nan
mesaj li a tou ? Okontrè, nan moman mirak la, gen lè Jezi pa ko vle pou yo
konnen si l’ se Mesi a. Pèp la t’ap tann yon Mesi, yon Kris. (Mesi ak
Kris, se de mo ki vle di menm bagay. Mesi sòti nan lang ebre, ki se lang ki pi
enpòtan nan Ansyen Kontra a, epi Kris, se tradiksyon Mesi nan lang grèk, ki se
lang Nouvo Kontra a. Mo sa yo vle di yon moun yo te mete lwil sou tèt li, pou
mete l’apa, tankou yon wa.)
Men pèp la pa t’ konnen si se te Jezi yo t’ap tann. Se pa konsa yo te imajine Kris la. Yo te panse
Mesi a te pral yon wa o nivo politik. Yo te rete kwè Kris la te pral sove yo ak
fòs militè. Epoutan, Jezi se yon lòt kalite wa. Glwa li a, se sou lakwa li
montre l’, nan bay li bay tèt li pou nou. Moun ki bezwen jwi viktwa Jezikri, se
nan chimen lakwa pa nou an pou nou pase pou n’ ka jwenn li. Pèp la pa t’ ko
konprann sa. Se sa k’ fè Jezi pa t’ ko vle pou yo konnen si se te li menm ki
Kris la, paske li pa t’ ko fin montre yo ki sa sa vle di vrèman. Menm tan tou, lè l’ te wè moun ki t’ap
soufri, li pa t’ refize geri yo.
LAPRIYÈ: Bondye,
Siril ak Metòd, se te de frè, yo vin sen. Ou te voye yo pote limyè bay pèp Slav
yo. Fè nou resevwa pawòl ansèyman w’ nan anndan kè nou. Fè nou vin tounen yon pèp ki gen yon
sèl kè. Konsa, n’a sèvi temwen nou gen yon lafwa ki vre, ki dwat, Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap ede yon moun san
lòt moun pa bezwen konnen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario