Koulè Blan
SKOLASTIK KI SEN,
Vyèj
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
« Yo pote
ach alyans la nan Sen Sen yo, nyaj la plen kay Granmèt la »
NAN PREMYE LIV WA YO 8, 1-7. 9-13
Jou sa yo :
Tout chèf Izrayèl yo rasanble avèk chèf ras yo ak chèf
fanmiy pitit Izraèl yo, yo vin kot wa Salomon Jerizalèm, pou yo pote ach alyans
Granmèt la sot nan vil David la, sa vle di Siyon. Tout Izrayèl rasanble kot wa
Salomon nan mwa Etamin pi gran jou fèt la (se setyèm mwa a). Tout ansyen yo nan
Izrayèl, yo rive, prèt yo pran ach la, yo pote ach Granmèt la ak tant alyans la
ak tout veso tanp la, ki te nan tant la, prèt yo ak levit yo t’ap pote yo.
Wa Salomon ak tout foul Izrayèl la, ki te vin kote l’ la,
yo t’ap monte avèk li devan ach la ; yo t’ap sakrifye mouton ak bèf san yo
pa kapab kalkile pri yo ni kantite yo. Prèt yo fè ach alyans Granmèt la antre
nan kote pou l’ te ye a, nan plas priyè tanp la, nan Sen Sen yo, anba zèl Cheriben
yo ; konsa Cheriben yo te louvri zèl yo anlè kote ach la te ye a, yo t’ap
pwoteje ach la avèk bawo l’ yo ki te anlè l’ yo. Nan ach la menm pa t’ gen anyen
sof de galèt wòch, sa Moyiz te depoze ladan l’ nan Orèb la, lè Granmèt la te ekri
alyans la avèk pitit Izrayèl yo lè yo t’ap sòti nan peyi Ejip la.
Rive, lè prèt yo antre nan tanp la, nyaj la plen kay
Granmèt la, prèt yo pa t’ kapab kanpe pou yo fè sèvis la akoz nyaj la ;
sèke glwa Granmèt la te plen kay Granmèt la.
Lè sa a Salomon di : « Granmèt la di pou
l’abite nan nyaj la. Mwen bati yon kay pou ou abite, se twòn ou ki solid pou
tout tan ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 131,
6-7. 8-10
R/ Leve, Granmèt, al nan repo ou.
Men nou tande li nan Efrata, nou jwenn li nan bwa Yaa yo.
An nou antre nan joupa l’ la. An nou adore nan macheskalye
pye l’. R.
Leve, Granmèt, nan repo ou, ou menm ak ach fòs ou a. Prèt
ou yo abiye ak jistis, sen ou yo kontan. Poutèt David, sèvitè w’ la, pa
vire fas Kris ou a.R.
LEVANJIL
« Tout
moun ki te touche l’, yo te sove ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK 6, 53-56
Lè sa a :
Lè Jezi avèk disip li yo fin travèse lòt bò lanmè a, yo
rive nan peyi Jenezarèt la, yo akoste.
Pandan y’ap sòti nan batiman an, menm lè a yo rekonèt yo;
moun yo kouri nan tout rejyon sa a, yo kòmanse pote moun ki te malad yo sou
kabann, kote yo te tande li te ye. Kote l’ te antre, nan bouk yo, nan abitasyon
yo oubyen nan vil yo, yo te konn plase malad yo sou plas yo, yo te konn ap priye
l’, pou l’ kite yo touche ti fil rad li. Tout moun ki te konn touche l’, yo te
konn sove.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
OUBYEN YO KA LI POU JOU SA :
PREMYE LEKTI : Kantik 8, 6-7
SÒM REPONS : Psòm 148, 1-2. 11-13a. 13c-14
LEVANJIL:
Lik 10, 38-42
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, nou wè jan Bondye Granmèt
la te pran desizyon abite nan mitan pèp li a, depi nan tan Ansyen Kontra a. Li
la avèk yo, li mache ansanm avèk yo, li pèmèt yo antre nan prezans li. Pèp la
kontan, yo fè fèt pou Granmèt la, yo fè yon kay pou li rete avèk yo pou tout
tan. Aprè sa, menm Bondye sa a te tounen yon moun parèy
nou, nan Jezikri, pou li te ka pi pre nou toujou. Lè moun yo te wè sa, yo te gen yon lespwa. Yo
te konnen se Bondye ki te ka sove yo, se li menm ki te ka geri malad yo. Yo te
konnen konsa, depi yo touche l’, menm si se fil rad li sèlman yo touche, y’ap
bon. Jodi a, se nou menm ki pou reprezante Jezikri nan
sosyete a. Nan batèm nou an, nou te resevwa Lespri Sen an, pou n’
kontinye misyon Granmèt la. Sa vle di, Kris la fè tanp li anndan kè nou chak,
pou nou kapab fè pèp li a konnen si li toujou ap mache ansanm avèk yo. Se nou menm ki pou bay yon lespwa pou malad yo,
ak pou tout moun ki gen pwoblèm. Se nou menm ki pou montre yo Bondye pa janm bliye yo. Misyon sa a pa fasil. Se
pa de moun k’ap tann yon siy, se pa de moun ki bezwen geri, ki bezwen
sove. Men nou pa bezwen pè : se
gras Jezikri a k’ap aji nan nou. Pa gen anyen ki enposib pou li. Depi nou kite
Kris la aji nan lavi nou, n’ap ede anpil moun kenbe lespwa. Depi nou kenbe lapriyè epi nou aji tankou
moun de byen, piti piti lavi nou ap vin sanble plis ak lavi Jezikri, epi moun
ki bezwen wè l’ yo ap ka rekonèt li nan nou. Konsa, y’a konnen li pa bliye yo.
LAPRIYÈ : Granmèt, mwen disponib pou ou sèvi avè m’ pou fè pèp ou a konnen ou pa
bliye yo. Fè Lespri Sen w’ lan aji nan mwen, pou m’ ka kontinye misyon Pitit ou
a kote m’ap viv. Amèn.
PWOPOZISYON : Gen anpil moun k’ap
soufri. Kòman m’ ka kite gras Kris la aji nan lavi mwen jodi a, pou m’ fè moun
sa yo konnen Granmèt la avèk yo ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario