Koulè Vèt
MARI KI SEN, KI VYÈJ, NOTRE-DAM DE LOUD
PREMYE MOSO
LABIB
« Ou te di :
Non m’ap isit la, pou ou koute priyè pèp ou Izrayèl ».
NAN PREMYE LIV WA YO 8, 22-23. 27-30
Jou sa yo :
Salomon kanpe devan lotèl Granmèt la an fas pèp Izrayèl
la, li lonje men l’ nan syèl la, li di : « Granmèt Bondye Izrayèl, pa
gen dye ki sanble avèk ou nan syèl la anlè a ni sou tè a anba a, ki kenbe alyans
ak mizerikòd pou sèvitè ou yo, k’ap mache devan ou ak tout kè yo. Konsa èske ou
kwè reyèlman Bondye ta abite sou tè a ? Si syèl la ak syèl syèl yo pa
kapab kenbe ou, kòman kay sa a mwen bati a ta kapab kenbe ou ! Men voye je sou
priyè sèvitè w’ la ak sou sa l’ap mande ou yo, Granmèt Bondye mwen. Koute
kantik ak priyè sèvitè w’ la ap priye devan ou jodi a. Se pou je ou louvri sou
kay sa a nannuit ak lajounen, sou kay sa a ou te di osijè l’ la : « Non
m’ap isit la » ; pou ou koute priyè sèvitè w’ la ap fè nan kote sa a
ba ou a. Pou ou koute priyè sèvitè w’ la ak pèp ou a Izrayèl, tout sa y’ap mande
nan kote sa a. Koute nan kote ou abite a, nan syèl la, epi, antan ou koute,
padonnen ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 83,
3. 4. 5 e 10. 11
R/ Ala renmen nou renmen tant ou yo,
Granmèt lame yo !
Nam mwen anvi, l’ap deperi pou kay Granmèt la. Kè m’ak
chè m’ap danse pou Bondye vivan an.R.
Menm ti zwazo jwenn yon kay pou li, toutrèl la jwenn yon
nich, kote li depoze ti pitit li yo : lotèl ou yo, Granmèt lame yo, wa
m’ak Bondye m’.R.
Ala kontantman pou moun ki abite nan kay ou a, pou tout
tan y’ap fè lwanj ou. Ou menm k’ap pwoteje nou, gade, Bondye, voye je sou fas
Kris ou a.R.
Sèke yon jou nan kay ou yo pi bon pase mil, mwen chwazi ret
sou papòt nan kay Bondye m’ nan, pase pou m’abite nan tant pechè yo. R.
LEVANJIL
« Nou lage
kòmandman Bondye yo, nou kenbe abitid moun yo »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 7. 1 -13
Lè sa a:
Farizyen yo rasanble vin kot Jezi avèk kèk nan skrib yo
ki te vin sot Jerizalèm. Kòm yo te wè kèk nan disip li yo ki t’ap manje avèk men
yo sal, sa vle di san lave, yo fè yo repwòch. Sèke Farizyen yo ak tout Juif yo,
si yo pa lave men yo souvan, yo p’ap manje, pou yo kenbe abitid ansyen yo. Lè
yo sot deyò, si yo pa lave kò yo, yo p’ap manje ; pou yo kenbe anpil lòt
bagay yo te transmèt yo : lave gode, krich, vèso an kuiv ak kabann.
Konsa Farizyen yo ak skrib yo mande : « Pouki
sa disip ou yo pa mache daprè abitid ansyen yo, men y’ap manje manje yo ak men
yo sal » ?
Men li menm li reponn, li di yo : « Izayi te
pale byen sou nou kòm pwofèt, bann ipokrit, jan sa ekri a. « Pèp sa a se
ak po bouch l’ap fè lwanj mwen, men kè yo lwen m’. Se pou granmesi y’ap ofri m’
sèvis antan y’ap bay ansèyman ak kòmandman moun ». Nou kite kòmandman Bondye
a, nou kenbe abitid moun yo : N’ap lave krich, gode ak dòt bagay konsa n’ap
fè an kantite ».
Li t’ap di yo : « Nou anile kòmandman Bondye a
byen pwòp, pou nou kenbe abitid pa nou. Moyiz te di : « Respekte papa
ou ak manman ou » ; epi : « Moun ki madichonnen papa oubyen
manman l’, se pou l’ mouri byen mouri ». Nou menm menm nou di : « Si
yon moun di papa l’oubyen manman l’ : Kòban (sa vle di kado), tout sa m’ genyen
pou m’ te ba ou a » ; nou pa kite l’ fè anyen ankò pou papa l’oubyen
manman l’, nou chire pawòl Bondye a pou abitid pa nou, sa nou menm nou transmèt ;
epi se konsa nou fè anpil bagay ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
OUBYEN YO KA LI POU JOU SA : PREMYE LEKTI : LEKTI
LIV PWOFÈT IZAYI 66, 10-14c ; SÒM REPONS Jidt 13, 23bc-24a. 25abc ; LEVANJIL :
Jan 2, 1-l1
REFLEKSYON : Sa fè deja anpil lane depi Lavyèj te fè aparisyon
nan vilaj «Lourdes » nan peyi Lafrans. Vizyonè a se « Bernadette »
ki te resevwa plizyè mesaj nan men manman Mari. Nan kòmansman te gen resistans
pou aksepte mesaj yo men Lavyèj te fè plizyè lòt aparisyon.Mesaj aparisyon Lavyèj
nan « Lourdes » travèse tan yo. Jodi a, se yon bon okazyon pou nou
kontinye fè lwanj ak konpliman pou Bondye nan bèlte Manman Mari ki vyèj. Li se
manman nou, li se manman tout Legliz la. Nan « Lourdes » Bondye
kontinye fè mirak pou moun k’ap soufri tout kalite maladi, se yon kote anpil
peleren vizite tout tan pou al lapriyè epi pote soufrans yo nan pye Mari pou li
kapab entèsede pou yo jan li te fè sa nan nòs Kana a. Jan nou toujou lapriyè,
nou kapab di : « Mari ou plen favè, Granmèt la avèk ou, li beni w’
pase tout fi... ». Mari se ekzanp pou nou nan lavi lafwa.
LAPRIYÈ : Bondye, ou gen mizerikòd pou malere. Nou
fèb, pòte nou sekou. N’ap fè sonje manman ou ki fèt nan vant san peche. Fè
priyè l’ede nou, pou nou sòti nan peche nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Èske mwen menm mwen pa konn chire pawòl Bondye
a ? Kisa m’ap fè pou mwen repare li ? M’ap renmen epi respekte manman
mwen ak papa mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario