Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Larenn
Saba a wè sajès Salomon ».
NAN PREMYE LIV WA YO 10, 1-10
Jou sa yo:
Larenn Saba a, tande pale repitasyon Salomon o non
Granmèt la, li vin chèche prèv nan li avèk devinèt. Li antre Jerizalèm avèk
anpil konpayi avèk richès, avèk chamo k’ap pote losyon ak lò yo pa kapab konte
menm ak bijou ki gen anpil valè, li rive kot wa Salomon; li di l’ tout sa l’ te
gen nan kè l’. Salomon aprann li tout bagay li te mande yo; pa gen yon pawòl ki
te kache pou wa a, pou l’ pa t’ reponn li.
Lè larenn Saba a wè tout sajès Salomon ak kay li te bati a,
ak manje sou tab li, ak kay sèvitè yo, ak dispozisyon moun yo k’ap sèvi yo ak
rad yo, ak moun k’ap vide diven yo, ak sakrifis antye li t’ap ofri nan kay
Granmèt la, li pa t’ gen souf ankò; li di wa a:
« Se vre, sa m’ te tande nan peyi m’ nan osijè pawòl
ou yo ak sajès ou a. Mwen pa t’ kwè moun yo ki t’ap rakonte m’ sa a, joustan mwen
vini mwen mem mwen wè ak je m’, mwen konstate yo pa t’ menm rakonte m’ mwatye.
Sajès ou ak travay ou pi gran pase repitasyon mwen te tande a.
Ala kontantman pou moun ou yo, ala kontantman pou sèvitè ou
yo, ki kanpe devan ou tout tan, k’ap koute sajès ou an. Se pou Granmèt Bondye
w’ la beni, li menm ou te fè plezi, ki mete ou anwo twòn Izrayèl la, poutèt
Granmèt la renmen Izrayèl pou tout tan, epi li enstale ou kòm wa, pou ou fè
jijman ak jistis ».
Li bay wa a san ven pyès lò, avèk anpil losyon epi pyè ki
gen anpil valè. Yo pa t’ janm pote kalite losyon konsa ankò tankou sa rèn Saba a
te bay wa Salomon an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 36,
5-6. 30-31. 39-40
R/ Bouch moun ki kòrèk la ap kalkile
sajès.
Renmèt Granmèt la chemen ou yo, espere nan li, se li menm
k’ap aji ; l’ap fè jistis ou leve tankou limyè, ak jijman ou tankou midi.R.
Bouch moun ki kòrèk la ap kalkile sajès, lang li ap pale jijman ;
lalwa Bondye l’ la nan kè l’, pye l’ p’ap tranble.R.
Sove moun ki kòrèk yo sove a, li sot nan Granmèt la, li
sèvi yo pwoteksyon nan tan tray la. Granmèt la ap ede yo sot nan men pechè yo,
l’ap sove yo, paske yo espere nan li.R.
LEVANJIL
« Se sa k’
sòti nan moun nan, se sa ki sal moun nan ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 7, 14-23
Lè sa a :
Jezi rele foul la ankò, li t’ap di yo : « Koute
m’, nou tout, epi chèche konprann. Nan pwen anyen ki andeyò moun nan ki antre
nan li, ki kapab sal li ; men se sa k’ sòti nan moun nan, se bagay sa yo
ki sal moun nan. Si yon moun gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande ».
Lè l’antre nan kay la, lwen foul la, disip li yo poze l’
kesyon sou parabòl li a. Li di yo : « Konsa ni nou menm tou nou pa gen
konprann? Nou pa konprann, kijan tout sa k’ deyò ki antre nan moun nan pa kapab
sal li, paske li pa antre nan kè l’, men se nan vant li 1’ale, epi li sòti al
nan kote ki separe, pou l’ pwòpte tout manje » ?
Li t’ap di: “Se sa k’ sòti nan moun nan, se sa k’ sal
moun nan. Sèke se anndan an, nan kè moun nan move panse ap sòti, adiltè, move
plezi, touye moun, vòlè, renmen lajan, mechanste, riz, move konduit, move je,
blasfèm, pran pòz, manke refleksyon. Tout bagay sa yo ki move yo, se anndan yo
sòti, yo sal moun nan”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye a pou jodi a
ap ede nou medite sou fason n’ap viv kòm kretyen. Levanjil la fè nou sonje se
nan kè nou tout move bagay sòti, se pa nan sa n’ap manje, ni nan sa ki antoure
nou. Se vre, li enpòtan pou nou fè atansyon ak sa n’ap manje pou kesyon sante;
men nan sa ki gen pou wè ak peche, se nan fon kè nou sa chita, tankou lògèy,
anbisyon, jalouzi, rayisans,elatriye. Levanjil la ap ede nou konprann kijan li enpòtan
pou nou ekzamine santiman nou gen nan kè nou pou pwochen nou yo. Pi plis toujou
l’ap ede nou travay pou nou kapab bay Bondye premye plas nan lavi nou, konsa n’ap
toujou fè volonte li nan fason n’ap viv kòmandman li yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede m’ fè yon netwayaj nan kè mwen antan m’ap
derasinenn tout ti pye move santiman k’ap grandi nan fon kè mwen. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Ede yon moun chanje konduit li antan m’ap chanje konduit.
No hay comentarios:
Publicar un comentario