Páginas

MADI 18

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Bondye li menm pa tante pèsòn »
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 1, 12-18
Nou menm mwen renmen anpil la :
Ala kontantman pou moun ki soufri y’ap tante l’, paske, lè yo fin tante l’, l’ap resevwa kouwòn lavi a, sa Bondye pwomèt moun ki renmen l’ yo.
Pèsòn, lè y’ap tante l’, pa dwe di se Bondye k’ap tante l’ : Bondye pa gen lide fè sa k’ mal, li menm li pa tante pèsòn. Chak moun menm, se pwòp move anvi l’ k’ap tante l’, antan yo redi l’, yo twonpe l’.
Aprè sa, move anvi a, lè l’ jèmen, li anfante peche a ; peche a menm, lè l’ rive nan bout kous li, li donnen lanmò.
Konsa pa pèdi chemen, frè m’ yo mwen renmen anpil la. Tout kado ki bon nèt, tout kado ki kòrèk nèt, se anwo a li sòti, li desan sot nan men Papa limyè yo, kote pa gen chanjman ak lonbraj bagay k’ap pase. Se ak tout libète l’ li anfante nou gras a pawòl verite a, pou nou kapab vin tounen kòmansman kreyati l’.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 93, 12-13a. 14-15. 18-19
R/ Ala kontantman pou moun sa a ou korije a, Granmèt.
Ala kontantman pou moun sa a ou korije a, Granmèt, ou aprann li lalwa w’ la, pou w’ fè l’ ret nan lapè nan move jou yo.R.
Sèke Granmèt la p’ap repouse pèp li a, li p’ap lage eritaj li a. Sèke se daprè jistis la jijman an ap tounen, y’ap swiv li, tout moun ki gen kè yo dwat yo.R.
Si m’ ta di : « Pye m’ap tranble », mizerikòd ou a, Granmèt, t’ap soutni m’.R.
Nan pakèt tèt chaje m’ yo ki nan kè m’ nan, konsolasyon ou yo fè nam mwen kontan.R.
LEVANJIL
«Fè atansyon leven Farizyen yo ak pa Ewòd la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 14 -21
Lè sa a :
Disip yo te bliye pran pen, yo pa t’ gen pen avèk yo nan batiman an, sof yon sèl. Jezi pase yo lòd, li di: «Fè atansyon leven Farizyen yo, ak leven Ewòd la».
Yo t’ap kalkile youn ak lòt, yo t’ap di: «Se paske nou pa gen pen yo». Li menm li konn sa, Jezi di yo: «Pouki sa n’ap kalkile di se paske nou pa gen pen an? Èske nou pa konnen, èske nou pa konprann? Èske kè nou bouche toujou? Èske nou gen je epi nou pa wè? Èske nou gen zòrèy epi nou pa tande? Èske nou pa sonje? Lè mwen te kase senk pen yo pou senk mil la, konbyen panye plen moso nou te ranmase»? Yo di-l: «Douz». «Lè se te sèt pen yo pou kat mil la, konbyen panye moso nou te ranmase»? Yo di-l: «Sèt». Li t’ap di yo: «Kòman fè nou pa ko konprann toujou»?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè mwen yo, Jezi t’ap envite nou yè atravè Levanjil la pou nou dekouvri siy prezans Bondye nan lavi nou. An nou gade jodi a ki mesaj Granmèt la pote pou nou. Atravè premye lekti a, Apot Jak ap di nou dwe aprann reziste ak tantasyon epi nou dwe fè kè nou kontan, paske lè yo fin tante nou Bondye ap rekonpanse nou. Men tou, l’ap fè nou konnen Bondye pa tante pèsonn. Vrèman vre nou pa kapab panse Bondye ap tante nou, paske tantasyon an, se nan ènmi an li soti. Jezi li menm li te sibi tantasyon nan dezè a kote li te pase karant jou ak karant nuit san manje ni bwè. Nou menm tou, nan dezè lavi nou nou sibi anpil tantasyon, men sa ki pi enpòtan se rive venk tantasyon sa yo, antan n’ap priye, n’ap fè jèn. Anpil fwa nou konfonn eprèv lafwa ak tantasyon. Fòk nou aprann fè diferans ant de bagay sa yo. Men sa Apot Jak di nou sou koze tantasyon an: “Chak moun menm, se pwòp move anvi l’ k’ap tante l’, antan yo redi l’, yo twonpe l’.Aprè sa, move anvi a, lè l’ jèmen, li anfante peche a; peche a menm, lè l’ rive nan bout kous li, li donnen lanmò”. Kidonk tantasyon se chemen lanmò, chemen ki fè nou pran wout ki separe nou ak Bondye. Nan Levanji jodi a, Jezi ap fè nou repwòch, l’ap di nou kòman fè nou pa ko konprann toujou ? `Kòman fè nou pa ko konprann pouvwa Bondye san limit ? Kòman fè nou pa ko konprann li kapab miltipliye ti sa nou genyen an ? Kòman fè nou pa ko konprann se nan li sèl solisyon pwoblèm nou yo ye ? Kòman fè n’ap babye, n’ap bougonnen kont Bondye ki toujou la ak nou pou ba nou lebra ?An nou mande Bondye Lespri li a pou nou kapab reziste tout tantasyon lènmi an.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri pa kite nou pran nan pyèj, delivre nou anba tantasyon. Amèn.

PWOPOZISYON: M’ap analize tèt mwen pou mwen wè ki move anvi k’ap tante mwen e ki fè mwen pa kapab viv an amoni ak Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario