Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Se pou
nou fè sa pawòl la mande a, se pa pou nou kontante nou koute l’ sèlman ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 1, 19-27
Nou konnen, frè m’ yo mwen renmen anpil la. Se pou tout
moun rapid pou koute, men pou l’ pran tan anvan l’ pale, pou l’ pran tan anvan l’
fè kòlè ; sèke kòlè moun nan pa regle jistis Bondye. Se pousa, se pou nou
rejte tout kalite sa k’ pa pwòp ak mechanste k’ap debòde, pou nou resevwa avèk
dousè pawòl la ki plante anndan nou an, ki kapab sove nam nou yo.
Se pou nou fè sa pawòl la mande a, se pa pou nou koute l’
sèlman, antan n’ap twonpe tèt nou, paske, si yon moun ap koute pawòl la epi li
pa fè sa l’ mande a, moun sa a sanble ak yon moun ki fin gade figi l’ genyen depi
nesans li a nan yon glas; li ekzamine l’ epi li pati, menm lè a li bliye kijan l’
te ye. Men moun ki ekzamine nan lalwa libète a ki kòrèk la, epi ki rete ladan l’,
ki pa koute pou l’ bliye, men ki fè aksyon an, moun sa a ala kontantman pou li
nan aksyon l’.
Si yon moun konprann li zanmi Bondye, san l’ pa mèt fren
nan lang li, men antan l’ap twonpe kè l’, moun sa a relijyon l’ nan pa sèvi anyen.
Relijyon ki nèt san tach kot Bondye ak Papa a, men li : vizite òfelen yo
ak vèv yo nan tray yo, kenbe tèt ou nan tach parapò a syèk sa a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 14,
2-3ab. 3cd-4ab. 5
R/ Ki moun k’ap repoze sou mòn ou an ki sen
an, Granmèt ?
Moun k’ap mache san fot, k’ap fè jistis ; k’ap pale
verite nan kè l’, ki pa fè rizèz ak lang li.R.
Li pa fè pwochen l’ mal, li pa fè pwochen l’ afwon. Li konsidere mechan
an kòm anyen devan je l’, men li fè lwanj pou sa yo ki respekte Granmèt la.R.
Moun ki pa prete lajan ak enterè, ki pa aksepte kado sou
do inosan. Moun ki aji konsa, li p’ap souke menm.R.
LEVANJIL
« Avèg la
geri atèl pwen li te wè bagay byen klè ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 22-26
Lè sa a :
Jezi rive Betsayid avèk disip li yo : yo mennen yon
avèg ba li, yo t’ap lapriyè l’ pou l’ touche l’.Li pran men
avèg la, li fè l’ sòti andeyò bouk la ; li krache nan je l’, li poze men l’
sou li, li mande l’ si l’ te wè kichòy. Li kòmanse wè, li di: «Mwen wè moun yo
tankou se pye bwa k’ap mache».
Aprè sa li poze men l’ sou je l’ ankò; li kòmanse wè, li
vin geri, atèl pwen li te wè tout bagay byen klè.
Li voye l’ lakay li, li di l’: «Ale lakay ou, epi si ou
antre nan bouk la, piga ou di pèsòn sa».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Apot Jak, atravè premye moso Labib la, ap di nou ki atid
nou dwe genyen lè n’ap dyaloge, lè n’ap kominike ak lòt moun. Apot la di nou: «Se pou tout
moun rapid pou koute, men pou l’ pran tan anvan l’ pale, pou l’ pran tan anvan
l’ fè kòlè ; sèke kòlè moun nan pa regle jistis Bondye.»
Vrèman vre, anpil fwa n’ap dyaloge, nou
vle di tout pawòl, tout sa ki vini nan panse nou, menm sa ki pa gen a wè ak
sijè n’ap debat la. Nou sèlman kwè nou gen dwa pou nou pale men nou pa gen tan
pou nou koute, nou pa bay lòt la chans pou li eksprime li. Sa se yon mank respè
pou sa lòt la ye ak pou sa l’ap di nou. Si mwen menm mwen pa pran tan pou mwen
koute lòt la, kominikasyon an pa gen sans, dyalòg la pa dinamik. Jodi a Apot
Jak ap di nou fòk nou pi rapid pou nou koute olye pou n’ap kouri pale ;
fòk nou apran mete fren nan lang nou, pou nou pa kouri pale tout pawòl, pa
kouri fè landyèz, fè tripotay, epi lè nou pale fòk nou pa an kontradiksyon ak
tèt nou, fòk nou pa fè rizèz ak lang nou, paske se konsa nou kapab rive nan
wotè Bondye vle nou rive a. Nan menm sans sa tou, Jezi ap envite nou pran chemen
limyè, ouvri je nou sou reyalite ki anviwonnen nou, pou lè nou wè moun k’ap
mache pou nou pa konfonn yo ak pye bwa van ap souke ; Jezi ap envite nou
aprann distenge bagay yo, paske nan tan jounen jodi a, ki se tan mondyalizasyon
an, nou gen tantans melanje bagay yo : se tan kote moun ap mele bagay ki
sakre ak bagay pwofán ; fanm ak marye ak fanm, gason ap marye ak
kason ; moun ap vanm moun, dwòg ap brase, lajan pi wo pase diyite moun,
deblozay mete pye nan fanmi ; pitit pa respekte paran, paran pa respekte
pitit.
An nou mande Granmèt la limyè sajès li
a pou nou kapab mete tout bagay nan plas yo, pou pwòp glwa wayòm li kapab
eklate pami nou nan kominote kote n’ap viv ak sou tout tè a.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen se yon avèg; tanpri ouvri zye mwen pou mwen kapab wè
klè sa k’ap pase bò kote mwen epi ede mwen ranpli misyon mwen kòm pwofèt.
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap koute plis, m’ap pale mwens.
No hay comentarios:
Publicar un comentario