Páginas

JEDI 20

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Èske Bondye pa chwazi pòv yo pou eritye peyi wa a » ?
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 2,1-9
Frè m’ yo, pa mele lafwa Granmèt nou an Jezikri ki nan glwa a avèk konsiderasyon moun.
Sèke, si nan asanble nou an gen yon moun ki antre avèk bag lò, rad pwòp, epi tou gen yon pòv ki antre avèk rad sal, nou vire je kot sa a abiye ak bèl rad la, epi nou di l’: « Ou menm, chita byen isit la »; kanta pou pòv la menm, nou di l’: « Ou menm, chita laba a oubyen chita sou macheskalye pye m’ yo »; èske nou pa jije nan kè nou, epi nou vin tounen jij ki gen panse mechan?
Koute, frè m’ yo mwen renmen anpil la : Èske Bondye pa chwazi pòv yo sou tè sa a pou yo rich nan lafwa a epi pou yo eritye peyi wa a, sa Bondye pwomèt moun ki renmen l’ yo ? Men nou menm nou derespekte pòv la. Èske se pa rich yo k’ap kraze nou ak pouvwa yo, epi k’ap trennen nou nan tribinal ? Èske se pa yo menm k’ap derespekte bèl non an, sa yo te rele sou nou an ?
Sèlman si nou reyalize lalwa ki wa a daprè sa k’ ekri a: « Se pou ou renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou », nou fè byen; men si n’ap konsidere figi moun yo, nou fè peche, lalwa a plede kont nou kòm koupab.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 33, 4-5. 6-7
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen. Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fè lwanj Granmèt la avèk mwen, se pou nou leve non l’anlè ansanm,
Mwen chèche Granmèt la, li reponn mwen, anba tout sa k’ fè m’ pè, li delivre m’.R.
Gade nan direksyon l’, n’ap klere, fas nou p’ap wont. Pòv sa a rele, Granmèt la koute l’, anba tout tray li li sove l’.R.
LEVANJIL
« Ou se Kris la... Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 27 33
Lè sa a :
Jezi sòti avèk disip li yo nan direksyon Sezare Filip yo : sou wout la, li poze disip li kesyon, li di yo : « Ki sa moun yo di mwen ye » ?
Yo reponn li, yo di : « Jan Batis, genyen se Eli, gen dòt menm se kòmsi youn nan pwofèt yo ».
Lè sa a di yo: «E nou menm, ki moun nou di mwen ye»?
Pyè pran lapawòl, li di l’: «Ou se Kris la». Li menase yo, pou yo pa pale pèsòn sou li.
Li kòmanse aprann yo, Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt yo ak skrib yo rejte l’, pou yo touye l’, epi aprè twa jou pou l’ leve vivan. Se aklè li t’ap deklare pawòl la.
Pyè menm pran l’, li kòmanse fè l’ repwòch. Li menm li vire epi li wè disip li yo, li menase Pyè, li di: «Al fè wout ou dèyè m’, Satan; paske ou pa goute bagay ki sot nan Bondye, se bagay lèzòm ou goute».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nou menm moun, nou pa kapab pretann nou konpran menm jan ak Bondye, paske nou menm nou gade epi jije moun sou aparans, poutan Bondye li menm se kè moun li gade. Se mesaj sa a menm premye moso Labib la pote pou nou. Nou konstwi yon sosyete klas kote grannèg pa gen dwa chita sou menm ban ak pòv. Lè n’ap fè fèt lakay nou,nou mete tapi wouj pou gwo nèg epi nou rezève ban devan pou yo, kanta pou pòv la menm, tout kote bon pou li chita, menm salye nou p’ap salye li. Atitid sa nou dwe chanje li, paske sa ki fè valè yon moun, se pa kantite lajan li genyen oubyen pòs li okipe nan sosyete a, men se diyite li genyen kòm imaj Bondye, se paske li kreye selon imaj ak resanblans Bondye ki kreye tout sa ki ekziste. « Èske Bondye pa chwazi pòv yo pou eritye peyi wa a » ?
Mo pòv la ki site nan tèks la, li paf è yon referans dirèk ak moun ki tou touni, moun ki grangou, moun ki pa gen kay, moun k’ap mande lacharite ; okontrè nou dwe konprann mo pòv la nan sans espirityèl. Sa vle di, yon moun ki pòv, se yon moun ki pa konte sou pwòp fòs li oubyen jefò li sèlman, men se yon moun ki konte sou konkou lagras Bondye. Si Granmèt la pa konstwi kay la, se anven mason yo ap travay ! Bondye pa di tout moun ki gen gwo mwayen ekonomik yo pòt syèl la ap fèmen pou yo non. Okontrè li vle fè yo konprann si yo itize mwayen yo genyen an ak entelijans, si yo mete mwayen sa yo nan sèvis moun ki pi vilnerab nan sosyete a, sa kapab yon garanti pou yo nan jefò y’ap fè pou rive nan syèl la. Jodi a, atravè Levanjil la, Jezi ap poze nou kesyon sou idantite li : « Ki sa moun yo di mwen ye » ? «E nou menm, ki moun nou di mwen ye»? Depi nou te tou piti nou gen chans tande pale de Jezi, men kisa nou tande yo di sou li, ki divès opinyon yo emèt sou li? Kisa Jezi reprezante pou nou? An nou reflechi sou sa.
LAPRIYÈ: Granmèt, mwen kwè tout bon vre ou se Kris la, menm jan ak Pyè. Ban m’ fòs Lespri ou pou mwen kapab temwaye sa tout kote pandan tout lavi mwen. Amèn.

PWOPOZISYON: Jezi se Kris la, li se moun Bondye te gen pou voye vin delivre pèp li a. Mwen pral pale de li ak yon moun ki nan prizon oubyen yon moun ki lopital jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario