Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Menm jan
kò a mouri san espri a, se konsa tou lafwa a san aktivite yo ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 2, 14-24. 26
Sa sa sèvi, frè m’ yo, si yon moun di li gen lafwa, epi
travay yo li pa genyen yo? Èske lafwa a kapab sove l’.
Si yon frè ak yon se ni-kò, yo pa gen manje chak jou, epi
youn nan nou di yo: «Ale byen trankil, chofe kò nou, manje vant plen; epi nou
pa ba yo sa k’ nesesè pou kò a, sa sa ap sèvi? Se konsa pou lafwa a, si l’ pa gen
travay yo, li mouri anndan pwòp tèt li.
Men yon moun ap di: «Ou gen lafwa, mwen menm mwen gen
travay yo». Montre m’ lafwa ou la san travay yo, mwen menm m’ap montre ou lafwa
m’ nan apati travay yo. Ou menm ou kwè gen yon sèl Bondye :
ou fè byen ; demon yo tou yo kwè, epi y’ap tranble. Ou vle konnen, moun ki
vid, kijan lafwa a san travay yo li mouri ? Abraam, papa nou an, èske se
pa apati travay yo li te vin kòrèk, antan l’ofri Izaak pitit li a sou lotèl la ?
Èske ou pa wè kijan lafwa a jwenn konkou travay li yo, epi se apati travay yo
lafwa a fin rive nan dènye degre l’ ? Labib la ajoute, li di : «Abraam
kwè nan Bondye, yo konsidere sa pou li kòm jistis», yo rele l’ zanmi Bondye.
Èske nou pa wè kijan se apati travay yo moun nan vin
kòrèk, epi se pa apati lafwa sèlman. Menm jan kò a san lespri a li mouri, se
konsa tou lafwa a san travay yo li mouri.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye,
mèsi.
SÒM REPONS 111,
1-2. 3-4. 5-6
R/ Ala kontantman pou moun ki mèt plezi l’
nèt nan lòd Granmèt la.
Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki mèt plezi
l’ nèt nan lòd li yo. Desandans li ap gen pouvwa sou tè a, ras moun kòrèk yo ap
beni.R.
Glwa ak richès nan kay li, jistis li ap rete pou tout tan
gen tan, limyè a ap leve nan fènwa, pou moun kòrèk yo, li sansib, li pran pitye,
li kòrèk.R.
Ala kontantman pou moun sa a ki pran pitye, ki prete, ki
regle afè l’ yo kòrèk, paske se pou tout tan li p’ap souke.
LEVANJIL
« Moun ki
pèdi lavi l’ poutèt mwen menm ak levanjil la, l’ap sove l’ ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 34-39
Lè sa a :
Jezi rele foul la ansanm ak disip li yo, li di yo : «Si
yon moun vle suiv mwen, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, epi
pou l’ suiv mwen. Moun k’ap vle sove lavi l’, l’ap pèdi l’ ; men moun k’ap
pèdi lavi l’ poutèt mwen menm ak levanjil la, l’ap sove l’.
Ki sa sa ap sèvi yon moun si l’ posede tout tè a, epi li
detwi lavi l’ ? Oubyen ki sa yon moun ap bay pou peye pou nam li ?
Moun k’ap wont mwen ak pawòl mwen nan jenerasyon sa a ki
adiltè, k’ap fè peche a, Pitit moun nan ap wont li, lè l’ap vini nan glwa Papa
l’avèk zanj li yo ki sen yo ».
Li t’ap di yo : « Amèn mwen di nou, gen anpil
moun nan sa k’ kanpe isit la, ki p’ap goute lanmò joustan yo wè peyi-wa Bondye a
k’ap vini nan pouvwa ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Yon lafwa ki pa gen zèv, se yon lafwa ki mouri.
Sen Jak, nan lèt li ekri a, ap fè nou dekouvri pa ka gen lafwa vrèman si nou pa
fè sa lafwa ekzije nou fè ; pafwa nou di nou gen lafwa, men nou pa fè
anyen ki montre sa. Èske nou prete atansyon ak moun ki bò kote nou ?
Si nou di nou gen lafwa epi nou pa fè sa l’ekzije nou, se yon lafwa ki deja
mouri ; pa ekzanp si ou menm ou grangou, èske ou pral dòmi avèk vant ou
vid ? Non ou p’ap kapab dòmi, mwen menm si m’ grangou, m’ p’ap kapab dòmi
trankil, fòk mwen chache yon bagay pou m’ soutni kè m’anvan m’al kouche, paske
nou konnen sak vid pa kanpe. Se menm jan an tou, pou yon frè oubyen yon sè ki
vin kote w’, li di w’ : monchè mwen grangou. Li gen espwa ou kapab fè
kichòy pou li, epi lè l’ prale ou di l’ale ak kè kontan. Kijan ou vle pou kè l’
kontan pandan gwo trip ap vale ti trip ? Wi, frè ak sè m’ yo, si nou gen
konfyans nan Bondye ki ba nou lavi a, se pou n’ fè sa ki byen, bagay ki fè l’ plezi :
si n’ap chèche lavi, fòk nou pa detwi lavi Bondye ba nou an, li twò konsekan
pou n’ap jwe ak li. Konsa tou nou pa
kapab jwe ak lavi pèsonn. Nan Levanjil Mak la, nou wè yon foul moun t’ap swiv
Jezi avèk disip yo epi Jezi di yo, moun k’ap chèche sove lavi l’, l’ap pèdi l’,
men moun ki aksepte pèdi lavi l’ pou mwen ak pou kòz Levanjil la, l’ap sove l’.
Se nan sans sa a Jezi di patizan l’ yo, si yon moun vle mache deyè m’, se pou l’
bliye pwòp tèt pa l’epi pran kwa l’ pou l’ swiv mwen. Si tout bonvre n’aksepte
ekzijans lavi a, nou p’ap pè pale laverite e Jezi va pale an favè nou
devan Papa a ki nan syèl la. LAPRIYÈ :
Jezi Granmèt, ou menm ki te aksepte pran
kwa ou pou sove m’, ou pa t’ gade lavi ou pou ou sèl, men ou te fè n’ kado l’
pou n’ te kab pa esklav peche ankò.Tanpri ban m’ lagras pou m’ kab viv ekzijans
lafwa ap mande m’ nan, m’a respekte lavi ou ban mwen an avèk lavi lòt yo. Amèn.
PWOPOZISYON : Poze yon jès jodi a ki montre mwen se moun ki gen
lafwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario