Koulè Blan
FOTÈY PIÈ KI SIN, Apot
Fèt
RÉF. POU ANTRÉ Lk
22, 32
Granmèt la di Simon Piè: Mouin priyé pou ou, pou
lafoua-ou pa fébli. Ou minm, lè-ou tounin, rann frè-ou yo solid.
• PRIYÈ
Bondye, ou plen pouvoua, n’ap priye ou. Pa kite okenn
kontraryete frape nou. Ou deja fin poze nou fèm sou wòch temwayaj Apot yo. Pa
pouvwa Jezikri.
PREMYE MOSO
LABIB
« Mwen
ansyen ansanm avèk nou, mwen temwen soufrans Jezikri yo ».
NAN PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 5,
1-4
Nou menm mwen renmen anpil la:
Ansyen yo, ki nan pami nou yo, mwen priye nou, mwen menm
ki ansyen ansanm avèk nou, ki temwen soufrans Jezikri yo, k’ap kominike glwa l’
la ki gen pou l’ devwale apre a: okipe bann mouton Bondye yo ki nan mitan nou
yo, prevwa sa l’ bezwen san yo pa bezwen fòse nou, men avèk tout kè nou daprè
Bondye, san nou pa chèche avantaj malonnèt, men ak tout bòn volonte nou; san
nou pa kòmande kòm mèt sou moun yo nou responsab la, men antan nou vin tounen
modèl pou bann mouton yo ak tout kè nou. Konsa, lè chèf gadyen yo ap parèt, n’a
resevwa kouwòn glwa ki p’ap fennen an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 22,
1-3. 4. 5. 6
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’; nan zèb vèt
li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nam mwen. Li kondui m’
nan santye jistis poutèt non l’.R.
Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap
pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou, se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’
pase tray la; ou swen tèt mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman se bon kè ak mizerikòd k’ap rapousuiv mwen tout
tan lavi m’ m’ap abite nan kay Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
ALÉLOUYA AK VÈSÈ ANVAN LÉVANJIL Mt 16, 18
R.
Alélouya. Ou sé Piè, é sé sou
ròch sa-a m-ap bati Égliz moui-an, pòt lanfè yo pap ranpòté viktoua sou
li. R. Alélouya.
LEVANJIL
«Ou se Pyè,
m’ap ba ou kle peyi wa syèl la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 16, 13-19
Lè sa a:
Jezi rive nan rejyon Sezare Filip
la, li poze disip li yo kesyon, li di: «Ki sa moun yo di Pitit moun nan ye»?
Yo menm yo di: «Genyen se Jan-Batis, dòt menm se Eli, dòt
ankò se Jeremi oubyen youn nan pwofèt yo».
Jezi di yo: «E nou menm ki sa nou di mwen ye»?
Simon Pyè pran lapawòl, li di: «Ou se Kris, Pitit Bondye
vivan an».
Jezi pran lapawòl, li di l’: «Ala kontantman pou ou,
Simon, pitit Jan, paske se pa ni chè ni san ki fè ou konn sa, men Papa m ki nan
syèl la. Mwen menm mwen di ou ou se Pyè, sou wòch sa a m’ap bati Legliz mwen an,
pòt lanfè yo p’ap ranpòte viktwa kont li; m’ap ba ou kle peyi wa syèl yo, tout
sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la, tout sa w’ap lage sou tè a, l’ap
lage nan syèl la tou».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou
ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi
a 22 fevriye, sou tout fas tѐ a
Legliz la ap ete fѐt
Fotѐy Sen Pyѐ. Pyѐ ak Fotѐy li a tounen
wὸch Granmѐt la bati Legliz li a, avѐk pwomѐs ke menm pouvwa lanfѐ p’ap ka fѐ
l’ anyen. De mil an aprѐ yon senp eleksyon de Pyѐ, kretyen nan tan pa nou an,
nou temwen ke devan tout fὸs advèsѐ, tout tantasyon, devan tout sa nou pa ka
konprann, Legliz Jezkri a kanpe pi rѐd e li kontinye ap pwoklame avѐk menm fὸs
la, ke Jezi se Mesi a, Pitit Bondye vivan an, pandan n’ap tann jou l’ap
retounen an. Nan gran fѐt sa a n’ap fete ekzistans Legliz ke JeziKri te fonde
a, Legliz sa a ke y’ap atake chak jou, tout kote nan lemond, men ki pa janm
ebranle, ki toujou rete solid paske li gen rasin li plante nan Jezikri. N’ap
selebre Legliz katolik ki fѐ nou sonje sa Jezi te di Pyѐ: «Ou se wὸch e se sou
wὸch sa a m’ap bati Legliz mwen an.» Vrѐman, depi Jezi te fin jwe avѐk mo sa a
yo, pou l’ te bay Pyѐ gwo responzabilite sa a, sa vle di, li te rele l’ ansanm
ak tout moun k’ap vini aprè l’ yo pou yo dirije avѐk anpil renmen nan kѐ yo
Legliz sa a, Legliz katolik ke Jezi sѐl chѐf li. Wi se Jezi ki chѐf Legliz la
epi Pap la li menm, se tѐt vizib Legliz la a. Jezi te chwazi Pyѐ pou
dirije Legliz la, aprè Pyѐ fin mouri, fὸk te gen lὸt moun ki ranplase l’
pou kontinye travay la; ebyen se sa k’ fѐ nou gen pѐsonaj sa a nan tѐt Legliz
la ki rele Pap e chak fwa youn mouri, yo eli yon lὸt pou ka kontinye sa Jezikri
li menm li te fѐ pou mete Legliz li a kanpe. Donk sou tout sa nou konn tande
kѐk moun ki pa konnen reyalite Legliz katolik la ap di, jodi a reyalite a se sa
li ye. Syѐj Sen Pyѐ a li nan vil Wὸm, kote moun ki vini aprè l’ la chita, men
li anbrase tout Legliz atravѐ lemond, se sa k’ fѐ nou di, Legliz katolik la li inivѐsѐl
(Se sa mo katolik la vle di menm, depi nan rasin li). Nou menm ki se kretyen
katolik, lѐ nou gade kὸman Legliz nou an pran nesans, lѐ nou sonje ki moun ki
chѐf dirѐk Legliz sa a e moun ki dirije l’ la se siksesѐ moun Jezi menm te mete
nan tѐt li a, nou dwe fyѐ pou nou di nou se kretyen katolik. Men anpil fwa nou
pito kache idantite nou, nou wont di se katolik nou ye, paske nou pѐ yon seri
de moun k’ap atake nou ke menm yo menm yo pa konnen fondman Legliz pa yo
a.
An avan kretyen katolik, li Labib nou, chѐche konn
reyalite Legliz nou an, konsa n’ap ka defann nou, defann Legliz nou an, bѐl
Legliz sa a Jezi te kite pou nou an.
LAPRIYÈ : Granmѐt Jezi, nou di w mѐsi pou bѐl Legliz
sa a ou ban nou. Mѐsi pou tout dirijan nou yo : Pap la, evѐk yo, pѐ yo,
dyak yo ou chazi pou kontinye ban nou bon ansѐyman w’ yo. Mѐsi pou Legliz la w’ap
fὸtifye chak jou devan tout pѐsekisyon l’ap sibi, mѐsi pou souf Lespri Sen an k’ap
soufle anndan Legliz la e k’ap soutni l’ jous tan an yo rive bout.Amѐn
PWOPOZISYON : Lapriyѐ chak jou pou Legliz la epi
pou tout dirijan li yo. Angaje mwen pou travay pou Legliz la ka pi bèl chak
jou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario