Koulè Vèt
SETYÈM DIMANCH
TAN ÒDINÈ, ANE-A
PREMYE MOSO
LABIB
« Se
pou ou renmen zanmi ou tankou ou menm ».
NAN LIV LEVITIK 19, 1-2. 17-18
Granmèt la pale ak Moyiz, li di :
« Pale ak tout foul pitit Izrayèl yo, w’a di yo :
« Se pou nou sen, paske mwen menm mwen sen, Granmèt Bondye nou an.
Pa rayi frè ou nan kè ou, men se pou ou reprann li an
piblik, pou ou pa gen peche sou li. Pa chèche vanjans, pa sonje move pawòl moun
menm peyi ak ou yo. Se pou ou renmen zanmi ou tankou ou menm. Se mwen menm
Granmèt la ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 102,
1-2. 3-4. 8 e 10. 12-13
R/ Granmèt la pran pitye, li sansib.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen ; tout sa k’
anndan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen,
pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, li geri tout maladi ou
yo : li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak mizerikòd,
ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen mizerikòd, li pran pasyans,
li gen anpil mizerikòd. Se pa daprè peche nou yo li trete nou, ni daprè fot nou
yo li renmèt nou.R.
Otan olevan lwen okouchan, li ranvwaye peche nou yo lwen
nou.
Tankou papa sansib pou pitit li yo, Granmèt la sansib pou
moun ki krenn li yo.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
« Tout
bagay se pou nou, nou menm se pou Jezikri nou ye, Jezikri menm li pou Bondye »
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
KORENTYEN YO 3, 16-23
Frè m’ yo :
Èske nou pa konnen se tanp Bondye
nou ye, epi Espri Bondye a abite nan nou ? Si yon moun atake tanp Bondye a,
Bondye ap kraze l’. Tanp Bondye a sen, se nou menm.
Pèsòn pa bezwen twonpe tèt li. Si gen yon moun nan pami
nou ki konprann li gen sajès ; nan sans syèk sa a, se pou l’ vin fou pou l’
kapab gen sajès ; sèke sajès tè sa a se foli kot Bondye.
Sèke men sa k’ ekri : « M’ap pran saj yo nan pyèj
yo » ; epi tou : « Granmèt la konnen panse saj yo, yo pa vo
anyen ». Konsa pèsòn pa bezwen tire lwanj nan lèzòm. Tout bagay pou nou ;
swa Pòl, swa Apolon, swa Sefas, swa tè a, swa lavi a, swa lanmò a, swa sa k’ la
koulye a, swa sa k’ap vini an ; tout bagay reyèlman vre se pou nou, nou menm
nou pou Jezikri, Jezikri menm li pou Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
ALÉLOUYA Jn
2, 5
R. Alélouya. Moun ki
kinbé paròl Jézu-Kri-a, vrèman sé nan li charité Bondié-a réalizé nèt. R. Alélouya.
LEVANJIL
« Renmen lènmi nou yo ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 38-48
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
« Nou te tande yo te di : « Je pou je, dan
pou dan ». Mwen, mwen di nou pa reziste mechan an ; men si yon moun
frape ou sou machwa dwat ou, prezante l’ bò gòch la tou ; moun ki vle fè pwosè
nan jijman avèk ou pou l’ pran chemiz ou, kite manto a pou li tou ; nenpòt
ki moun ki fòse ou fè mil pa, ale, fè de mil pa avèk li. Moun ki mande ou, ba li ;
moun ki vle prete nan men ou, pa vire do ba li.
Nou te tande yo te di : « Se pou ou renmin pwochen
ou, pou ou rayi lènmi ou. Mwen menm mwen di nou : Renmen lènmi nou, fè
dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè
manti sou nou ; pou nou kapab vin tounen pitit Papa nou ki nan syèl la, li
menm ki fè solèy li leve sou bon yo ak move yo, ki fè lapli tonbe sou moun
kòrèk yo ak sou mechan yo.
Si nou renmen sa a yo ki renmen nou, ki rekonpans nou genyen ?
Èske pibliken yo pa fè sa ? Si nou salye frè nou yo sèlman, ki sa nou fè
an plis ? Èske payen yo pa fè sa ? Konsa se pou nou kòrèk nèt, tankou
Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou
ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Dimanch pase, nou te
wè kijan li enposib pou nou fè Bondye plezi si nou pa aprann kiltive tolerans,
si nou pa aprann padone youn lòt, si nou pa aprann viv an amoni youn ak lòt.
Litiji Pawòl Bondye pou jodi a ap ede nou konprann kòman li enpòtan pou nou renmen
epi kijan renmen an kapab ede nou jwenn kalite amoni sa ke n’ap chèche a.
Jounen jodi a, pou jan nou wè mond nou an ap evolye, se sèl renmen ki kapab
pote lapè pou nou, se pa Nasyon Zini. Fòs ki kapab transfòme mond nou an, se
fòs renmen an. Nou menm ki se patizan Jezikri, nou kwè nan verite sa a ak tout
fòs nou ; men pou kèk rezon nou gen lapenn pou nou mete li an pratik. Jou
nou rive kapab fè yon vrè konvèsyon, n’a kapab bay temwayaj devan tout moun, ke
ni zam chimik, ni vyolans gwo nèg yo, ni chantaj politisyen yo, ni lajan nèg
rich yo p’ap rezoud pwoblèm ak enkyetid limanite. San dout, nou tout nou pale de lanmou, nou pale
kòman li enpòtan ak nesesè. Nou tout n’ap pale byen de li, nou sipliye, nou
mande li. Men, sa mond nou an plis bezwen, se pratike pou nou pratike renmen an
epi pou nou viv li. Bondye se lanmou epi li rele nou nan lanmou ; si nou
vle tounen disip li tout bon vre, nou pa gen lòt chemen pou nou pran :
renmen Bondye epi renmen pwochen nou.
LAPRIYÈ : Granmèt nou menm ki renmen nou tout bon
vre, tanpri ede nou renmen menm jan ak ou pou nou konstwi yon mond kè poze, pa
pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Jodi a mwen pral leve yon defi: mwen pral
renmen lènmi mwen yo, ak konkou lagras Bondye, paske lè mwen gen lènmi mwen pa
kapab viv trankil ; mwen vin esklav move santiman mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario