Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Si gen
jalouzi nan kè nou, pa vante tèt nou ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 3, 13-18
Nou menm mwen renmen anpil la :
Kilès ki gen sajès epi ki gen disiplin nan pami nou ?
Se pou l’ montre
travay li nan dousè sajès la apati yon bon konduit. Men si nou gen yon anvi ki
anmè, avèk si gen jalouzi nan kè nou, pa vante tèt nou, pou nou vin tounen moun
k’ap bay manti kont laverite a.
Sèke se pa sajès sa a ki desann sot anwo a, men se sou tè
a li sòti, nan bèt, nan dyab. Sèke kote ki gen jalouzi ak batay, se dezòd ak
tout kalite move aksyon. Men sajès la ki sot anwo a, tou dabò li gen yon
konduit respektab, epi li chèche lapè, li tou dou, li gen bon jan, li mete kè l’
nan sa k’ bon, li plen mizerikòd ak bon fwi, li pa gen prejije, li pa fè
ipokrit. Fwi jistis la se nan lapè li simen, pou moun yo k’ap fè lapè a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 18,
8. 9. 10. 15
R/ Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan.
Lalwa Granmèt la san tach, li refè nam, temwayaj Granmèt
la fidèl, li bay ti moun yo sajès.R.
Jistis Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman
Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Krent Granmèt la nèt, li dire pou tout tan gen tan,
jijman Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Se pou pawòl bouch moun yo fè ou plezi, ni refleksyon kè m’
devan fas ou. Granmèt, sekou m’ak Redanmtè mwen.R.
ALÉLOUYA 2
Tim 1, lOb
R. Alélouya. Sovè nou Jézu-Kri détoui lanmò-a, li kléré
lavi-a gras a bòn nouvèl la. R. Alélouya.
LEVANJIL
« Mwen kwè,
Granmèt, ede mank lafwa m’ nan ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9, 14 29
Lè sa a :
Jezi desann sot sou mòn nan, li rive
kot disip li yo, li wè yon gran foul alantou yo, avèk skrib yo k’ap diskite
avèk yo. Menm lè a tout
pèp la wè Jezi, yo sezi, yo sote, yo kouri vin salye l’. Li poze yo kesyon : « Kisa n’ap
diskite konsa a antre nou an » ?
Yon moun nan foul la reponn, li di : « Mèt, mwen
mennen pitit mwen an kote ou, li gen yon espri baba, lè l’ pran l’ nenpòt ki
kote, li maltrete l’ ; pitit la bave, li manje dan, li seche. Mwen te di disip ou yo pou yo chase l’,
men yo pa t’ kapab ».
Li reponn yo, li di : « Jenerasyon san lafwa,
jouskilè m’ap avèk nou? Jouskilè m’ap sipòte nou ? Mennen l’ ban mwen ».
Yo mennen l’. Lè l’ wè l’, menm lè a espri a souke l’, li maltrete l’atè a, li
kimen tankou kim savon.
Li poze papa l’ kesyon : « Depi pandan konbyen
tan bagay sa a rive li » ?
Li di : « Depi l’ tou piti ; anpil fwa se
nan dife ak nan dlo li voye l’, pou l’ touye l’. Men, si ou kapab, ede nou
tanpri souple ».
Jezi menm di l’ : « Si ou kapab kwè, tout bagay
posib pou moun ki kwè ».
Menm lè a papa ti pitit la rele byen fò, avèk dlo nan je l’
li t’ap di : « Mwen kwè, Granmèt ; ede mank lafwa m’ nan ».
Lè Jezi wè foul la k’ap rasanble, li menase espri papwòp
la, li di l’ : « espri ki soud, ki baba, mwen pase ou lòd : « Sòti
nan li, epi pa janm antre nan li ankò ». Li rele byen fò, li souke l’ anpil, li
pati sot nan li; li te tankou si l’ te mouri, atèl pwen moun yo t’ap di li
mouri. Jezi menm kenbe men l’, li leve l’, li drese.
Lè l’ antre nan kay la, disip li yo poze l’ kesyon an sekrè:
«Pouki sa nou pa t’ kapab chase li»? Li di yo: «Kalite sa a pa kapab sòti ak
anyen, sof ak lapriyè avèk jèn».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou
ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jezi sòti al rankontre
disip li yo ki sètènman t’ap bay temwayay sou sa yo te wè ak sa yo te tande sou
Mesi a; pwotektè lalwa yo menm bò kote pa yo pa t’ janm rive aksepte Jezi se te
Mesi a. Men tout lòt moun ki te la yo t’ap koute ak anpil atansyon; lè yo te wè
Jezi, yo te kouri al rankontre l’ paske yo te wè ak je yo sa yo t’ap tande yo.
Se konsa te gen yon nonm ki te nan mitan foul la, ki
te deside tante chans prezante pwoblèm li bay Jezi, malgre l’ te konnen ke sa l’
fè a ka fè yo griyen dan sou li epi pase l’ nan jwèt, paske menm disip Jezi yo
te deja tante chans kanpe l’ depi nan wout. Kounye a nou ka konprann poukisa lè
Jezi te rive tout moun te kouri sou li; donk sèl temwayaj disip yo pa t’ sifi
pou moun yo te kwè san wè. Jezi te santi l’ boulvèse devan sitiyasyon sa epi li te
pran konpasyon pou jenòm nan.
Apot Jak, nan lekti jodi a, ap pale nou de sajès. Nan dimansyon sa a nou ka
dekouvri kèk karakteristik yon savan : se yon moun ki saj, li pa bezwen fè
piblisite, nan sa l’ap fè yo ka dekouvri ki moun li ye,li senp, li gen imilite,
li pa janm vante tèt li ni li pa janm kwè a san pou san nan sajès li genyen an ;
li gen kapasite pou reflechi avan li aji, li toujou kwè sa l’ genyen an se yon
ti kras bagay paske paske li konnen Bondye konnen plis pase li epi ka gen lòt
moun ki pi save pase li. Se pou sa, yon moun ki kwè li konn tout bagay, li se
yon mantè. Nou raple nou pèsonn pa dwe leve tèt devan Bondye ni vante tèt li,
paske moun ki leve tèt, Bondye fè l’ bese l’ ; epi moun ki bese tèt Bondye
fè l’ leve l’. Yon moun ki saj, ki byen edike toujou konprann fòs li limite, li
konnen se Jezi ki sous verite ak sajès. Li enpòtan pou nou sonje, nou menm
kretyen, nou toujou nan pwosesis konvèsyon, paske menm si nou ta gen entansyon
fè sa ki byen, nou dwe sonje nou frajil, nou kapab toujou tonbe. Nou ka viv nan
manti ak yon sajès pwofesyonèl ki sòti sou tè a, paske lènmi an tèlman malen,
li konn tout sa pou l’ fè pou l’ genyen batay la pandan l’ap fè ou panse ke se
pi bon chemen an.
Se pou Granmèt la kontinye konble nou ak sajès li pou nou ka kontinye
travay li a.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, n’ap mande w’ fè nou gras bon konprann ou
an pou nou ka konstwi yon mond ki miyò pou byen tout frè ak sè nou yo.
PWOPOZISYON: Mwen
pral eseye aji ak sajès, m’ap pran plis tan pou mwen koute olye mwen pale.
No hay comentarios:
Publicar un comentario