Páginas

MADI 25

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Nou mande, nou pa jwenn, paske nou mande mal ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 4, 1 10
Nou menm mwen renmen anpil la :
Kot lagè ak batay sòti nan nou an? Èske se pa akoz lanvi nou, k’ap batay nan manb nou yo? Nou anvi, epi nou pa genyen: n’ap touye. N’ap fè jalouzi epi nou pa jwenn, n’ap batay epi n’ap fè lagè epi nou pa genyen, paske nou pa mande. Nou mande, men nou pa jwenn, paske nou mande mal, pou nou depanse pou lanvi nou.
Nou menm ki nan adiltè a, èske nou pa konnen si nou fè zanmi ak tè sa a, nou vin ènmi Bondye ? Moun ki vle zanmi tè sa a, li fè tèt li vin ènmi Bondye. Èske nou kwè se pou bon tan sa k’ ekri a di : « Espri ki abite nan nou an, l’ap chèche jwenn sa l’anvi a » ? Men li bay yon pi gran gras ; se pou sa li di : « Bondye met antrav kont sa ki kwè yo plis pase lòt yo ; sa k’ konsidere yo pa anyen yo, se yo menm li bay gras ».
Mete nou anba lòd Bondye, fè fòs kont dyab la, l’ap kouri sot kote nou. Pwoche kot Bondye, l’ap pwoche kote nou. Netwaye men nou, nou menm ki nan peche ; pwòpte kè nou, nou menm ki gen kè doub. Konsidere mizè nou, pran dèy, kriye. Fè plezi nou an tounen rèl dèy, fè kè kontan nou an tounen lapenn. Bese tèt nou devan Granmèt la, l’ap leve nou anlè.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 54, 7-8. 9-10a. lOb-lla. 23
R/ Lage tèt chaje ou sou Granmèt la, se li menm k’ap okipe ou.
Mwen te di : « Kilès k’ap ban m’ zèl tankou toutrèl, m’a vole, m’a repoze? Men, m’ap sove kò m’ byen lwen, m’ap rete nan dezè a ».R.
M’ap tann sa a k’ap sove m’ nan, anba souf loraj la ak tanpèt la.  Granmèt, gaye, separe lang yo.R.
Sèke mwen wè mechanste ak jalouzi nan lavil la. Lajounen ak nannuit y’ap fè wonn li sou miray li yo.R.
Jete tèt chaje ou sou Granmèt la, se li menm k’ap okipe ou ; li p’ap kite moun kòrèk la nan boulvès tout tan.R.
LEVANJIL
« Y’ap renmèt Pitit moun nan. Si yon moun vle vin premye, se pou l’ vin tounen dènye nan yo tout ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9,30-37
Lè sa a :
Jezi pati kite mòn nan, ansanm ak disip li yo, yo t’ap travèse Galile a, li pa t’ vle pèsòn konnen.
Li t’ap anseye disip li yo, li t’ap di yo : « Y’ap renmèt Pitit moun nan nan men lèzòm, y’ap touye l’, l’ap mouri, sou twazyèm jou a l’ap leve ». Men yo menm yo pa t’ konprann pawòl la, epi yo te pè poze l’ kesyon.
Yo rive Kafanawòm. Pandan yo te nan lakay la, li t’ap poze yo kesyon : « Ki sa nou t’ap diskite sou wout la » ? Men yo menm yo te pe bouch yo ; paske sou wout la yo t’ap diskite kilès nan yo ki pi gran.
Li chita, li rele douz yo, li di yo : « Si yon moun vle vin premye, se pou l’ vin dènye nan pami tout moun, se pou l’ vin sèvitè tout moun ».
Li pran yon ti gason, li mete l’ kanpe nan mitan yo. Li anbrase l’, li di yo: «Nenpòt ki moun ki resevwa kalite ti moun sa yo o non mwen, se mwen menm li resevwa; epi tout moun ki resevwa m’, se pa mwen menm li resevwa, men se sa a ki voye m’ nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a nou dekouvri yon pawòl kle pou nou, yon mesaj ki pou ede nou oryante pwòp lavi nou daprè sa Bondye mande nou. Se nan non Jezi nou te resevwa padon pou peche n’ yo ak asirans yon lavi nouvo nan Granmèt la. Pou nou kapab rive jwi nan bèlte Granmèt la, nou dwe mete espwa nou nan Pawòl li, konbat tout sa k’ pa bon nan lavi nou,tout vye santiman nou yo, reziste ak dyab la ki vle mete n’ dozado ak Granmèt la, dekwa pou n’ pèdi plas nou nan Syèl la.
Lavi nou kòm kretyen ekzije nou batay kont tout sa k’ mal, pou n’ chèche viv daprè sa ki dwat, sa ki kòrèk. Petèt pou anpil nan nou menm sa pa fasil, tou depann de fòs volonte chak moun ak mwayen chak moun pran pou evite sa k’ kontrè ak zèv lafwa a. Sa ki enpòtan se pou konprann  plan Bondye genyen pou l’ sove  a, se pou tout moun san eksepsyon. Chak moun dwe lib, konsyan de sa li vle viv, sa li ye, kote li prale, nan kilès li mete lafwa li. Pawòl Bondye a envite n’ fè yon chanjman nan lavi nou ki fè n’ retire kò nou nan tout vi ki kontrè ak sa Bondye mande nou nan pawòl li. Nou dwe sonje pawòl Granmèt la lè l’ di nou: «kote trezò nou, se la kè nou ye»!
Mesaj Apot Jak la envite nou aprann rekonèt fot nou yo epi fè efo ki nesesè pou n’ sòti ladan yo pandan n’ap louvri kè n’ pi gran pou n’ akeyi volonte Bondye epi kite Lespri Sen an dirije lavi nou. Nan dimansyon nou louvri kè nou pou n’ akeyi padon Bondye a nan yon kè ki sensè, se nan dimansyon sa a Granmèt la va konble nou ak benediksyon.
Nan levanjil la Jezi fè anonse li gen pou l’ soufri, pou l’ mouri epi pou l’ leve byen vivan sou twazyèm jou a. Disip li yo pa t’ fin konprann sa l’ t’ap di a, yo prefere fè silans sou koze sa a. Anpil fwa nou menm tou sa konn rive nou konprann plan delivrans Bondye a fason pa nou. Anpil fwa nou mande Bondye tout favè ki genyen, men anpil fwa nou pa disponib pou n’ aksepte soufrans ak rejè nou ka rankontre nan lavi nou pandan nou aji ak tout konviksyon nou. Jezi mande n’ chanje fason nou konprann bagay yo, pou n’ chanje mòd relasyon n’ genyen ak lòt yo; li mande n’ pou n’ fè l’ konfyans nèt ale epi pou n’ kwè nan mesaj li pote pou nou an.
Pou sa, li mande n’ aprann fè silans nan kè nou ak nan lavi nou pou n’ konnen, reflechi sou sa l’ mande n’ yo epi pou n’ yon fason ki konfòm ak volonte Bondye. Li envite nou aprann aji nan imilite, sispann fè grandizè nan lavi nou, mete n’ nan sèvis lòt yo, angaje nou pou transfomasyon sosyete nou, pou konvèsyon kè yo. Lavi nou kòm disip misyonè Jezikri dwe tounen yon aktyalizasyon mèvèy pasyon ak leve vivan Jezikri a, Mèt nou, Sila a k’ap viv nan nou chak, Sila a k’ap kontinye reyalize mèvèy delivrans li an pou tout moun.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri souple, ede n’ aprann mize lavi nou sou pawòl ou yo, dekwa pou n’ benefisye tout byen ou pare pou moun ki kwè nan ou e ki fè sa ou mande. Amèn.

PWOPOZISYON: Jodi a, ann chèche dekouvri difikilte n’ konn rankontre nan sosyete a pa rapò ak yon dezizyon n’ gen pou n’ pran pou fè eklate bèlte Bondye. Chita an gwoup pou n’ aprann site yo, epi wè ki limyè n’ jwenn nan pawòl Bondye a pou n’ afwonte yo. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario