Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Ki sa
lavi nou ye? Pito nou di : Si Granmèt la vle ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 4, 13b-18
Nou menm mwen renmen anpil la :
Men koulye a nou menm k’ap di : « Jodi a oubyen
demen n’a prale nan tèl vil, n’ap pase ane a laba a, n’ap fè komès, n’ap fè benefis » :
nou menm ki pa konnen sa demen an ap ye a. Ki sa lavi nou ye ? Yon vapè ki
parèt yon ti moman, epi apre sa ki disparèt.
Se pousa pito nou di : « Si Granmèt la vle, epi
si nou vivan, n’ap fè tèl bagay oubyen tèl lòt ». Koulye a menm n’ap danse
nan kondisyon siperyè nou an. Tout kalite kè kontan sa a li move. Moun ki konnen
pou l’ fè byen, epi ki pa fè l’, li fè peche.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 48,
2-3. 6-7. 8-10. 11
R/ Ala kontantman pou moun ki pòv yo nan espri
a, paske se pou yo peyi-wa syèl yo ye.
Koute sa, tout nasyon yo, louvri zòrèy nou, nou tout ki
abite sou tè a.
Ni moun ki ba ni moun ki nan gran kondisyon, ni rich ni
pòv ansanm.R.
Pouki sa pou m’ pè nan jou malè yo, lè mechanste pwofitè
yo ap fè laviwonn mwen an ? Yo menm ki met konfyans nan pouvwa yo, k’ap leve
tèt yo nan kantite richès yo.R.
Vrèman moun nan pa kapab delivre pwòp tèt li ; li p’ap
bay Bondye satisfaksyon li mande a. Li twò gran, pri delivrans nam li
a : alafen l’ap disparèt, pou l’ ta viv pou tout tan, pou l’ pa
ta wè finisman.R.
L’ap wè saj yo k’ap mouri ; ni moun san konprann ni
moun sòt ap peri ansanm, y’ap kite richès yo bay lòt.R.
LEVANJIL
« Moun ki
pa kont nou, se pou nou li ye ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9,38-40
Lè sa a :
Jan reponn Jezi, li di : « Mèt, nou te wè yon mesye
ki t’ap chase demon yo o non ou, se pa yon moun ki suiv nou, ebyen nou anpeche l’
sa ».
Jezi menm di l’ : « Pa anpeche l’ sa ; sèke
pa gen pèsòn ki kapab fè mèvèy o non m’, epi ki kapab pale mal osijè m’ tou
suit apre sa. Moun ki pa kont nou, se pou nou li ye ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Premye lekti a
envite n’ pran konsyans ke lavi a n’ap jwi a se yon kado Bondye, epi nou dwe òganize
lavi nou pandan nou soumèt ak volonte li. Tout sa n’ ka reyisi nan lavi nou, se
gras a li menm ki ba nou lavi a. Se yon erè ki vrèman grav lè yon pitit ap viv
san l’ pa vle rekonèt paran li yo, oubyen li vle dezobeyi yo. Peche a anpil fwa
nou komèt la, se aspè sa a li genyen, li prezante nou tankou yon pitit ki
rebèl, ki dezobeyi paran l’. Anpil fwa nou aji an kontradiksyon ak sa nou vle
nan fon kè nou ; men nou dwe aprann reflechi sou rekòmandasyon Granmèt la
fè nou pou n’ rive dekouvri li se yon vrè sous kè kontan, kè poze ak renmen.
Sòm 48 la montre
n’enpòtans viv nan sajès ak imilite pandan n’ap rive konprann vrè sans lavi nou
epi esperans ki abite nou. Ni rich ni pòv, ni gran ni piti, ni nwa ni blan, nou
tout nou gen pou n’ale nan peyi san chapo e lè sa n’ap kite tout bagay. Moun
nan pa kab sove tèt li pou kò li. Pou sa, nou bezwen kite sajès Pawol Bondye a
gide lavi nou, prepare lavni nou depi kounye a pou n’ ka vrèman rive eritye wayòm
Bondye.
Nan levanjil la
Jezi ap envite nou pou nou gen tolerans nan lavi nou, aksepte lòt yo avèk
diferans yo. Disip Jezi yo te vle anpeche yon gwoup misyonè ki t’ap libere kèk moun
ki te anba pouvwa dyab la, paske yo pa t’ fè pati gwoup pa yo. Men Jezi mande
yo respè pou moun sa yo ak pou travay yo t’ap fè a! Li mande yo aprann konsidere byen lòt yo ap fè a san y opa konsidere nan
ki ras yo sòti, nan ki fanmi, si yo edike oubyen analfabèt, si yo rich oubyen pòv ;
sa ki enpòtan pou Jezi se byen y’ap fè a, se tèt ansanm ki gen antreyo pou
travay pou yon chanjman kondisyon lavi moun yo, nan lavi sosyete a. Se yon
kokenn chenn leson sa ye pou nou, nou dwe aprann sa nan fason n’ap ekzèse
relijyon nou an, nan fason n’ap relasyone nou ak lòt relijyon yo. Nou pa fèt
pou nou kritike pyès moun sou fason yo travay, men nou dwe chache apresye
solisyon yo pote ak yon pwoblèm yon pitit Bondye t’ap afwonte.
Konsa, li
enpòtan pou nou viv nan tolerans, nan apresye sa ki bon kay lòt yo, nan viv nan
imilite, nan sèvi lòt yo, nan respè relijyon yo. Se pou n’ fè efò depi nan
fanmi nou yo pou n’ viv inite sa a, pou n’aprann lapriyè ansanm, menm lè sa
mande nou fè yon depasman pou n’ rive konprann kòman lòt la ap viv relasyon l’ak
Bondye ; se pou nou aprann aksepte kretyen nan lòt relijyon yo tankou vrè
frè ak sè nou epi pa pè montre yo apresyasyon, renmen ak respè nou pou yo,
pandan n’ap pwofite pataje eksperyans kretyèn nou avèk yo.
LAPRIYÈ : Granmèt n’ap mande w’ souple ede n’aprann
ouvri kè nou, bra nou pou n’ renmen ak travay asanm ak tout moun ki vle angaje
yo pou kontinye travay liberasyon ou deja kòmanse a.
PWOPOZISYON : Pran yon ti tan pou n’ dyaloge avèk yon zanmi
nou ki nan lòt relijyon, nan respè, sou baz yon vèsè biblik, pou n’ kapab rive
viv epi fè grandi nan nou menm espri tolerans lan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario