Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Pri
travay ouvriye yo nou pran an, l’ap rele, rèl la antre nan zòrèy Granmèt la ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 5, 1-6
An nou wè koulye a, rich yo, kriye, rele nan mizè nou yo
k’a pral rive sou nou yo. Richès nou yo ap pouri ; rad nou yo, se lagal k’ap
manje yo. Lò nou ak lajan nou ap wouye, lawouy yo a ap sèvi temwen kont nou, l’ap
manje chè nou tankou dife. Se kòlè nou ranmanse nan magazen pou pwòp
tèt nou pou dènye jou yo.
Men pri travay ouvriye yo, ki te fè rekòlt jaden nou yo,
sa nou te vòlè a, men l’ap rele, epi rèl yo antre nan zòrèy Granmèt lame yo.
Nou fè resepsyon sou tè a, nou bay kò nou manje nan banbòch pou jou y’ap touye
nou an. Nou arete sa a ki kòrèk la, nou touye l’, li pa reziste nou.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 48,
14-15ab. 15cd-16. 17-18. 19-20
R/ Ala kontantman pou moun ki pòv nan espri
a, paske se pou yo peyi-wa syèl yo ye.
Sa a se chemen moun yo ki met konfyans nan pwòp tèt yo a,
ak finisman sa yo ki met plezi yo nan bouch yo a. Tankou mouton ki enstale nan
bafon an, lanmò a ap gadiyen yo.R.
Y’ap desann tèt bese nan kavo a, pòtre yo ap disparèt :
Men Bondye ap delivre nam mwen, anba men bafon an l’ap soulve m’.R.
Pa pè, lè yon moun ap vin rich, lè richès kay li ap vin
anpil. Paske lè l’ap mouri, li p’ap pran anyen, richès li p’ap desann avèk li.R.
Pandan l’ap fè konpliman pou nam li nan lavi l’ : « Y’ap
fè lwanj ou, paske ou te regle afè ou byen » ; sèlman l’ap antre al jwenn
fanmi zansèt li yo, ki p’ap janm wè limyè a.R.
ALÉLOUYA 1
Tés 2, 13
R. Alélouya. Résévoua paròl Bondié-a, pa tankou paròl
moun, min tankou sa-l yé tout bon vré-a, paròl Bondié-a. R. Alélouya.
LEVANJIL
« Li pi
bon pou ou pou ou antre nan lavi a enfim, pase pou ou gen de men ou, epi pou ou
al nan boukan dife a ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 9, 41-50
Lè sa a Jezi di disip li yo:
«Nenpòt moun k’ap ba nou yon gode dlo pou nou bwè o non m’,
paske nou se disip Kris la, mwen di nou, li p’ap pèdi rekonpans li.
Men nenpòt ki moun ki fè youn nan ti piti sa yo ki kwè
nan mwen an pèdi bon chemen an, li ta pi bon pou moun sa a, si yo ta mare yon gwo
wòch moulen bourik yo nan kou l’, epi yo ta jete l’ nan lanmè.
Si men ou anpeche ou suiv bon chemen an, koupe l’; li pi
bon pou ou pou ou antre enfim nan lavi a, pase pou ou gen de men ou epi pou ou
al nan lanfè avèk yo, nan dife ki p’ap etenn nan, kote vè yo p’ap mouri a, epi
dife yo p’ap etenn nan. Si pye ou anpeche ou suiv bon chemen an, koupe l’; li
pi bon pou ou si ou antre nan lavi tout tan an antan w’ap bwate, pase pou ou gen
de pye epi pou yo jete ou nan lanfè dife ki p’ap etenn nan, kote vè yo p’ap
mouri a, epi dife yo p’ap etenn nan. Si je ou anpeche ou mache nan bon chemen,
rache l’; li pi bon pou ou pou ou antre ak yon sèl je nan peyi-wa Bondye a, pase
pou ou gen de je epi pou yo jete ou nan lanfè dife a, kote vè yo p’ap mouri a, epi
dife yo p’ap etenn nan.
Sèke tout bagay ap sale avèk dife, tout sakrifis ap sale
byen sale.
Sèl la se yon bon bagay ; men si sèl la vin fad, ak
ki sa n’ap ba l’ gou ? Se pou nou gen sèl nan nou, epi se pou nou gen lapè
antre nou ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Manje ki pa gen sèl,
li fwad, li frèt. Granmoun yo kon di : manje sa a frèt tankou nen chen !
Se konsa tou lè yon moun ap viv san li pa teni kont de lavi lòt yo, san li pa
chèche fè kominote ak yo, li ka rive santi lavi a pa gen sans pou li. Men an
reyalite, se pa lavi a non ki pa gen sans, okontrè se fason l’ap viv la ki pa gen
gou.
M’ sonje te gen yon ougan an deyò lakay mwen, chak l’ap kòmanse sèvis lwa li,
li toujou chante : «Genyen pwen, genyen lwa, pase m’ mouri malere m’ pito
mouri jenn gason, moun pa konn afè m’». Konbyen nan nou ki konn kite sitiyasyon
lavi a lakoz nou bliye volonte Bondye, nou panse viv jodi a san panse a nanm
nou, san panse a demen. Tankou levanjil jodi a di : «Si se yon manm nan kò
n’ ki ta anpeche nou antre nan wayòm syèl la, pito nou ta elimine l’ ; paske
li pi bon pou nou rive devan Bondye kokobe pase pou n’ ta rive ak tout manb nou
yo nan lanfè a.» Sa se yon langaj metaforik, literalman Bondye pa di pou nou
koupe moso nan kò nou, okontrè li vle nou pran konsayans sou tout sa ki ka
anpeche nou viv kòt a kòt ak li, tankou bon zanmi. Apot Jak, nan lekti jodi a,
ap fè nou konprann tout sa ki sou tè a se pou byen nou yo ye e se Bondye ki te
kreye yo pou nou ; kidonk nou pa kapab mete anyen pi wo pase Bondye, nou
pa dwe bay anyen plis enpòtans pase Bondye.
Nou pa dwe bliye se Granmèt la ki ka konsole nou, se li menm ki ka ranpli
tout vid ki nan lavi nou. Nan dat 12 janvye 2014, Peyi Ayiti komemore gwo
tranblemantè ki te mete peyi a tèt anba. Nan okazyon sa te gen anpil moun ki te
tris lè yo sonje kòman yo te pèdi yon frè, yon sè, yon paran, yon zanmi,…men
nan mitan tristès Bondye te mete kè kontan lè Pap Franswa te nome Monseyè
Chibly Langlois kòm Kadinal pou Legliz Ayiti. Menm si nou tris Bondye p’ap kite
tristès la touye nou, men l’ap toujou soulaje. Se pou sa nou dwe fè li konfyans
nan tout sikonstans.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ba nou fòs ak kouraj pou nou kontinye sèvi ou malgre
gwo pwoblèm n’ap rankontre sou chemen lavi a.
PWOPOZISYON :
Pran yon ti tan pou mande Bondye voye Lespri sen an pou akonpanye yon Nons, yon
Kadinal, yon Evèk, yon Pè, yon Mè oubyen yon Layik ki fenk angaje l’ nan travay
Legliz li a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario