Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Men jij
la kanpe devan pòt la ».
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 5, 9-12
Pa plenyen youn kont lòt, frè m’ yo,
pou yo pa jije nou. Men jij la kanpe devan pòt la.
Pran modèl, frè m’ yo, nan malè a,
sou andirans ak pasyans pwofèt yo, ki te pale o non Granmèt la. Men nou deklare
moun ki gen landirans yo yo gen chans. Nou te tande pale sou soufrans Jòb, nou
te wè rekonpans Granmèt la te ba li a ; paske Granmèt la sansib, li pran pitye.
Anvan tout bagay, frè m’ yo, pa fè sèman, ni sou syèl la,
ni sou tè a, ni pa fè okenn lòt kalite sèman. Se pou pawòl nou : wi, wi, non,
non : pou nou pa tonbe anba jijman an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 102,
1-2. 3-4. 8-9. 11-12
R/ Granmèt la pran pitye, li sansib.
Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen ; tout sa k’
anndan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen. Fè konpliman pou Granmèt la, nam mwen,
pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou
yo; Li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la, ki kouwonnen ou ak mizerikòd, ak
pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen mizerikòd, li pran pasyans,
li gen anpil mizerikòd.Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, se pa pou tout tan
li fache.R.
Sèke otan syèl la wo anlè tè a, mizerikòd li debòde sou
sa yo ki krenn li yo ; otan olevan lwen okouchan, li ranvwaye peche nou yo
lwen nou.R.
ALÉLOUYA Jn 17, 17b. a
R. Alélouya. Paròl ou,
Granmèt, sé vérité; fè nou vin sin nan vérité-a. R. Alélouya.
LEVANJIL
« Sa Bondye
mare ansanm moun pa kapab separe li.»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10. 1 -12
Lè sa a :
Jezi leve, li rive nan limit Jide lòt bò Jouden an. Foul yo rasanble
vin jwenn li ankò ; jan l’ te gen abitid la, li t’ap ba yo lansèyman ankò.
Farizyen yo pwoche, yo poze l’ kesyon : « Si
yon mari gen dwa ranvwaye madanm nan », yo t’ap tante l’.
Men li menm li reponn, li di yo: «Ki lòd Moyiz te pase
nou»?
Yo di: «Moyiz te pèmèt pou ekri yon biye divòs, epi pou ranvwaye
l’».
Jezi reponn, li di: «Se poutèt kè nou te di, se pou sa li
te ekri lòd sa a pou nou an. Men nan kòmansman an, “se gason ak fi Bondye te fè
yo. Se poutèt sa mesye a ap kite papa l’ ak manman l’ epi l’ap kole kò l’ kot
madanm li, epi yo tou lè de ap nan yon sèl chè”. Se pousa yo pa de ankò, men se yon
sèl chè yo ye. Konsa sa Bondye mare, moun pa gen dwa separe li».
Lè l’ tounen lakay la, disip li yo poze l’ kesyon sou menm
bagay sa a. Li di yo : «Nenpòt ki moun ki ranvwaye madanm li epi ki pran
yon lòt, li fè yon adiltè sou li. Epi si yon madanm ranvwaye mari l’ epi
li marye ak yon lòt, li fè adiltè».
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou
ou, Granmèt.
REFLEKSYON: «Sa Bondye mete ansanm
piga pèsonn separe li.» Farizyen yo konprann yo te kapab pran Jezi nan pyèj ;
olye pou yo pran l’ nan pyèj, se li menm ki pran yo nan pyèj ! Farizyen yo
pwoche kote l’ yo di l’ : «Èske yon mesye gen dwa voye madanm li ale pou
nenpòt bagay ?» Jezi, antan li fè referans ak Ansyen Kontra, reponn yo :«Èske
nou pa li kijan sa te ye nan kòmansman ? Se gason ak fi Bondye te kreye ?
Epi li pwofite eksplike yo ki sans relasyon gason ak fi te genyen depi nan kòmansman
kreyasyon an kote Bondye kreye yo egal ego ; li ajoute pou di yo : «Se
akoz kè di nou ki fè Moyiz te ekri lòd sa a pou nou». Mesye marye a va kite
papa l’ak manman l’ pou l’ fè yon sèl ak madanm li, fi a egalman, yo toude va fè
yon sèl kò. Konsa sa Bondye mete ansanm, piga moun separe li. Menm jan Jezi se
tèt Legliz la, nou menm se kò a, se konsa lavi maryaj la dwe ye ; pou nou
rive viv lavi maryaj la, se renmen pou nou gen nan kè nou anvan tout bagay. Bondye
te pase kontra renmen an avèk nou, pa gen anyen ki kapab separe nou ak renmen
Bondye gen pou nou. Gen moun ki pran maryaj la tankou yon jwèt, yo wè l’ tankou
yon fèt ak plezi, maryaj la se pa sèlman bèl fèt, men se wè kijan nou nou ka
viv ansanm pou fè Bondye plezi epi ankouraje lòt moun antan nou sèvi modèl pou
sosyete a. Sen Jak di se chans pou moun
ki pran pasyans, li envite n’ pran ekzanp sou pasyans Jòb te genyen epi kijan
Granmèt la te gen kè sansib pou li, piga nou bliye, avan tout bagay, piga pou
ti krik ti krak pou n’ap fè sèman, se pou «wi» nou rete wi epi «non» nou rete
non. Pou sa, nou dwe toujou konte sou konkou lagras Bondye.
LAPRIYÈ : Bondye papa, n’ap di w’ mèsi paske ou renmen nou an premye. Ba
nou fòs ak kouraj pou n’ viv nan renmen an pou lavi nou tounen yon temwayaj. Amèn
PWOPOZISYON :
Nan ki fason mwen ka ankouraje tèt ansanm nan fanmi oubyen fwaye ki
divize ? Èske anpil fwa lang mwen se pa yon enstriman divizyon ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario