Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Lapriyè moun kòrèk la fè avèk pèseverans la, li gen anpil valè”.
LÈT APOT JAK
KI SEN 5, 13-20
Nou menm mwen renmen anpil la:
Èske youn nan nou gen chagren? Se
pou l’ lapriyè. Èske li gen kè kontan? Se pou l’ chante sòm. Èske youn nan nou
malad? Se pou l’ rele prèt yo nan legliz la, pou yo lapriyè sou li, pou yo pase
luil sou li o non Granmèt la; lapriyè lafwa a ap sove malad la, Granmèt la ap
soulaje l’, epi, si l’ gen peche, l’ap padonnen l’.
Se pou nou youn konfese peche nou
yo bay lòt, se pou nou youn lapriyè pou lòt, pou nou sove; lapriyè moun ki
kòrèk la fè avèk pèseverans la, li gen anpil valè. Eli se te yon moun tankou
nou menm, ki fèb, li lapriyè anpil, pou lapli pa tonbe sou tè a; epi lapli pa
tonbe pandan twazan ak si mwa. Li lapriyè ankò, syèl la bay lapli, tè a bay fwi
l’.
Frè m’ yo, si youn nan nou devye
sot nan laverite a, epi yon moun fè l’ tounen, nou dwe konnen moun ki fè yon pechè
tounen sot nan move chemen l’ nan, l’ap sove nam li sot nan lanmò, l’ap kouvri
kantite peche l’ yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 140, 1-2. 3 e 8
R/ Dirije lapriyè m’ nan, Granmèt, tankou lansan nan fas ou.
Granmèt, mwen rele kote ou, fè vit
vin kote m’; koute vwa m’, lè m’ rele kote ou la. Se pou lapriyè m’ nan dirije
tankou lansan devan fas ou, men m’ k’ap leve tankou sakrifis aswè a.R.
Mete yon baryè nan bouch mwen,
Granmèt, ak santinèl nan pòtay po bouch mwen yo.Paske se kote ou, Granmèt,
Granmèt, je m’ fikse: kote ou mwen kache, pa vide nam mwen.R.
LEVANJIL
“Tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon ti moun piti, li p’ap antre
ladan li”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10, 13-16
Lè sa a:
Yo te prezante timoun piti bay Jezi
pou l’ te touche yo; disip yo menm t’ap kouri dèyè moun yo ki t’ap vin prezante
yo a.
Lè Jezi wè sa, li fache, li di yo: «Kite
timoun yo vin jwenn mwen, pa enpoze yo; se pou sa k’ sanble ak yo rèy Bondye a
ye. An verite mwen di nou, tout moun ki pa resevwa rèy Bondye a tankou yon
timoun piti, li p’ap antre ladan li». Li anbrase yo, li poze men sou yo, li beni
yo.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nan premye lekti jodi a sen
Jak (sa yo rele Jak Majè a) ap bay moun premye kominote kretyèn yo plizyè
rekomandasyon. Nan premye rekomandasyon an, li mande yo pou yo aji ak bon sans
nan chak sitiyasyon ki prezante nan lavi yo, men se pou yo fè sa daprè lafwa
yo. Li di yo si yo nan lapenn se pou yo lapriyè, li pa di yo se pou yo rete ap
kriye sèlman; si yo kontan se pou yo chante sòm, fè lwanj pou Bondye. Si yo
malad, se pou yo mande legliz lapriyè pou yo. Nan dezyèm rekomandasyon li fè,
li mande pou youn konfese peche yo ak lòt. Nan lapriyè se pou youn sipòte lòt,
li konseye pèsevere nan lapriyè dekwa pou n’ ka jwenn delivrans. Anfen twazyèm
rekomandasyon an, se sou kesyon levanjelizasyon an, li di si yon moun te fè yon
peche kite move chemen l’ lan li kouvre peche l’ la. Yon lòt bò, levanjil la di
n’ ke yo te pote timon yo bay Jezi men apot yo t’ap repouse timoun yo. Jezi
menm mande pou yo kite timoun vin jwenn li. Epi li di: “wayòm syèl la se pou
sila yo ki menm jan avèk yo. Jezi di moun ki pa resevwa wayòm syèl la tankou
yon timoun, li p’ap antre ladan. Jezi di sa nan fason pou l’ montre ke wayòm syèl
la rejim politik nou genyen sou tè a ; se pa anpil lajan, se pa sèvi ak
pouvwa pou fè abi sou pi piti yo. Men se yon wayòm jistis, renmen ak lapè. Si
nou vle antre nan syèl la, fòk nou apran kiltive imilite. Fòk kè nou senp.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, nan moman sa a n’ap mande w’ imilite pou
nou swiv rekòmadasyon ke ou enspire apot ou yo dekwa pou n’ kab rive nan peyi
kote w’ wa a.
PWOPOZISYON : Montre ou gen
konfyans nan Bondye pandan w’ap fè sa li mande, menm jan yon timoun konfye nan
manman l’epi li fè sa li mande.
No hay comentarios:
Publicar un comentario