Páginas

DIMANCH 2

Koulè Vèt
UITYÈM DIMANCH NAN ANE-A
PREMYE LEKTI
“Mwen p’ap bliye ou”.
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 49, 14-15
Siyon t’ap di: «Granmèt la lage m’, Granmèt la bliye m’». Èske yon madanm kapab bliye ti pitit li, pou l’ pa sansib pou pitit zantray li? Menm si youn t’ap bliye, mwen menm mwen p’ap bliye ou».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
SÒM REPONS 61, 2-3. 6-7. 8-9ab
R/ Se nan Bondye sèlman pou ou repoze, nanm mwen.
Se nan Bondye sèlman pou ou repoze, nanm mwen; sèke se nan li delivrans mwen sòti.
Reyèlman vre se li menm ki kachèt mwen ak delivrans mwen, pwoteksyon m’, mwen p’ap souke ankò.R.
Nan Bondye sèlman pou ou poze, nanm mwen; paske se nan li pasyans mwen sòti. Reyèlman vre se li menm ki Bondye m’ ak delivrans mwen, sekou m’, mwen p’ap souke.   R.
Nan Bondye delivrans mwen ak bèlte m’; Bondye fòs mwen, kachèt mwen se nan Bondye li ye. Separe nan li, tout fanmi pèp la, vide kè nou devan li.R.
DEZYÈM LEKTI
“Granmèt la ap fè wè panse ki nan kè yo”.
PREMYE LÈT APOT PÒL POU KORENTYEN TO 4, 1-5
Frè m’ yo:
Se pou yo konsidere nou tankou sèvitè Jezikri ak moun ki responsab distribiye mèvèy sakre Bondye yo. Ki sa yo mande moun ki responsab distribiye yo, se pou yo fidèl.
Kanta mwen menm, sa pa fè m’ anyin si nou jije m’, oubyen si yon tribinal moun jije m’; menm mwen menm mwen pa jije pwòp tèt mwen; konsyans mwen pa repwoche m’ anyen, sèlman se pa pousa mwen konsidere m’ kòrèk; sila a k’ap jije m’ nan, se Granmèt la.
Se pousa pa jije anvan tan an, joustan Granmèt la rive, li menm k’ap klere sa k’ kache nan fènwa yo, k’ap montre panse ki nan kè yo; lè sa a chak moun ap jwenn lwanj nan men Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
LEVANJIL
“Pa pran tèt chaje pou demen”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE 6, 24-34
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Pèsòn pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn, l’ap renmen lòt la, oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, l’ap meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye avèk lajan.
Se pousa mwen di nou: Pa pran tèt chaje pou lavi nou, pou nou mande ki sa n’ap manje, ni pou kò nou osijè kisa n’ap abiye: èske lavi a pa plis pase manje a, epi kò a plis pase rad la? Gade zwazo syèl yo, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa ranmase nan depo; epoutan Papa nou ki nan syèl la nouri yo. Èske nou pa plis pase yo?
Kilès nan nou afòs l’ap kalkile ki kapab mete yon mezi an plis sou wotè l’?
Pou rad la, pouki sa nou pran tèt chaje? Konsidere lis yo nan jaden yo, kijan yo grandi; yo pa travay, yo pa fè twal. Men mwen di nou ata Salomon nan tout bèlte l’ pa t’ abiye tankou youn nan yo. Konsa si zèb jaden an ki la jodi a, epi demen y’ap jete l’ nan dife, Bondye abiye l’ konsa, èske li p’ap fè plis pou nou, nou menm ki gen ti lafwa?
Konsa, pa pran tèt chaje, ap di: «Ki sa n’ap manje»? oubyen «Ki sa n’ap bwè»? oubyen «Ak ki sa n’ap abiye»? Tout bagay sa yo, payen yo ap chèche yo; Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Konsa kòmanse chèche rèy Bondye a ak jistis li, epi tout bagay sa yo ap vin an plis pou nou.
Pa pran tèt chaje pou demen; jou demen an ap pran tèt chaje pou kont li: chak jou gen kont mizè l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lajan se yon Zidòl. Jezi di: Pèson pa kapab sèvi 2 mèt alafwa. Nou tande? Pou ki rezon? Ebyen rezon an klè: nan sèvi l’ap sèvi a, l’ap rive rayi youn si l’ renmen lòt la. L’ap sèvi byen ak youn, men l’ap meprize lòt la. Epi Jezi kanpe 2 mèt yo devan je nou: Bondye ak lajan. Jezi konnen kijan kè nou fèt. Kè yon moun pa ka divize, kè yon moun dwe tout antye nan sa l’ap fè, tout antye nan moun li renmen an. Jodi a, Jezi vle nou chwazi youn nan 2 mèt sa yo. Kilès nan 2 yo nou vle sèvi? Li di nou: mete konfyans nou nan Bondye, Pa bat kò nou pou rad ak manje. Kò nou gen plis enpòtans pase rad ak manje. Papa nou ki nan syèl la konnen sa nou bezwen. Li renmen nou. L’ap ba nou tout sa ki nesesè. Gade zwazo yo, li okipe yo. Gade ti flè yo, jan li abiye yo. Pou kisa pou l’ pa ta okipe nou menm ki pitit li? Li di nou: ata Wa Salomon pa t’ abiye tankou flè, malgre li te rich anpil. Nou pa bezwen chaje tèt nou ak yon pakèt kesyon: sa n’ap manje, sa n’ap pral bwe demen? Sa n’a pral mete sou nou? Se moun ki pa konn Bondye, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, ki plen tèt yo ak enkyetid sa yo, ak traka sa yo. Nou menm nou gen yon Papa nan syèl la. Li konnen nou bezwen tout sa. Jezi di nou: Okipe afè Bondye, e Bondye va okipe afè pa nou. L’ap ba nou plis menm pase sa nou t’ap tann. Li envite nou genyen konfyans: pa chaje tèt nou pou demen, paske demen va gen kont tèt chaje pa li. Chak jou gen kont chay li. Nou wè jan Jezi bon. Li di nou pa bat kò nou, pa chaje tèt nou pou demen. Viv Jodi a. Se Jodi a Bondye ban nou, profite viv byen. Ou konn wè moun k’ap fatige kò yo lè y’ap vwayaje, pa ekzanp.Yo pè pou machin nan pa fè aksidan. Moun sa yo pa viv. Epoutan anyen pa rive yo. Jezi di nou, jan pwovèb la di: Ede tèt ou pou Bondye kab ede ou. Nou pa bezwen ap fatige kò nou. Li vle pou nou abandone nou nan men li. Se souvan ou wè sa: lajan se yon zidòl. Moun ki pa met konfyans yo nan Bondye ap chache tout mwayen pou yo gen lajan, e lè yo rive genyen li, yo pa viv, yo ret ap veye lajan an pou yo pa pèdi l’. Bondye pa bay pitit li yo lajan, men li ba yo fòs. Li respekte pitit li yo. Li ba yo fòs pou yo travay fè lajan, pou lajan itil yo. Lajan se yon bon sèvite, men li se yon move mèt. Se konsa ou wè moun ki fè sa pou yo pa fè, pou yo gen lajan. Aprè sa, lajan ap kale yo. Bondye vle nou gen kè poze. Li vle nou viv, li pa vle wè nou viv nan boulvès, nan lenkyetid. Konsa, an nou bay Bondye premye plas nan lavi nou. An nou chache rèy li anvan tout bagay, epi Bondye li menm ap ban nou tout sa nou bezwen kòm degi.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri pa kite traka lavi a fèm vire do ba ou, ede mwen kore mwen chak jou sou ou, paske avèk ou menm anyen pa manke m’.
PWOPOZISYON: Bay bagay syèl la premye plas nan lavi nou. Pa enkyete nou. Mete konfyans noun an Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario