Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Jezikri,
malgre nou pa wè l’, nou renmen l’, men antan nou kwè menm, n’ap kontan ak yon
kontantman yo pa kapab pale”.
PREMYE LÈT
APOT PYÈ KI SEN 1, 3-9
Konpliman pou
Bondye, ak papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki refè nou nan espwa vivan an gras
a leve vivan Jezikri sot nan pami mò yo, daprè gran kè sansib li a, pou yon eritaj
ki p’ap detwi, ki p’ap sal, ki p’ap vin vye, k’ap dire nan syèl la pou nou, nou
menm yo prezève pou delivrans la gras a lafwa a, nan pouvwa Bondye a, delivrans
sa a yo pare pou devwale l’ nan dènye tan an.
Nan li nou gen
kè kontan, menm si koulye a, nou gen pou nou gen chagren nan divès bagay k’ap eseye
nou; lafwa nou y’ap eseye a, li gen plis pri pase lò, sa yo eseye nan dife a,
konsa n’ap jwenn lwanj ak bèlte ak konsiderasyon nan revelasyon Jezikri a, li menm
nou renmen san nou pa wè l’ la; li menm nou kwè nan li, menm si koulye a nou pa
wè l’ la; antan nou kwè a, n’ap kontan nan yon kontantman san parèy, ki nan
bèlte, n’ap jwenn rekonpans lafwa nou nan delivrans nanm yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 110, 1-2. 5-6. 9 e 10e
R/ Granmèt la ap sonje kontra l’ la pou tout tan.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout
kè m’, nan reyinyon moun kòrèk yo ak legliz la.
Travay Granmèt yo gran, yo merite
tout moun ki anvi yo chèche yo.R.
Li bay moun ki respekte l’ yo manje;
l’ap sonje kontra l’ la pou tout tan.
Li anonse pèp li a fòs travay li yo,
pou l’ ba yo eritaj nasyon yo.R.
Li voye delivrans pou pèp li a, li
kòmande kontra l’ la pou tout tan.
Lwanj li dire pou tout tan gen
tan.R.
LEVANJIL
“Tout sa ou genyen, vann li, epi suiv mwen”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 10, 17-27
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap
sòti sou wout la, gen yon moun ki kouri devan l’, li met jenou atè devan l’, li
t’ap lapriyè l’: «Bon mèt, ki sa pou m’ fè pou m’ eritye lavi tout tan an»?
Jezi menm di l’: «Pouki sa ou rele
m’ bon? Pèsòn pa bon, sof yon sèl Bondye a. Ou konnen kòmandman yo: «Pa fè
adiltè, pa touye, pa vòlè, pa sèvi temwen-manti, pa fè moun ditò, respekte papa
ou ak manman ou».
Men li menm li reponn, li di: «Mèt,
tout bagay sa yo, mwen te obsève yo depi m’ tou jèn».
Jezi menm gade l’, li renmen l’,
li di l’: «Yon sèl bagay manke ou; ale, tout sa ou genyen, vann li, bay pòv yo,
epi w’a gen yon richès nan syèl la; aprè sa, vini, suiv mwen». Li menm li vin
tou tris nan pawòl sa a; li pati ak men li dekonpoze, sèke li te gen anpil byen.
Jezi menm gade toutalantou, li di
disip li yo: «Se pa ti kras difisil sa difisil pou moun ki gen lajan yo antre
nan rèy Bondye a»; disip yo menm sezi nan pawòl li yo. Jezi menm rekòmanse pran
lapawòl, li di yo: «Pitit mwen yo, ala difisil sa difisil pou moun ki met konfyans
yo nan richès yo antre nan rèy Bondye a. Li pi fasil pou yon chamo pase nan yon
je zegui pase pou moun rich antre nan rèy Bondye a».
Yo menm yo te pi sezi toujou, youn
t’ap di lòt: «Epi kilès ki kapab sove»?
Jezi menm gade yo, li di: «Sou bò
lèzòm, sa enposib, men pa sou bò Bondye, paske tout bagay posib pou Bondye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: “Nan li nou gen kè kontan, menm si koulye a, nou gen pou nou gen chagren
nan divès bagay k’ap eseye nou”. Lafwa
se yon kado Bondye fè nou, nou pa kapab achte l’, nou pa kapab vann li, nou pa
kapad remèt li non plis. Se poutèt sa
li pa gen pri, pèsonn pa kapab achte li. Nou kwè nan Bondye, nou gen espwa yon
jou n’a wè li. Men an atandan nou kwè li la e se li ki sous lavi nou. Pafwa nou
konn jwenn difikilte nan lavi a, gen moman ki si tèlman difisil, nou konn rive
panse Bondye lage no. Non, Bondye pa janm lage pitit li, li toujou la pou nou. Nan
lavi a nou konn fè fas ak anpil pwoblèm, se nan moman sa yo lafwa nou vin pi
solid. Si lafwa yon moun pa janm pase nan dife eprèv, ebyen moun nan p’ap janm
konnen si tout bon vre li gen lafwa. Nan premye lekti a Pyè fè konparezon, kote
li pale nou de lò ak dife ; lafwa nou se lò, eprèv yo se dife a. Nan
levanjil la Jezi mete you jèn gason nan kontèks konparezon sa a. Jèn gason an
te vle swiv li, misye te san repwoch, men lè Granmèt la mande l’ vann tout sa l’
genyen bay pòv yo lajan an, epi swiv li, misye rekile. Ti jèn jan sa a pa t’
pre pou l’ te fè pa sa a, se kòm si Jezi t’ap mande l’ monte sou sou yon mòn
epi lage kòl anba nan vid la. Lafwa l’ pa t’ase solid pou l’ te fè sa Jezi te
mande l’ la.
LAPRIYÈ : Granmèt m’ap mande w’ yon lafwa ki fèm, m’ap mande w’ ban
m’ fòs nan moman eprèv yo, nan difikilte yo ede lafwam vin pi dyanm. Amèn
PWOPOZISYON : Ak kisa pou mwen divòse jodi a, pou mwen kapab
swiv Jezi ? Kisa ki anpeche mwen mache dèyè Granmèt la ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario